Lide nou yo an Haiti fe chwa depi 1980,yo touye cochon noir...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 6005

Lide nou yo an Haiti fe chwa depi 1980,yo touye cochon noir pep la ki te bank li epi resous economic li, ki tap bal dwa pou reponn avec ninpot problem demen.Apre zak sa mounn ki te chef bagay sa ki te Jacques E. Alexis vinn nan tet peyi pou yon long tan ki pa menm eseye cheche yon ti mwayen pou ta ede pep sa jwen resous economic sa anko pou demen miyo l.Li vinn premie Minis peyi ya, li pat panse pou bati lopital nan provins yo pou le pep la malad ni di yo ki sa pou yo fe le gen desas nan peyi ya kouman pou younn ede lot.Mwen panse fok lide sa yo an Haiti ta retounen lekol pou apran matie kouman mounn viv nan sosiete .Cominote intenasyonal ta dwe ede yo nan sans sa.Bati yon lekol an Haiti pou yo selman sa ki di yo se lide politik epi sa ki gen intansyon vinn lide pou yo ka apran sa ki rele resous humin nan yon Peyi.Tout sa ou we kap fet nan tout Peyi nan le mond ou we yo rele desas ou catastrof naturel jan yo bal non wan, se bagay ki pou fome nou, pou fe pitit nou ka apran depase epi pou nou ka genyen yon demen pibon.Gen lwa a swiv pou bagay sa yo, fok tout mounn fe efo pou reconet gen yen yon Gran Mounn ki te panse pou creye tout bagay sou te sa nap viv la.Li fe lwa pou tout bagay ou we sou te sa. Limete nou sou te sa pou apran menm jan avek li e Li di nou tout sa nou ka fe e sa nou pa ka fe, gen kek pami nou ki deside pou di nou pap tande L epi Nap fe prop zafe pa nou epi nou pap pran konsey nan menm pies mounn.nou vinn lide nou deside epi nou fe lwa pou tet nou san gade lwa pal yo pou rechte mounn sa yo Li mete pou viv ansanm avek nou yo sou te sa, yon group gen bon lopital, lot group la pa genyen anyen menm, sa di ou li rich li maltrete sa ki pov la, li di plas ou pa la al yon lot kote.Men yo Pat janm konin Gran Mounn sa ki te creye tout bagay sa yo te di le jou ke nou fe sa ki contre avek sa ke Mwen di yo tout sa nou we la yo gen pou vini.Neg sa yo ki nan pouvoi map di nou fe tout sa nou kapab pou ede mounn sa yo nou we kap soufri kounie ya paske mounn sa yo nou we nou mete nan povrete ya se yo kap vinn anfos yon le pou ede neg ki di yo rich yo, sa ap fet sou direcsyon Gran Mounn sa yo refuse reconet la.Sa nou we la se yo menm ki peye pou neg kite mal panse pou yon peyi le yo te nan pouvoi, yo tap ramase pou tet yo avec fanmi yo pou vinn rich pep la vinn peye pou sa epi yo pa konnen si pep la te gen yon Mounn ki deye kap vinn bal justis

Sergo Jean, October 22 2010, 5:39 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Drouin Haiti - 27 Confirmed Dead and 300 Hospitalized

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Jesus nou pa kapab anko! Di yon mo pou nou Seigneur! read more >
Damebochie, 21-Oct-10 6:03 pm
AFP Reports that 18 people are confirmed dead in the town of Verette Haiti in the past couple of days from the Cholera outbreak. read more >
Haiti News, 21-Oct-10 7:02 pm
Is there any Haitian scientist to find out what cause the contamination.Beware of our neighboor or may be someone is trying to distract the people... read more >
Max Mills, 21-Oct-10 7:16 pm
Lide nou yo an Haiti fe chwa depi 1980,yo touye cochon noir pep la ki te bank li epi resous economic li,ki tap bal dwa pou reponn avec ninpot... read more >
Sergo Jean, 22-Oct-10 5:39 am

 

< Previous | Home | Next >