Poukisa edikasyon Haiti fet an Francais? Timoun yo kapab aprann pi byen an KREYOL...

Diskisyon sou radio Signal FM jodi-a: Chak timoun ta dwe fe edikasyon fomel li nan lang manman li ... Ou ka aprann pi byen si ou pase pa lang manman-w ak papa-w la... Alos, poukisa edikasyon Haiti fet an Francais?


Haiti France Reparations Controversy

Problem fondamantal ki exziste an Haiti, se inivesite ak entelektyel ki ta dwe adrese yo, epoutan se menm moun sa yo ki prejije kont lang kreyol la, se yo menm ki refise aksepte sa ke lot entelektyel nan mond la konen ki mache...

Lang manman-w se li ki pou bon zouti pou edike yon timoun.

Fason yo fe edikasyon timoun Haiti, se: "wete rad Kreyol ou sou ou pou-w al beynen TOUTOUNI nan yon mwatye gode franse mawon..."

Granmoun pa konn rakonte istwa kreyol plis ke yon sel fwa, yon istwa ke, si-w tap ekri li, li tap pran 3 a 4 paj... demen, timoun ki tande istwa-a ka rekonte istwa-a, menm anbeli li.

Chak timoun ta dwe fe edikasyon fomel li nan lang manman li (UNESCO). Edikasyon fomel komanse a 6 an...

Lang kreyol ta dwe itilize kom zouti nan sistem edikasyon Haiti. ou ka itilize kreyol la pou-w montre ti moun nan pale nenpot lot lang oswa matyè...

Timoun nan pase tout vi li an kreyol, li domi an kreyol, li reve an kreyol, li leve an kreyol, epi pou 6 ed tan francais lekol ta ase...

Si ti moun nan ap appran an kreyol, menm paran ka aprann de sa... sap ap louvri lot diskisyon andedan kay la...

Se sa ki t'ap diskite nan yon emision radio signal FM jou lendi 4 Novanm 2013 la... Si-w te gen chans tande emission sa-a tou, pataje opinion-w sou sa-w te tande.

Kisa-w panse de sa?

Write a comment  (9)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (9)

Ti Joe says...

mwen rayi Lang francais.

mwen refize pale li ak Haitien parey

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

An nou priyé Bondyé pou Prézidan Martelly avec Lamorthe chanjé malpropreté sa ah, sé yon langue nou gin yin min'm jan ak tout moun, se pou tout livre yo tradui en créole et puit pou nou gin cours en fraçais, Anglais, Epaniol

Reply  ... More

Ddamas says...

Ti moun kapab aprann en creole et en franse en meme

Reply  ... More

Maggy Gousse says...

People, you really believe that if Toussaint louverture wouldn't have learn the French language in addition to the European behavior & culture of the time, he still would have had the knowledge to know how to deal with these people and lead to a revolution.

Actually, this is what illuminated all his senses to know how to get to these people!

Why not follow examples of major successful Countries such as, China, Japan, even Argentina among st other Countries who makes sure their children learn another language in addition to their own. It is integrated in their educational system.

Reply  ... More

Maggy Gousse says...

Se ki vle di, ti moun Ayiti, se pou yo ret en Ayiti selmen.

Se pou yo conn Eta Zuni, me pa okenn lot kote, nan le mond?

Kreol se ou lang univesel.

Reply  ... More

Mauclair says...

Pwoblem edikasyon an Ayiti kapab rezoud le tout moun aksepte lang kreyol la kom lang tout bon

Reply  ... More

Paul says...

Yo ta fe pi byen si yo te chache bay pep la travay pou retire li nan

Reply  ... More

Sir Deuce says...

French is a much more important language to learn, and the books are of much better quality due to the fact that have been improve over time. If the current education system were to adopt an all creole system right now, it would be more than century behind time like everything else. Because you are not able to speak it, does not automatically make it a bad

Reply  ... More

Raynald Delerme says...

Li fèt deja. Depi sou refòm Bernard, klas fondamantal an Ayiti fèt an kreyòl. Se sak fè yo pa di ekòl primè ankò an Ayiti.

Yo di ekòl

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Poukisa edikasyon Haiti fet an Francais? Timoun yo kapab aprann pi byen an KREYOL... edit

» »