Haiti Ekonomi - Anpil moun ap plenyen LAJAN pa SIKILE nan peyi a...

Genyen anpil Haitien nan peyi d'Haiti ki ap plenyen LAJAN pa SIKILE nan peyi a... Tout kote ou pase se preske menm pawol la, lajan rete kote li ye a, li pa pase de men nan men, li pa bouje, sa ki lakòz anpil moun razè nan peyi a...


1 Gourde - Haitian Paper Money

ENGLISH: Haiti Economy - Many Haitians complain, there is no money changing hands in the country. How are you doing? One businessman said he could spend all day and not earn 500 gourdes... What do you think about that?

Diaspora Razè... Gen yon diaspora ki di li fèmen zorèy li sou bezwen zòt lakay paske li pa kapab voye kantite lajan li te konn voye avan... Bill ap monte sou li epi pouvwa d'achat li redwi nèt... Moun nan peyi d'Haiti ki te depann sou misye sanse chire paske fok li jere tet li...

Biznisman Razè... Genyen yon biznisman nan kominite nou ki di se premie lane nan preske 10 lane depi li louvri biznis li ke l-ap goumen pou rantre 500 goud nan yon jounen; 500 goud ki pa ka fe anyen pou li. Li menm di ke konpetition li a genten fèmen pot yo paske yo paka kenbe konpa saa...

Konsomatè Razè... Gen yon konsomatè menm ki di nou zafè lajan an menm, se Bondye k-ap voye zye sou li, ak kèk bon pwochen, ki fè grangou pa touye li ak fanmi li... Malgre sante li pa two anfom, fok li pran lari a epi anpil manèv pou li bay kay la manje

QUESTION: Kijan bagay yo ye bò lakay pa w? Eske lajan sikile bo lakay ou?

Kisa ou panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (1)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (1)

E says...

I would say I spend four months there and I saw people doing labour work making 300.00 gourdes for the day, I could not believe it. I was shock.

Haiti is such a beautiful place.

Things have to change.

So people can do better for

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti Ekonomi - Anpil moun ap plenyen LAJAN pa SIKILE nan peyi a... edit

» »