Sak pasé kounyé a? Mizisyen yo, atis yo ak fanatik...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 14582

Sak pasé kounyé a?

Mizisyen yo, atis yo ak fanatik malade yo fini ak kanaval la byen wont ané sa a, mwen palé nou nou pa vlé tandé sé tèt bourik nou genyen, mwen té di si nouvo gouvènman Haitien an fè kanaval an Haiti sa yo pran sé pa yo malè rivé yo, sé ti ponyen moun sa a ki mouri, sa sé poko anyen sa sé charge la trokèt la dèyè.

Satan ak mové zanj yo kanpé byen mové ak grif yo déyo pou ravajé moun ki fèb yo Jézi rélé yo yo pa vlé vini sa yo pran sé pa yo.

Mwen konnen genyen anpil Haitien ak lot nation ki nayive ki pa vrè konpran nan ki guè kosmik ké nou yé la a soutou nan pitit diaspora yo, banm banou règle yo menm sim pat malfèktè byen kém pap janm malfèktè anko au nom de Jésus.

Gen yon pakèt fo profèt Haitien an Haiti e yo menm nan anpil lot péyi étranjé, tout kwen kay yo plen trou pou bèt abité ladan yo, sa vlé di sourit, rat milpat, eskopion ak foumi etc. dépi yo wè youn ladan yo pou yo sé dyab; yap maché mangé nan tout bwat fatra, yap maché mangé tenten ak bwè tenten nan men ougan ak manbo kou yo pran yon ti grip ou vant fè mal ou mal tèt etc. yo di sé dyab kap fè yo, yo mangé trop sèl pied yo anflé yo di sé kout poude yo simen devan pot yo yo pran nan poudre, gen moun ki di sé supètisyon, yo pa kon nan kisa pou yo kwè.

Noumenm krétyen piga nou troublé, mwen konnen gen anpil dyaspora kap tounen lakay nou pa pè malfèktè yo yo pa anyen, e nan bidon-ville yo nap tandé vyé radot sa yo plis, rétiré ko nou nan nan mitan yo, lévé cloti nou pa kité pitit nou al jwé ak vyé malfèktè, soutou nan légliz yo véyé yo lè mayigwen ap volé nou pakon sak mal sak fémèl sé priyé véyé yo patou, nou konnen trè byen lougarou kapab ap viv nan kay avèk nou e nou pa menm konnen sé priyé véyé.

Fè atansyon ak sèvant yo ak jéran yo, mwen kon tandé koté yap lwanjé di ké yo kon kraché nan manjé ak jus patron yo, à létranjé sé nou ki fè afè nou poukont nou, avan nou pran yon moun mét lakay nou fo nou fè anpil priyè ak jèn e mandé bonDyé poul guidé nou paské moun yo trè méchan.

Té gen yon malfèktè ki té rantré nan léglize lal témoigné, men sal té di:
li di kél tal pran yon pwen nan men dyab, dyab la té dil fo li té ka bay Satan le dyab 50 tèt moun pa jour, misyé té komansé tris paskél tap kasé tèt li poul té kon koté li ta pwal jwen 50 tèt moun poul fè dyab mangé e byen Satan té dil chak jou pasé nan diférant katyé, ville, province fè fèt lè fèt la fin ranpli ak moun antré nan tanp dyab la fe sa poul té fè, di sa poul té di épi di dyab la chazi, kotéw tandé a moun fin mangé byen bwè épi dyab la chawzi; pou pa mouri si bonDyé gen yon plan pou ou.

Sé menm jan an pou kanaval ak tout lot plézi la chè sé pa yon késyon de supètisyon nan sa nou pi renmen an sé ladan nou ka mouri.

Nèg yo ap profondé nan dyab dépi yo di Satan chwazi sé tout sak pi fèb yo kap tonbé, si moun yo pa pè bay manman yo, papa yo, pitit, frè yo, soeur yo, tèt yo dyab pou lajan sa yo pap fè?

Soutou moun yo plen madichon ak plichon: masonloj, lougarou, zobop, sanpwèl, (witchcraft) etc. ap limen balène ak bouji nan bouda menm noumenm kap sèvi bonDyé pou malè rivé nou, pou malfèktè ak malfèktè sé pi rède.

Patrick Princivil, February 21 2015, 9:30 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Thousands Attend National Funeral for Kanaval Victims at Champs-de-Mars

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Sak pase kounye a? Mizisyen yo, atis yo ak fanatik malade yo fini ak kanaval la byen wont ane sa a, mwen pale nou nou pa vle tande se tet bourik nou... read more >
Patrick Princivil, 21-Feb-15 9:30 pm
Well done I applaud the government. May all of the deads Rest In Peace read more >
E Vincent, 22-Feb-15 4:19 pm

 

< Previous | Home | Next >