Mézanmi an nou fè yon ti palé sous zafè sa...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 12563

Mézanmi an nou fè yon ti palé sous zafè sa a mèm-si'm pa kon'n Sen Domeng byen,

mwen pa wè pouki sa yo pa mété police Dominicain yo tou paské sé min'm ti bagay ti vicié yo, min'm ti bagay méskin yo, pa bliyé gin anpil Haïtien Sen Domeng! Haitien yo corrompu Dominicain yo, pétèt sé ka byen pou yon rézon politik ki fè yo pa mété Sen Domeng tou. Min gin yon gro diférans entre police Sen Domeng ak police Haitien.

Sen Domeng pi avansé ké Haïti et mwen pa kwè ké gouvernement Dominicain payé police yo ti kras mon-nin léta Haitien té kon'n péyé chèf Haitien yo, pou police té kon
fè 4 mois san touché bagay yo té vrèman déplorab, si yo ranjé gloire à Dieu.

Mwen pap kaché di nou sa, police Haïtien yo pi corrompu pasé police Dominicain yo; sé tout payi d'Haïti ki an dézòd, kòman nou konpran sa?

Min'm mou'n ki gin l'argent en Haïti ap pofité sikonstans, gin yon séri de mou'n an Haïti ki l'agent ki témoigner ké yo gin gro kamion yo en Haïti ki ap kondi machine pou plis ké 2 ans san liscense et yo pa jan-m payé kouran, yo kon'n pwen fèb mou'n ki pou ta bay yo problèm yo, pwen fèb yo sé l'argent nou kon'n sa déjà.

Prèské tout mou'n nan payi d'Haiti ap kondi machine yo san license dépi police kinbé yo si sé 50 gourdes yo gin'yin sé pran'l nan main yo, alé.

mwen kwè'm té patajé sa a avek nou déjà lè mou'n yo fè yon bagay ki mal et ya'l nan prizon dépi yo gin ti kòb pou yo bay anba table sé rentré nan pòt prizon an et souti nan pòt dèyè alé, pedan Prézidan Martelly ak Lamothe ap viré ron chaché débouché tout koté pou édé payi d'Haïti nèg ap fè gagòt a payi d'Haïti sé pou sa ki fè chak fwa Sénatè yo pèdi post travay yo, yo rasanblé tout ti ban'n chanpoèl nan tout rakwen pou vi'n fè maniféstasyon pou voyé Martelly ak Lamothe alé.

Diaspora chrétyen yo et tout pèp chrétyen yo sé pou nou mét tèt ansan-m pou'n dénosé yo, dépi tèt la pa bon tout kò a pouri gin yon rézon ki fè ti pèp pied sal la pa gin okin-n réspè pou léta Haitien vi'n jwen Michel Martelly nan gouyé nan kanaval avek yo, pa di yo anyin si yo pa rét trankil yap répran yon kout tonton makoute nan boudin yo, fwa sa a yo ka pran yon kout tonton makoute anba table, pa avek rad blé a, yap vin sou yon lòt fòm nan dada yo et yo pap ka sòti nan kòlèt yo. Mézanmi ninpòt timou'n 14-15 ans pa réspécté pèsòn nan la ri, koté sa pwalé?

Èské sé tonton makoute ki pou tounin vi'n lavé main nan figi yo lè yo vlé pou yo chanjé?

Mwen pi kwè vrè répons la sé répanti pou yo répanti.

La douane sé tout yon dézòd ki lè nap gin yon mou'n sérié ki pou rétiré nou nan dilèm sa yo?

Ah

Opinion pa-m sé pou tout malvéyan sa yo konvèti ou yo mouri.

Patrick Princivil, June 12 2014, 7:47 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Police Haitien vs. Police Dominicain - Ki Police ki pi Corrompu?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mezanmi an nou fe yon ti pale sous zafe sa a mem-si'm pa kon'n Sen Domeng byen, mwen pa we pouki sa yo pa mete police Dominicain yo tou paske se... read more >
Patrick Princivil, 12-Jun-14 7:47 pm

 

< Previous | Home | Next >