E byen, tan a vreman pral rive, depi ou we sa konen se yon...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 11095

E byen, tan a vreman pral rive, depi ou we sa konen se yon grangou global entenasyonal, ki komanse menase, paske anpil moun ak oganizasyon lokal komanse we sa e ap mobilize yo, pou fe fas ak sitiyasyon sa'a. premye pwoblem nan se koze manje manipile nan laboratwa ki rele GMO'a oswa OJM ki vle di Oganism Jenetikman Manipile, ke le ou simen plante grenn nan, li pap leve, se manje selman ou ka manje'l. Fok ou achte plan'an anko, apre sa pou'w plante'l, a chak fwa. GMO sa bay maladi Kanse.

Deziem bagay se ke Dokiman ofisyel Gouvennman Ozetazini demontre ke te D'ayiti rich ak petwol tout kote, ki fe blan ap jete yo sou nou, ap achte tou teren nou ki genyen, bagay sila se yon male pandye sou l'agrikilti ak l'anvironnman.

Twazyemman Mobilizasyon Prodiksyon lokal pou'l fet fok nou veyatif nan zafe spesimenn plant nou yo pou nou pwoteje paske gen pwogram ki ka vise envazyon lot gem plant ki ka elimine bon kalite plan nou genyen yo.

Ouvri Je Nou, October 28 2013, 1:03 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Ap rive on le, Si-w pa genyen JADEN, ou pap ka manje!

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

E byen, tan a vreman pral rive, depi ou we sa konen se yon grangou global entenasyonal, ki komanse menase, paske anpil moun ak oganizasyon lokal... read more >
Ouvri Je Nou, 28-Oct-13 1:03 am

 

< Previous | Home | Next >