Banm tiyé 2 zwazo ak yon sèl ròche! 1.) gen yon...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17202

Banm tiyé 2 zwazo ak yon sèl ròche!

1.) gen yon atik ki di: èské biznisman ka mété fanmi nan biznis yo?

Men nan aktik la yo pat mété zanmi ladan, sé mwen ki ajoutél.

Répons lan sé non!

paské lè nou baré yo ap vòlè zafè nou, nap gen twòp pityé poun fout yo nan prizon.

Lè nou fout yo déyò nan travay la, yo pwal rayi nou, yo ka fè tout vyé konplo pou detwi lavi nou, oswa voyé mété difé nan biznis nou.

Pa kont: malgré gen pi piti ké 1% moun nan légliz yo kap priyé bonDyé san ipokrizi, si nou ta rési jwen nan krétyen sa yo nou ka fouré yo nan biznis nou.

Pa bliyé sa!

Men sak pi pousé yo malonèt é méchan:

soutou pou gason yo: yap fimen dwòg, yap aspiré dwòg, lè yo pagen kòb pou yal pran dwòg la, gen ladan yo kap fè tout sak pa sa. Ékzanp: yo aspiré siman kòdonyé, tinè; lèm pat gen Jézi épim té kon pran dwòg: zanmi té konnen antréném nan pran vyé médikaman nan famasi pou dwòg, tèlké: noktadyòl, gen yon lòt ankò mwen bliyé non li. Nèg nan jwé bòlèt, nèg nan gagè, bat kòk, alimèt pou yo acheté, fimen sigarèt, krak, kokayïn, éroyïn, mayigwana; nèg plen fanm pou yo okipé, nèg plen pitit nan tout rak bwa yo. Nèg bwè tafya, banm sité yo: kléren nèlson, kléren madan willy, ginès, byè, wiski, rhum barbankou etc. yo nan maché ka ougan, oswa manbo, yo gen dyab yo pou yo bay manjé.

Dépi sé jan dé moun sa yo ké nou mété nan biznis nou, nou mélé.

Sé sak fè vòlè ak rakétè nan douane Ayiti yo fini ak nou-menm dyaspora yo konsa.

Kòm méchan yo pa vlé wè nou-menm krétyen ki dwat yo: ébyen si nap chaché bon moun poun mété nan biznis nou, chazi krétyen légliz, pa bliyé sa:
sèlman krétyen nou asiré kap lité pou sové nanm yo, kòm map fè a.

2.) Menm fèk sot li yon lòt atik ki di:

an Ayiti sé bri dèlko sèlman nap tandé sèlman! Épi atik la di: èské konpayi ésans yo ap bay EDH chans?

Répons lan sé pa ni konpayi dèlko a; ni konpayi ésans yo poun blamé, sé yon biznis yap fè.

Sé EDH kap fè dézòd la: nan tout ti kwen Ayiti prèské tout moun ak gòl yo men longè yap kolé pran priz kouran, pagen léta: sé pran ti kòb anba tab fèmen zyé yo, pandan sa a: moun ap soudé sou kouran an: sa pa di yo anyen; télévizyon moun ap soté: sa pa di yo anyen; frijidè moun ap soté: sa pa di yo anyen; frizè moun ap soté: sa pa di yo anyen; nou acheté téléfòn entélijan nou (andiod), nou mété yo chajé sou kouran léta Ayisyen bay la: dabò nou paka chajé yo la jounen paské nèg ap soté yo nan soudé zafè yo sou kouran an, sé lè swa poun konékté yo sou vyé kouran an; si nou ta lévé le maten épi nou bliyé téléfòn sa yo nan chaj anviwon 7 maten, nou riské pèdi téléfòn sa yo paské koko-rat yo ap soté yo nan soudé.

Sak fè yo pa vini fè sa o Canada?

Touyém rachém: banm dèlko ak ésans; menm ké nou sèvi ak énèji solèy la, épi nou mété pano solèy lakay nou poun fonksyoné: ti koko-rat ap vòlè yo. Prèské nou tout dyaspora: nal invésti lanjan nou nan péyi a, dépi an lagan nou pèdi a koz de tout dézòd sa yo.

Sispan voté pou koko-rat.

Patrick Princivil, July 8 2016, 8:45 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Generatrice - Bagay sa yo BOULE plis gaz nan peyi a ke machine

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Banm tiye 2 zwazo ak yon sel roche! 1.) gen yon atik ki di: eske biznisman ka mete fanmi nan biznis yo? Men nan aktik la yo pat mete zanmi ladan, se... read more >
Patrick Princivil, 8-Jul-16 8:45 am

 

< Previous | Home | Next >