Poukisa Levanjil (Legliz) Haiti anti-sosyal Konsa?

Mwen santi ke anpil moun ki konvèti an Haiti, yo trè anti-sosyal, anpil pastè ap preshe kont kilti, tout aktivite sosyal ou fè, pou yo, se peche. Espesyalman bagay kiltirèl tipik Ayisyen. Compas Direct? NON... Chansonette Francaise? OUI...

Anpil asanble evanjelik Haiti fè fidèl yo panse ke se andedan legliz la sèlman ki bon. Tout lot bagay nèt se peche... Sa vinn lakoz anpil Ayisyen rejete tout aktivite sosyal jis pou yo ka gen lavi etènèl.

Banm ba-w yon ti ekszanp:

Mwen gen yon zanmi mwen, manm de legliz, ki preske fashe avek mwen paske mwen di li mwen t-al nan kanaval potoprens komsi kanaval la se li k-ap mennenm nan lanfè-a menm...

Poukisa? Levangil se ale legliz sèlman?

Nan peyi kote-m grandi-a, tout mou ap di mesi bondye pou siksè yo, ke se nan mizik, nan sinema, mensi se yon bwat de nuit ke moun nan louvri kòm biznis, li mete bondye devan, li di mèsi bondye... Sak pi bel la, pa gen moun ki fashe ni di anyen.

An Haiti, mwen sispèk ke yon bon potestan, se yon moun ki sèlman gen yon bib anba bra li, epi tout lajounen, ki ap rele amnwe legliz la, Kris kapab, epi mande padon pou peshe ke yo pa janm fè.

Mwen pa gen pwoblem pou-m ale legliz, men fòk mwen ka patisipe tou nan tout aspè social peyi-m. Fòk mwen ka ale nan kanaval san-m pa nan kashe pou pastè-a oswa pou frè landjèz pa wè-m.

Dayè se travay mwen m'ap fe... Enfòme yon piblik de sa kap fèt nan la vi social ak nan kilti yon peyi, sa se yon bagay, pa vre?

Sa vle di, si jodi-a mwen aksepte Jezi kòm sovè pèsonel mwen, mwen pa ka ale nan kanaval ankò, mwen paka diskite kèk sijè ankò? mwen pral oblije ekri-w tout lajounen pou-m ka fe-w sonje ke Jezi ap vini? Le oyaume des cieux est proche... Repentissez vous???

Mwen pa vini la-a pou-m fè pyès potestan fashe non... Men kèk fwa nou ekszajere!

Kisa-w panse de sa?

Pajaje opinyon-w avek nou

Sonje, se pa yon diskisyon biblik m-ap eseye louvri la-a... se jis yon ti deba pou-m ka konprann pou kisa pastè yo refize lashe fidèl yo pou you ka patisipe nan aspè sosyal andedan kominote kote y-ap vivi la.

Write a comment  (15)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (15)

Richardson Gemima says...

La religion pure et sans tache, devant Dieu notre Père, consiste à visiter les orphelins et les veuves dans leurs afflictions, et à se préserver des souillures du monde.

Adultères que vous êtes! ne savez-vous pas que l'amour du monde est inimitié contre Dieu?

Celui donc qui veut être ami du monde se rend ennemi de

Reply  ... More

Richardson Gemima says...

Ne vous conformez pas au siècle présent, mais soyez transformés par le renouvellement de l'intelligence, afin que vous discerniez quelle est la volonté de Dieu, ce qui est bon, agréable et

Reply  ... More

Richardson Gemima says...

N'aimez point le monde, ni les choses qui sont dans le monde.

Si quelqu'un aime le monde, l'amour du Père n'est point en lui;

Do not love the world nor the things in the world.

If anyone loves the world, the love of the Father is not in

Reply  ... More

Lenord says...

pou ou menm se yon lot bagay, se rechech wap fe, se job ou, men Bib la di "soti nan mitan moun ki mond la pou nou pa patisipe nan bagay sal yap

Reply  ... More

Patrick Myrthil says...

Amen ma soeur.

La Bible dit: si quelqu'un est Christ, on est une nouvelle creature.

Les choses anciennes ont passé et les choses en Jesus sont nouvelles.

Reply  ... More

Llella says...

Paste yo pa kenbe Fidel yo. siw se yon Fidel ou supoze gen craintif pou Bondye...

epi se pa tout plezi deyo a ki pleziw si se te konsa nou pa tap ka fe diferans ant pitit bondye AK moun ki deyo a (mwen pa di go pa pitit bondye, yo just pa konnen kiyes ki met yo).

Fok ou konnen tou ke nou pa viv pou tet nou se pou bondye nap viv so nou pa vraiman gen besoin moitye bagay k-ap pase nan monde LAN.

Reply  ... More

Boniface Zebo Correspt De says...

asanble evenjelik yo fè fidel pou "KOB" e yo met yo ak fenm ak tout sa ki

Reply  ... More

Pradel says...

Church in Haiti is a full Pastor's private business.

I will give you an exemple so that you can understand better this problem: Just imagine a small area with a lot of small businesses involving in selling medications, imagine that you have to buy a "dolostop sinis" under doctor's prescription.

If you go to Ti Djo's pharmacy and he doesn't have "dolostop sinis", try to ask him where else you can find it and you will have the answer.

Reply  ... More

Wesly Bedard says...

Hey, poko klike sou anyen.

Tande, ou mande si'w aksepte Jezi èske'w pa sipoze ale nan kanaval ankò?

Pa gen okenn kote nan Bib la ki di ke'w pa ka ale. Men si'w aksepte Jezi, ou gen pou responsabilite pase chwa sa nan paswa sa ke nou jwenn nan 1 koretyen 10: 23. " M gen pèmi pou tout bagay, men tout bagay pa itil, m gen dwa fè sa'm vle men se pa tout bagay ki ap edifye'm ".

Reply  ... More

Bee says...

You must remember that where you grew up wasn't always this way. The people there adapted over time and keep in mind that a good portion of them are trying to live like those christians you mention from Haiti.

However, here people have more freedom to educate themselves, have eperiences and come to terms with their spirituality and feel less pressure to give in to societal norm. Times are changing, people changes the game and things are no longer how it used to

Reply  ... More

Showing 1 - 10 of 15 comments | Read More Comments »

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Poukisa Levanjil (Legliz) Haiti anti-sosyal Konsa? edit

» »