Mwen pa ta swété Ayiti al nan ouvè konpayi faktori diri plastik, espageti plastik, vyann plastik

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 20330

Bonjou tout zanmim yo, bonjou tout énmim yo!

Nou mèt pa tandém pou lontan pafwa, sé paském yon ti jan konfortab ak Jovenel Moise, dabo li gen métyé valab nan men li, sil drivé pèp Ayisyen an nan farine, sé zafè ki gadél ak Jézi ak Satan ak tout mové zanj yo;

mwen jis té bézwen byen métrizé Moise Jean Charles ak Lavalas sou zafè fè maniféstasyon prèské chak jou a; pati Lavalas la pa anyen menm

Si mwenmenm ak opozisyon an té bon konsa, sé yon nan noumenm bonDyé nan syèl la ta mété sou pouvwa a pou ranjé péyi Dayiti.

Tout moun ki pasé sou pouvwa a an Ayiti, kèlkéswa nan post yalé a, sé paské bonDyé wè sé sa nou mérité; sé pasé bonDyé wè ké sé yo ki kalifyé pou fè travay la.

Mwen jis ta swété pou gran mèt la édé prézidan Jovel pou ini ak tout chèf gang yo ak lapolis ak tout opozisyon an pou yo ranjé péyia; épi pou mété fren sou tout volo ladwan yo, volo tè yo, gang yo.

Épi sak fè nou pa tandém sovan sou rézo a: mwen pa konn li Anglè ak Fransè; mwen pa konnen ékri ak palé Anglè ak Fransè, mwen bay opinyonm lèm konpran.

Banm réyaji sou zafè diri a:

Mwen pa ta swété Ayiti al nan ouvè konpayi faktori diri plastik, éspagéti plastik, vyann plastik, zé plastik ak lot vyé fo manjé plastik pou fini ak ti rès pèp la, pou fini avèk nou ak vyé maladi koléstéwol, maladi rein, maladi tansyon, maladi dyabèt etc..

Patrick Princivil, April 13 2018, 1:17 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Agriculture - There is money to be made growing rice, some entrepreneurs say

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Bonjou tout zanmim yo, bonjou tout enmim yo! Nou met pa tandem pou lontan pafwa, se paskem yon ti jan konfortab ak Jovenel Moise, dabo li gen metye... read more >
Patrick Princivil, 13-Apr-18 1:17 pm
I really love the idea can you please let me know where I should start. read more >
Natacha Paul, 20-May-18 12:12 pm

 

< Previous | Home | Next >