Rann sevis, Fè mounn nan konnen ki wotè wou kwoke makout ou

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 10741

Mezanmi ce pa ti kras kontan mwen kontan leu nou fe ti rale mennen vini sa yo. Sa mwen kapab di, se pou toujou etabli yon dialog ak yon moun ki mande-w pou rann li sevis.

Fè mounn nan konnen ki wotè wou kwoke makout ou.

Li menm, si li kwè ke ou te kapab pote li sou do-w, depi-w finn eksplike-l sa, li konnen ekzakteman ki kote li kanpe.

Men leu nou pa genyen yon dialog, ou menm bo kote pa-w, ou konpran'n ke ou konpran sevis li mande-w la. Li menm tou li konpran'n ke ou konpran'n tou.

Kounye a sa ki rive?

Deblozay!

Pliske nou tou deu pral mache ansanm, kott a kott, ou pap ka bay missie sa li mande w la, epi missie pral fache leu li pa jwenn sa li te konprann ke-w te dako pou-w bali l a.

Si-w te fe sa, depi anvan yon moun desan'n lakay ou an vakans, fò li deja konnen kisa "vakans" vle di pa bo isit.

Se avek lajan nan poche moune pran vakans kay mouche blan an.

Mwen seten ke misie te tou jis anvi vin'n vizite peyi etranje, men li pat gen ase kob pou li te realize rev sa.

Padone li pou dega li fe la kay ou a. Se pa ou menm ki premye victim.

Men pa blie "Ke yon bon zanmi ce yon vye manchèt kouline.

sere li fon, yon jou konsa wa bezwen l".

pinga nou koupe fache pou tet sa sèlman.

Ernst Lindor, August 30 2013, 11:22 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Rann Sevis - Ki sa sa vle di tout bon?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Rann sevis koute che. Sa se lot pwoveb kreyol la. Se pou sa rann sevis bay charin = rann sevis tounen chagrin. Ou bon toujou wi Woody. gen moun ki... read more >
Baba, 30-Aug-13 11:04 am
Mezanmi ce pa ti kras kontan mwen kontan leu nou fe ti rale mennen vini sa yo. Sa mwen kapab di, se pou toujou etabli yon dialog ak yon moun ki... read more >
Ernst Lindor, 30-Aug-13 11:22 am
Se vre, gin de foua ou vle pale ak moun lan, avan pou ta ouve bouch ou li change ton-l read more >
Monique, 30-Aug-13 1:05 pm
No ou pa manti...Se kripya yo Kripay vre. read more >
Judith R, 30-Aug-13 4:27 pm
Monche mwen kontan ti rale Mennen vini sa ou fe sou zafe ran sevis lan. Monche mwen te gen you zanmi ki te pwoch mwen anpil. Nou te zanmi depi nou... read more >
Xennon Diego, 30-Aug-13 4:36 pm
Se verite wi: Mwen k-ap ekri sa-a, se yon morn m-ap monte pa do, fas ak moun k-ap antre vini nan vakans lakay mwen. Depi moun nan dekroche yon VISA... read more >
Oxceva, 31-Aug-13 5:13 pm

 

< Previous | Home | Next >