An prinsip sa réprézanté yon malédiksyon...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 13309

An prinsip sa réprézanté yon malédiksyon deavan zyé les hommes, sé sèl Bondyé ki kon-n pou ki rézon vi mou-n sa yo ap dévlopé konsa.

Lè nap gadé Jésus-Chist ki té sacrifyé vi li ki té oblijé a-l pasé nan vant Marie, lè pou Marie té bali nésans li Bondyé le père té oblijé fè Marie kité pròp kay yo tap viv la pou Roi Cézar August pat touyé -l jiska sé ké Jézi té al parèt nan monde lan nan yon pak bèt a koze inyorans les hommes li té fèt nan yon koté ki pat sofistiké.

Si fanmi sa a pa nan ougan, shanpwèl ak tout lòt rézo lougarou, vòlè etc. si fanmi sa a pa nan jwé bòlèt, bwè tafya.

Si fanmi sa a ta gen yon bon légliz ki pré yo pou yo adoré Bondyé e si yo péyé dime ak ofrande yo jan Bondyé di-l la (Malachi 3:10), Bondyé papa nou ki nan syèl la ap béni yo, yo pap nan vyé éta déplorab sa a, pafwa Bondyé kenbé l'homme nan pòvrété pou-l ka sové yo, e pafwa Bondyé kaché yo pou malfèktè pa manjé yo.

Ma tante mwen tap di mwen ké té gin yon jou léta Haïsyen té lévé yon jou e yo té fè yon tab ronde sou zafè pòv nan port au prince, yo té di ké payi d'Haiti gen tròp pòv kap monté désan nan la rue port au prince, dènyé solisyon yo té pran yo té di ké yo pat gen manjé pou ba yo: sé té maché ranmasé yo al touyé yo, mou-n toujou di ké ya-l jété yo titanyen, puiké gen règ manjé mou-n alò sé yo men'm ak Bondyé ki nan syèl la ki kon-nen sa yo fè avek yo.

Gran payi yo sa yo di!

Sélon récherche ké mwen fè sou YouTube: mwen té alé sou Google e mwen té tapé: US have plan to depopulate the world YouTube, mwen té jwen anpil rézilta ki prèské abouti ak men'm bagay léta Haïsyen té fè a.

Sé pou sa sa fèm mal anpil lè mwen wè yon lidè Haïsyen monté Prézidan an Haïti pou lap bay bèl diskou, sou prétext ké yap di: frèm ak sèm yo! Épi difé nan bouda mou-n; pè Lébrin nan bouda pèp Haïsyen etc.

An nou pozé tèt nou yon késyon?

Si sé té Jesus-Christ èské-l tap fè bagay sa yo?

Map fè tout moyen posib mwen pou-m pa chouté boulèt sou mou-n ankò sé pou sa ki fè ké tout mésaj négatif mwen té lansé kont gouvernement an sou YouTube sou nom tiprincivil ou Patrick Princivil, mwen éfasé tout. Paské mwen asiré-m ké gouvernement lakay ap travay di pou chanjé payi d'Haiti, mwen kwè nan Bondyé e mwen kwè ké gouvernement sa a ap vi-n ak pi bon solution ké payi d'Haiti bézwen e mwen kwè ké chèf police Haïsyen an ap travay di ak lòt police Haïsyen pou mété lòd an Haïti, nèg mèt volé, nèg mèt ponpé sé pou gouvernement Haïsyen an ralé tout Diaspora yo nan Palais Nationale d'Haiti ak tout post police pou rétiré tout ti police ak Sénatè, député pouri sa yo nan biznis léta.

Sak pa kontan sé anbaké, Prézidan machan dròg, pè Lébrin ak machan mou-n pap ka genyen batay sa a.

Yo té kon bay mou-n pè Lébrin, men kijan nèg ap kontinyé viktim nan fè maniféstasyon! Lè yo fè dézòd Munistah ap manyen man-m yo, gaz lakimojèn nan bouda yo, bal nan bouda yo, e si yo bézwen mari Munistah ap fout gròs yo, pèp dézòd sa a sé konsa pou gouvernement lakay fixé biznis yo.

Konsey mwen bay 6 Sénatè sa yo, sé rémèt démisyon yo san bri san kont vrè rézilta a: Prézidan Martelly ak Lamothe ak L'armé d'Haiti, Munistah sèl còk chanté nan bouda vaut rien yo.

Viv Prézidan Martelly ou Lamothe nan bouda yo, si yo fè dézòd baton nan bouda yo.

Viv gouvernement lakay avi.

Ti mari pap monté ti mari pap désan.

Ké Bondyé béni nou

Patrick Princivil, August 28 2014, 1:54 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Eske Politicien Haitien yo ap panse pou moun sa yo?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mezanmi le lapli vini konman yo fe Jesus read more >
Mimine, 28-Aug-14 1:36 pm
An prinsip sa reprezante yon malediksyon deavan zye les hommes, se sel Bondye ki kon-n pou ki rezon vi mou-n sa yo ap devlope konsa. Le nap gade... read more >
Patrick Princivil, 28-Aug-14 1:54 pm

 

< Previous | Home | Next >