mesye dam lasosyete m salye nou!

< Previous | Home | Next >

Bonjou
Mwen se yon ayisyen parey nou ki fet nan kapital peyi ya ..men ki al grandi nan mitan "okap"..

m leve avek sake yo rele yon pasyon pou peyi dayiti se saki fe, chak tan mal tonbe sou yon sit ayisyen m kontan...men se pou la premye fwa map vinn Bo isit la..rezon ki pousem a poste bagay sila a se paske m we ke selon jan youn nan nou ekri
" haitian connection" mwen panse ki te on sit instriktif pou jen moun ak granmoun te kap aprann yon bagay serye de peyi nou...

tounen yon boit fatra kote ke tout moun ki pa gen anyen pou yo fe al ekri tenten..m pa vle fwasse peson.menm trouve ke fok moderate ya ta manye frape pyel ate.pou rezon ke plis pase vin mil moun sou yon sit..jis paske on paket ti aryen a afe ap ekri malpropte fe ke moun serye pa gen lanvi patisipe..nou gen trop problem ak peyi nou an..se nan ti bagay sila yo poun koumanse ranje mach nou anvan nal goumen pou pi gro..si la a, antre nou, nan peyi blan an nou paka fe yon bagay serye ki bo nou pral fel?...alos se te sa ki te nan lesprim ki tap boulvesem..

m swete nou tout ki la yon bon kouraj e ke tout sa nap entreprann ke se bagay pesonel ou bagay pou komite ya ke nou fel ak yon lespri pozitif...

DyDyne.L.

REPLY   Next >

 

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >