De 1804 a 1915 nou te konn ekspote yon paket bagay ak you...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17533

de 1804 a 1915 nou te konn ekspote yon paket bagay ak you paket lot peyi tout po nou yo te ouve e yo tap byen travay nou te desantralize.

apre 1934 konstitisyon nou an vin chanje palman nou te genyen an detwi ak kout zam anpil nan po nou yo vin femen tout bagay vin santralize e depi le saa nap degringole
Ayiti se pa yon labouyi cho sispann bwel sou kote pale verite e adrese pwoblem kap detwi peyi a e pep la. Siw vle pou lot moun respektew fok ou respekte tet ou. sou saa ou konsantrew se li kap grandi pa shita ap akize sanpwel mason loj vodou manifestasyon lavalas lider politik prezidan ki monte Selman pou 5 ans legiz e latriye le nap lonje dwet sou youn lot e divize tet nou vakabon ap toujou kontinye ap banbile epi ba nou kaka poul pou jon ze. komanse refleshi e poze tet nou kessyion dat nap fe bagay sa yo nou pa janm abouti a anyen.

met tet nou ansanm e poze kesyion ki valab epi bagay yo ap komanse chanje.

Ou di ke Bill Clinton ak madanm li te pran kob le mond te bay Ayiti apre tranbleman de te ya. "Sot ki bay enbesil ki pa pran" Kalite Aysyen konsekan ke nou genyen poukisa se yon etranje ke yap bay kob pou vin ranje Ayiti.

nenpot lot peyi ki gen nen nan figi yo se gouvenmam peyiya yo adrese le yap bal don. map diw ke kabrit gade je met kay anvanl rantre nan jadinl "
yo patap ka penmet yo fe sa kiba"
se paske nou se you ban sindenden ki we posh nou Selman ki pa renmen ni peyi nou ni pep nou an ki fe yap pase papye ijenik nan figi nou tout tan.
Si nou pa komanse mete tet nou ansanm chache yon lider kap goumen pa Selman pou you sel ti group moun men pou tout pep la...

Aiti pap janm tounen "La perle des Antilles" Pa bliye ke bagay la diw "VOX POPULI VOX DEI" lA VOIE DU PEUPLE C'EST LA VOIE DE DIEU. Lew gen yon java nan pyew pa chita ap mete ti bandaj sou li se pou wou kochel mete bon fil arenyen ak bon konpress sou li pou li ka geri

Simpson St Fort, February 10 2017, 3:23 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haitian MONEY Talk - Increase the value of the GOURDE, Its immediate impact on the Haitian economy

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mezanmi! Sou gouvernman Francois Duvalier a. Mwen sonjem te al nan yon maket kay Dimon nan Petion - ville, Ayiti: mwen bayo chanje $20 dola US... read more >
Patrick Princivil, 10-Feb-17 11:14 am
de 1804 a 1915 nou te konn ekspote yon paket bagay ak you paket lot peyi tout po nou yo te ouve e yo tap byen travay nou te desantralize. apre 1934... read more >
Simpson St Fort, 10-Feb-17 3:23 pm
gourd nou an perdi VALE li paske nou produi mwens nou achte plus nan payi etrange read more >
Jocelyne, 12-Feb-17 4:48 pm

 

< Previous | Home | Next >