Haiti Telephone - NATCOM ap manje lajan moun pou granmesi!

Mezanmi... Zafè telefòn nan peyi d'Haiti se gro koze... W ap met kat, kat ap fini san w pa fè apel... Tande sa... Mwen mete 25 goud sou kont NATCOM mwen nan jodi, mwen pa fè okenn apèl... Nan demen maten, mwen tcheke balans la, mwen wè rete 9.88 goud sou kont la... Mwen rele sevis a la kilyantèl pou-m plenyen, se atò m pèdi lajan...


HAITI: Natcom Vs. Digicel... Kiyes ki Pi Bon?

Distans pou sèvis a la kilyantèl NATCOM poze keksyon, mande, explike m kijan pou m etènn yon seri de sèvis mwen pat janm siyen pou yo, mwen gentan pèdi 4 goud ankò... Sèvis kilyantèl kout 1 goud pa minit pitit...

Mwne pa konn anyen nan zafè BON SON, mwen tande m anregistre nan sèvis bonson...

Mwen pa kanbiz, mwen pa travay labank epi m tande mwen anregistre nan yon sevis ki pou ban mwen Taux du jour...

Ki koze sa mezanmi? Konbye fwa sa rive w???

Mwen pa janm aktive sevis sa yo, kijan m fe anrejistre ladan yo?

Konnye a rete selman 5.88 goud sou kont la nan 25 goud rechaj mwen te mete a... Jiska prezan, mwen poko fe janm fè yon apel!

Kisa ou di nan bagay saa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (14)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (14)

Jean says...

Mwen panse se Ayisyen ki nan bwat la ki montre yo kijan pou yo vòlè konsa.

Epi mwen panse CONATEL genyen twòp bègwè ladan li. Yo pakonn anyen nan teknoloji e se sak fè konpayi yo ap eksplwate pèp ayisyen an

Reply  ... More

Proud To Be Haitian says...

@Edy Deher Lesaint, mwen pa finn kmprenn tout language ou yo men mwen we sa ou di a. Haitien pa honet ase pou al antre nan fe business ak yo. Nan gran peyi yon group moun kigen gro kob mete tet ansanm ouvri business le business sa finn pran epi lajan bien jere epi group mou sa vinn tounen yon group miloner.

Haitien pa bezwen rich ak moun se pou tet pa yo pou yo rich epi pou yo fe frekan ak moun ki pagenyen.

Reply  ... More

Jansen says...

Achte yon lòt SIM ak yon lot Telefòn, yon ti edem peze, sa w ka konprann, pa reponn ak tout mesaj konpayi a voye ba ou, konsa ou pap active sèvis ou pa konnen, ni w pap kite entènèt ou tou active pou w vinn plenyen apre, ou pa bezwen fè wè, se sou tè a ou ka navige toujou ou poko ka nan

Reply  ... More

Sony Vilbrun says...

Ale nan Natcom epi mande yo pou elimine tout plan ki sou tlf.ou epi tout bagay ap

Reply  ... More

Edy Deher Lesaint says...

Anka komprann' ou frè an moui!..

Cé fôt' an nou toutt'!..

Toupatou nan la Karayïb c minm' bitin!..

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

Ahhhhhhhhhhh!

Vòlè vòlè vòlè vòlè vòlè !

Yap fè nou tout abu sa yo paské téchnology nou an trè pòv, nou gen plan poun bati kay nou an Haiti poun bay pèp Haitien an bon jan sèvis sou zafè sa nou apran au Canada ak sou rézo internèt, bon bagay ki pwal bousté tout moun ki intérésé apran téchnology.

Reply  ... More

Proud To Be Haitian says...

Tout Haitien se vole se saki fe company yo ap vole yo tou, vole vole vole se sa wi. Ou bay yon Haitien yon lajan pou regle yon bagay pou ou, li pran kob la, li regle afe pal, epi li diw bon te gen kouri amba laville nan kouri vole rale valise li kob pedi. Haitien pagen paspouki pou moun kap viv nan diaspora se pou Natcom ak Digicel pran tout sa yap vole sou do diaspora.

Reply  ... More

Nico says...

Ni natcom ni digicel 2

Reply  ... More

Mbaye says...

lem nan peyi etranje, li plis avantaj mwen lem rele yon moun Haiti sou Natcom ke sou

Reply  ... More

Raynald Delerme says...

Toujo sonje mete data off sou telefon ou an. Ni Digicel, ni Natcom chaje data pou koneksyon intenet pa kilobit.

Si ou te aktive yon plan intenet pou 1 jou pou 9 goud, lè plan sa fini, si ou pa dezative data a, ou nan ka pase yo kontinye ba ou data san ou pa mande, men yo ronye ti kob ou gen sou kont ou an. Sonje, mete data off. You koney Palenet Cellular.

Reply  ... More

Showing 1 - 10 of 14 comments | Read More Comments »
« First  ‹ Prev  1 2  Next ›  Last » Showing 1 - 10 of 18 Comments

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti Telephone - NATCOM ap manje lajan moun pou granmesi! edit

» »