Ap rive on lè, Si-w pa genyen JADEN, ou pap ka manje!
Sè jou si, manje vini telman chè, sa fè yon nèg anvi retounen sou ti demi kawo tè papa-w te kite andeyò-a pou al plante kèk bagay ladan li... Menm Ozetazini y'ap ankouraje Ameriken pou fè ti jaden, plante ti tomat devan lakay yo...
Bannan miske, pwa je nwa, mayi vet, Pwodui jaden Haiti
Mwen wè anpil moun Haiti ap itilise yon sistèm pou fè ti jaden nan lakou lakay yo... Yo itilize kawotchou pou plante zepina, tomat, epis, etc...
W-a sezi le-w realize valè ekomoni ou t-ap fè
Mwen gen yon kouzenm ki rakonte kantite manje li manje nan yon ti jaden kawotchou sa yo... li di-m mwen pap kwè sa!
Ou abite Haiti? Ou fè sa tou?
Kisa-w panse?
kite yon mesaj
Tags: Dining in Haiti, Gardening in Haiti, Haitian Newsletter Articles, Food
You might also like
- Born in The Bahamas, DEPORTED to Haiti - A True Story
- Haitien Sen Domeng ap plenyen, anpil ap pedi travay yo
- Poukisa yon Ayisyen al SENDOMENG? - Tout moun kap vini RD dwe li mesaj sa a anvan yo vini
All Comments (1)
E byen, tan a vreman pral rive, depi ou we sa konen se yon grangou global entenasyonal, ki komanse menase, paske anpil moun ak oganizasyon lokal komanse we sa e ap mobilize yo, pou fe fas ak sitiyasyon sa'a. premye pwoblem nan se koze manje manipile nan laboratwa ki rele GMO'a oswa OJM ki vle di Oganism Jenetikman Manipile, ke le ou simen plante grenn nan, li pap leve, se manje selman ou ka manje'l. Fok ou achte plan'an anko, apre sa pou'w plante'l, a chak fwa. GMO sa bay maladi Kanse.
Hot Haiti Topics
Haiti Photo Stories
New Haiti Topics
Recently Updated Content
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)
» »