Mézanmi! Sou gouvernman François Duvalier a. Mwen sonjém...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17531

Mézanmi!

Sou gouvernman François Duvalier a. Mwen sonjém té al nan yon makèt kay Dimon nan Pétion - ville, Ayiti: mwen bayo chanjé $20 dola US poumwen, yo té jis banmwen $21 dola Ayisyen.

Ex-prézidan Michel Martelly té diskité sou tout bagay sa yo déja ak pèp Ayisyen, an. Prézidan Jovel Moise sété ak menm zouti sa yo ké li té mennen kanpay li pou jistan li monté prézidan Dayiti; énèji solèy la, dlo a, kouran, traktè, plan pou bay manjé ect.

Tout moun ka wè klè ké sé nan yon kriz mondyal nou yé.

Lèm té rantré o Canada an 1990; pou nou té voyé $100 Amériken an Ayiti: fò nou té dwé genyen $128 Canadien, oswa $130 dola Candien poun té genyen $100 dola Amériken.

Kounyé a, poun voyé $100 dola Amériken an Ayiti, fò nou dwé genyen $160 dola Canadien poun genyen $100 Amériken.

ti péyi yo pran plis brimad, soutou Ayiti, paské sé yon péyi kap maché ak yon fòskoté dépi an 1804, rivé jiskan 2017 la; sé toujou ak prèské menm bagay sa yo map kontinyé parèt sou gouvernman Jovenel Moise la.

1.) Sé mété tax sou pèp Ayisyen an kòrèkteman pou péyi Dayiti avansé.

2.) Zafè gaspiyay kouran, pou menm moun ki genyen mwayen nan péyi Dayiti ap itilizé kouran sou do léta, épi yo pa péyé kouran, sé pou dézòd sa yo fini.
3.) zafè la dwan: sa pa déranjé anyen si gouvernman Ayisyen an mété gwo tax sou nou san yo pagen ti visyé ak soufrisken nan dwan yo kap vòlè zafè nou.
4.) Gadé kòman Hilari Clinton ak Bill Clinton té gagoté réjim tèt kalé a! Gadé kòman pati opozisyon an sot pasé 4an ap gagoté réjim tèt kalé a an 2017!
Sé pa $2 milyon dola Amériken ki té gaspiyé nan gaz lakimojèn, wout koupé nan boulé kaochou, yo vòlè, yo krazé, yo brizé, yo mété difé.

Men sak démoli dola Ayisyen an.

Zafè téren ki pou fè jaden yo: sé tèt chajé.

Yon vrèman yon gouvernman ki kanpé sou yon bagay séryé ta dwé pansé fè wout ak traktè pou rantré sou téren yo pou moun planté.

dépi lapli fè yon ti farinen an Ayiti: menm bourik paka rantré nan wout jaden yo.

Rayi chyen an, di danl blan: mwen paka kritiké réjim tèt kalé a; si sé pat pati lavalas, Moise Jean Charles, Volsy ki té paralizé péyi a konsa, nou tap gen yon péyi pi rézonab ké jan Michel Martelly té kitél la. Malgré tout lajan Hilary Clinton ak Bill Clinton vòlè yo, péyi pa tap mal konsa si sé pat vyé pati opozisyon an ki té kréyé tout panik sa yo.

Krédi mwen pa bay réjim tèt kalé a: Kou gouvernman Amériken, Canada, laFrance lévé kanpé pou yo transfòmé péyi Dayiti an Sodom, yo tou paré pou yo livré pèp Ayisyen an nan masisi ak madivinèz pou yo mété lajan nan pòche yo. Gadé vyé deal yo fè ak Bill Clinto ak Hillary Clinton pou sousé san pèp Ayisyen an?

Mwen pa kwè vyé bagay sa yo ap kontinyé nan péyi a ankò.

Dènyé kou ki pou tiyé koukou a:

Mwen paka antré an Ayiti mal planté gwo kagézon mayi ak pwa, épi lè rékòt la paré, épi pou sé moun map péyé pou poté yo sou tèt yo al nan dépo. Anpil nan nèg kap poté yo a sèlman tap vòlè pifò ladan yo.

Si yo pa ranjé pwoblèm sa yo, moun fèk karé ap plenyen.

Si ti Indien ka kanpé pou yap di noumenm pèp nwa yo, nou pa anyen, nou sé enbésil, mwen oblijé fèmen bouche.

Ayiti té gendwa fèb nan téknoloji, men pa nan pwodiksyon manjé.

Antouka sé pa répwòche map fè léta Ayisyen; sistèm CEP VODOU A, SEKTÈ LOUGAWOU A: SÉKTÈ MASONLÃ'J LA; SÉKTÈ BIZANGO A; SÉKTÈ CHANPWÈL LA; SÉKTÈ RAT PA KAKA A PA MACHÉ POU AYITI: SÉ RÉMÈT SATAN AK MOVÉ ZANJ YO MALPWÃ'TÉ YO ÉPI RÉPANTI.

MWEN BÉZWEN FÈ KAT ÉLÉKTORAL MWEN POU MAL NAN ÉLÉKSYON: TI BAGAY POUM TA APLIKÉ POULI SOU INTERNET ÉPI POU YO TA POSTÉL BANMWEN KOTÉ MAP VIV CANADA A; BAGAY SA A GENLÈ PA MENM ÉKZISTÉ ( NO SEARCH THING).

AYITI SA A PA TAP YON PÉYI.

MWEN TAP GADÉ YON VIDÉYO DOMINIKEN: KOTÉ PRÉZIDAN DOMINIKEN AN DI KÉL TÉ RANTRÉ AL VIZITÉ AYITI, POU JANL WÈ ÉTA AYITI, LI TÉ KRIYÉ.

SI SAKRIFIS DYAB LA PA MACHÉ POU GOUVERNMAN AYISYEN AN, POUKISA YO PA RÉPANTI?

Patrick Princivil, February 10 2017, 11:14 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Haitian MONEY Talk - Increase the value of the GOURDE, Its immediate impact on the Haitian economy

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mezanmi! Sou gouvernman Francois Duvalier a. Mwen sonjem te al nan yon maket kay Dimon nan Petion - ville, Ayiti: mwen bayo chanje $20 dola US... read more >
Patrick Princivil, 10-Feb-17 11:14 am
de 1804 a 1915 nou te konn ekspote yon paket bagay ak you paket lot peyi tout po nou yo te ouve e yo tap byen travay nou te desantralize. apre 1934... read more >
Simpson St Fort, 10-Feb-17 3:23 pm
gourd nou an perdi VALE li paske nou produi mwens nou achte plus nan payi etrange read more >
Jocelyne, 12-Feb-17 4:48 pm

 

< Previous | Home | Next >