Rann Sèvis - Ki sa sa vle di tout bon?

Rann Sèvis Tounen Chagren -- Lè ou rann yon moun yon sevis, èske ou oblije depanse tout lajan nan pòsh ou tou? Eske ou oblije gaspiye tout tan ou? Eske se yon problèm si ou mande moun la pou li peye depans yo epi ou ba li tan ou sèlman pou ou ka rann li sèvis la?


Food for Thought - As a Haitian Thinketh...

Mwen remake ke, pami nou menm Haitien, rann sevis vle di, monte sou do mwen tankou yon ti bourik, kwaze pie-w, epi tout bagay sou kont mwen.

Gen yon zanmi ki soti New York, ki ap vini an vakans lakay mwen Miami. Lè yon moun ap vini an vakans, mwen asume ke li mashe ak lajan pou Hotel, manje, ak location mashinn pa vre?

Zanmi a rele-m, li mande-m, èske li ka desann lakay mwen. mwen di-l pa gen problem. Lè zanmi sa-a resi kite lakay la, mwen oblije fè "O non di Pè" paske neg la kraze maket mwen, li boule tout gaz nan machinn mwen, li exije-m soti avel li epi li fè-m depanse lajan ki pat nan bidjè mwen nan moman.

Sa vle di, sevis mwen rann li-a koute-m yon pakèt lajan ak yon pakèt tan-m tou pandan ke, li menm, li ekonomize lanjan hotel, lajan manje, lajan location machinn, ak lajan gaz...

Di mounn na ou pa kapab, li di ou se move moun... Alòs, paske mwen pa vle kite yon moun abize-m se move moun mwen ye pou sa? E byen, pito-m move moun...

Se sa ki fè yo di rann sèvis tounen chagren an wi... Moun w-ap rann sevis la, li pa gen konsyans!

Sa ou panse de sa?

Ki meyè fason pou ou rann yon moun sevis san ke li pa tounen chagren?

Kite yon mesaj

Write a comment  (7)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (7)

Oxceva says...

Se verité wi: Mwen k-ap ekri sa-a, se yon morn m-ap monté pa do, fas ak moun k-ap antré vini nan vakans lakay mwen.

Depi moun nan dékroché yon VISA, li vle pou-m fè tout depans yo, soti nan ticket avion, manjé, bwè, promenade, epuis malet pou'l tounen.

Sa'k pired la, yo souvan pa montré rekonesans.

Ou pa poukont ou

Reply  ... More

Xennon Diego says...

Monche mwen kontan ti rale Mennen vini sa ou fe sou zafe ran sevis lan. Monche mwen te gen you zanmi ki te pwoch mwen anpil.

Nou te zanmi depi nou te piti nan lekol sekonde depi nan klass 6e le nou te gen 12 zan. Depim te pitit mwen pat janm konpran ke miche se te you abize.

Se mwen ki te toujou kon vini ak lunch nan bwat poum separe ak miche sa pate janm dim anyen.

Reply  ... More

Judith R says...

No ou pa manti...Se kripya yo Kripay

Reply  ... More

Monique says...

Se vre, gin de foua ou vle pale ak moun lan, avan pou ta ouve bouch ou li change

Reply  ... More

Ernst Lindor says...

Mezanmi ce pa ti kras kontan mwen kontan leu nou fe ti rale mennen vini sa yo. Sa mwen kapab di, se pou toujou etabli yon dialog ak yon moun ki mande-w pou rann li sevis.

Fè mounn nan konnen ki wotè wou kwoke makout ou.

Li menm, si li kwè ke ou te kapab pote li sou do-w, depi-w finn eksplike-l sa, li konnen ekzakteman ki kote li kanpe.

Reply  ... More

Baba says...

Rann sevis koute che. Sa se lot pwoveb kreyol la. Se pou sa rann sevis bay charin = rann sevis tounen chagrin.

Ou bon toujou wi Woody.

gen moun ki konn debake ak tout madanm yo, tout piti yo sou kont ou

Reply  ... More

Kripya says...

Haitien Kripya anpil, Leu Haitien an di-w rann mwen yon sevis, sa vle di li pa vle depanse...

Eske-m

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Rann Sevis - Ki sa sa vle di tout bon? edit

» »