5 rezon ki koz yon moun ka gen maladi pyè nan Ren

< Previous | Home | Next >

Men 5 rezon ki koz yon moun ka gen maladi pyè nan Ren.

1 - Lè ou gen twalèt epi w ap kenbe l, lè ou kenbe pipi trò lontan.

2 - Lè ou manje twòp Sèl. Pa manje plis ke 6 gram Sèl pa jou.Twòp magi kapab ba w maladi sa. Evite twòp Sèl ak Magi.

3 - Lè ou manje twòp Vyann, Vyann gen anpil pwoteyin ki pa bon pou ren ou. Dijesyon pwoteyin lan pra l vin Amonyak.

Amonyak la ka detwi ren ou.

Manje mwens Vyann depi ou komanse gen maladi pyè nan Ren

4 - Lè ou bwè anpil Kafe, Kafe ap monte tansyon Ateryel ou epi ren ou ap kòmanse atake.

Si ou gen maladi pyè nan ren deja. Pa bwè kafe

5 - Lè ou pa bwè dlo souvan.

Ren an dwe byen idrate pou li fè travay li. Lè ou manke bwè dlo. Toksin yo pral komanse ale nan sang ou paske li pa gen dlo pou li koule nan ren ou. Bwè anpil dlo sitou nan moman chalè.

Gen yon fason ou ka wè si kò ou bezwen dlo. Lè ou pipi. Si l wouj. Bwè dlo. Sil blan. Ou nòmal.

Maladi pyè nan ren bay anpil problèm. Pataje mesaj sa pou w sove yon moun.

Haiti Sante, August 20 2018, 6:03 AM

REPLY   Next >

 

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >