Bel ti koze: Ran Sevis menen chagrin

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 10741

Monche mwen kontan ti rale Mennen vini sa ou fe sou zafe ran sevis lan. Monche mwen te gen you zanmi ki te pwoch mwen anpil.

Nou te zanmi depi nou te piti nan lekol sekonde depi nan klass 6e le nou te gen 12 zan. Depim te pitit mwen pat janm konpran ke miche se te you abize.

Se mwen ki te toujou kon vini ak lunch nan bwat poum separe ak miche sa pate janm dim anyen.

Monche nou grandi konsa le nou rive nan inivesite miche toujou ak kontinye vini lakay mwen epim mwen toujou fe sevant lakay mwen dresse manje pou miche tou, mwen toujou ap separe kob nan poch mwen ak miche depi nou te pitit.

Men li menm mwen pat janm konen le miche te gen kob. Mwen te konen panse se paske afe paranm te pi bon pase li ki te fe sa. Epi le nou te vini gran mwen te ap travay pou plis kob ke miche mwen toujou ap fe fre pou li men li pa janm fe oken fre le nou soti. You bagay kem te remake miche pate janm renmenm ale lakay li paske kote li te toujou rete te ou tijan pa kodyom.

Mwen te konprann se paske miche te ou tijan wont pou kote li rete ki fe li te konen ap aji konsa.

Monche nou rive granmoun emwen kite peyi ayiti.

Miche menm pandan tan sa vini fe anpil pwogre li gen bon ti kob e li rete bon kote koulyea.

Mwen menm ki rive nan America bagay pat tro bon lem fenk rantre nan peyi ya. Men gras a dye mwen te gen kote poum rete. Miche ale mande viza ke anbassad bali. Men miche pa we ki kote pou li vini se lakay mwen. Mwen pate jennen poum kite miche vini ti kote kem te rete poum komanse vim nan etazini.

Monche miche vini ak anpil kob ozetazini pou li achete pwovisyon pou li ale revann an ayiti.

Li mandem jak jou poum soti ale achte bagay ak li. Li pap mete gaz, li pap depanse kob pou li manje, li pap menm vini ak bross pou li brose dan li ni pat. Tout bagay sa yo se sou kont mwen. Mwen resiyem onon de amitye d'anfans poum fe ti sakrifis sa you pou li malgre bagay you pate bon pou mwen paskem te fenk ap koumanse nan America.

Miche fe komsi li pa konpran anyen.

Sim pa achte anyen pou li manje lap rete konsa tout jounen an ak tout lannwit lan san manje malgre li chache ak kob pou komes nan poch li. Miche ap fem kondwit nan distans ki soti Au Cayes Pou rive Gonaives pou li ale achete bagay pou li revann an ayiti et bagay sa yo li te ka jwenn yo kotem rete an. Nou konen sa yo rele dola store yo. Kote li mandem poum ale ki nan distans mwen diw lan yo vann bagay yo 99 cents chak alos ke kotem rete ki depa yo vann yo 1.00 dollar.

Pou tet you centime differans lan miche fem ale depanse gaz pou preske 40 dollars gaz pou li ka achete bagay 99 cent sa epi li pap menm banm kob gaz la. Gade konbyen you centime wi ki gen nan 40 dollars gaz. Epi le miche rive li pa achete tout sa li bezwen ou sel kou non. Chak jou depim soti travay lap mandem poum ale nan zon sa ak li. Monche you le mwen di miche ke sa pa possib.

Li fache li rele you lot zanmi vini fe sa pou li nan jou ki te rete yo. Zanmi an vini ou jou apre sa li maron miche le miche ap rele li pou menm bagay lan. Li pa janm reponn telefon li anko. Sak pi red la miche kite you kob poum achte you laptop pou li li ale nan you lot eta al we fanmiy li li kite poum fe odais ya sou kredi kat mwen pou li poum fe yo deliver laptop nan kote li ale nan lot eta sa. Monche pa megad kompayi kem ode laptop la sou entenet pa aksidan plase ode pou de laptop kompite epi you chaje credi kat mwen pou de kompite epi yo voye tou de kompite sa yo ba miche kote li ye nan lot eta. Nou konen miche pa janm relem pou li dim ke li resevwa de kompite laptops.

Se lem resevwa bill kredi kat mwen mwen we yo chagem pou de kompite.

Lem rele konpayi li dim ke li te deliver de kompite laptop nan address de miche te banmwen yan. Mwen rele miche li dim se you sel kompite li resevwa.

Se lem mete miche ak tout fanmi li sou konferans call ak kompayi kompayi ya di ke li gen siyati miche nan akize resepsyon tout de kompite yo e ke yo di yap remet lajan men yap pwal fe sa la lwa mande kont moune ki te akize resepsyon tou le de bwat ki gen kompite yo ke miche pran poz li pate konen sa ki te nan lot bwat li pandan ke li di li pate janm louvri nan you premye tan epi nan you dezyem tan li di li te konen se you kompite gratis ke kompayi an te voye ba li paske li te achete youn nan pwogram "buy one get one free" ke yo di li ke toujou genyen isit nan etazini.

An nou sipose se sa li ta ye vre mwen di li poukisa ou pale ak mwen ou pa janm dim ou resevwa de kompite laptop.

Miche pa reponn epi nan background lan mwne tande pitit fi miche kap di miche de di lap gade dezyem konpite pou li fel kado si kompayi pa voye mande li. Monche se konsa kompayi mande miche pou li ale remet lot kompite ki nan lot bwat la nan you magazen annex ke you genyen bo lakay fanmi miche epi apre li fini fe sa si kompite a pagen domaj yap retounen sou kredi kat mwen an lot lajan anplis yo te pran. Monche depi le sa miche banm lenmi e se konsa zanmitay ke nou te genyen depi le nou te piti an tou rete la. Monche mwen fe onon dipe paskem sa pemet miche pa janm eksplwatem anko ni pa janm vini lakay mwen. Ayisyen se eksplwate...

Xennon Diego, August 30 2013, 4:36 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Rann Sevis - Ki sa sa vle di tout bon?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Rann sevis koute che. Sa se lot pwoveb kreyol la. Se pou sa rann sevis bay charin = rann sevis tounen chagrin. Ou bon toujou wi Woody. gen moun ki... read more >
Baba, 30-Aug-13 11:04 am
Mezanmi ce pa ti kras kontan mwen kontan leu nou fe ti rale mennen vini sa yo. Sa mwen kapab di, se pou toujou etabli yon dialog ak yon moun ki... read more >
Ernst Lindor, 30-Aug-13 11:22 am
Se vre, gin de foua ou vle pale ak moun lan, avan pou ta ouve bouch ou li change ton-l read more >
Monique, 30-Aug-13 1:05 pm
No ou pa manti...Se kripya yo Kripay vre. read more >
Judith R, 30-Aug-13 4:27 pm
Monche mwen kontan ti rale Mennen vini sa ou fe sou zafe ran sevis lan. Monche mwen te gen you zanmi ki te pwoch mwen anpil. Nou te zanmi depi nou... read more >
Xennon Diego, 30-Aug-13 4:36 pm
Se verite wi: Mwen k-ap ekri sa-a, se yon morn m-ap monte pa do, fas ak moun k-ap antre vini nan vakans lakay mwen. Depi moun nan dekroche yon VISA... read more >
Oxceva, 31-Aug-13 5:13 pm

 

< Previous | Home | Next >