Newsletter

PHOTO: Haiti Tourisme - Plage Bon Repos nan Petit-Goave pwal vini pi bèl

PHOTO: Haiti Tourisme - Plage Bon Repos nan Petit-Goave pwal vini pi bèl

Gade photo saa... Haiti - Gouvènman an anonse pwojè pou fè Plage Bon Repos nan Petit-Goave vini pi bèl... yo pwal konswti PARKING pou machin pake bo plaj la, blòk sanitè pou moun fè bezwen yo, 28 kiosque restaurants pou vizitè yo jwen bon ti manje pou manje, kèk zòn pou vizitè yo ka jwen ti amizman yo, elatriye...

Se Ministere Tourisme ak Mairie de Petit Goave ki ap gere sa ak lajan ki soti nan tresor publique...

Kisa-w panse de sa?

Permalink | Comments

PHOTO: Haiti - Wout anwo, Wout anba sou Autoroute De Delmas a ap Vanse...

PHOTO: Haiti - Wout anwo, Wout anba sou Autoroute De Delmas a ap Vanse...

Gade photo saa...: Delmas Haiti - Wout anwo, Wout anba ki sou Autoroute De Delmas nan kafou Boulevard Toussaint Louverture (Kafou Aeroport) a ap vanse... Baz wout la fini konstwi, Men machinn ap depoze wout awo a wi laa... Tòl wouj saa pwal ateri... LOL...

Rayi chien, di dan-l blan, se premye fwa an Haiti ke nou pwal geyen wout anwo wout anba...

Photo saa se A. H. Mezilus ki te poste li sou Facebook...

Kisa-w panse de sa?

Kite yon mesaj

Permalink | Comments

PHOTO: Haiti - Taxi Moto ak yon MAKOUT sou li, Poul, Kabrit, Bannann, Payisan, w-a di se yon cheval...

PHOTO: Haiti - Taxi Moto ak yon MAKOUT sou li, Poul, Kabrit, Bannann, Payisan, w-a di se yon cheval...

Gade photo saa... Haiti - Yon Taxi Moto bien equipe avek yon gwo MAKOUT sou li, kèk poul pandie bò kote li, yon peyizan chita kè pòpòz ak yon kabrit dè do li, epi gen de gro regim bannan mare deye taxi a...

Motocyclet la nan yon station gazoline li nan liy pou fè gaz...

An Haiti, motocyclette ranplase Bourik ak Cheval...

Moto ale tout kote bourik ak cheval ka ale, yo pote plis chay epi yo pi rapid.

Permalink | Comments

PHOTO: Haiti - Police increase security in the capital Port-au-Prince

PHOTO: Haiti - Police increase security in the capital Port-au-Prince

Look at this photo... Two specialized Haitian police agents are checking out a tap-tap going by... Following the prison break in Haiti Sunday, the Haitian national police force has increased security in the capital Port-au-Prince...

Permalink | Comments

PHOTO: Haiti Route Construction - Dufort - Crete-a-Pierrot - Par le Corps du Genie Militaire Haitien

PHOTO: Haiti Route Construction - Dufort - Crete-a-Pierrot - Par le Corps du Genie Militaire Haitien

Gade photo saa... Haiti - Mwen wè yon sign nan vil Petite Riviere de l'Artibonite ki fè konnen ke Route Dufort - Crete-a-Pierrot a, se ingenieur Militaire Haitien yo ki ap konstwi li...

Sonje ke ingenieur militaire Haitien sa yo baze nan Petite Riviere de l'Artibonite epi gen nouvel ki ta bay ke yon entreprann kek proje konstrisyon nan zonn lan...

Men Prèv... LOL...

Permalink | Comments

PHOTO: Haiti - Wout anwo, Wout anba sou Autoroute De Delmas a ap Vanse...

PHOTO: Haiti - Wout anwo, Wout anba sou Autoroute De Delmas a ap Vanse...

Gade photo saa...: Delmas Haiti - Wout anwo, Wout anba ki sou Autoroute De Delmas nan kafou Boulevard Toussaint Louverture (Kafou Aeroport) a ap vanse... Baz wout la sanse fini konstwi wi laa... Tòl wouj saa pwal ateri... LOL...

Rayi chien, di dan-l blan, se premye fwa an Haiti ke nou pwal geyen wout anwo wout anba...

Kisa-w panse de sa?

Kite yon mesaj

Permalink | Comments

Philippe Bourciquot - La Police Florida Arete misye pou Ponzi Scheme li t-ap fè sou do Haitien

Philippe Bourciquot - La Police Florida Arete misye pou Ponzi Scheme li t-ap fè sou do Haitien

Tande sa... La Police poze la pat sou Philippe Bourciquot, yon Haitien nan Lake Worth Florida, poutet yon ponzi scheme li tap fè sou do Haitien nan kominote a... Anpil Haitien pedi lajan yo pandan ke misye tap byen viv sou do yo sou preteks li tap envesti lajan pou yo...

Bourciquot te vize ayisyen-Ameriken ki pat gen top konesans nan zafè finans. atravè yon station radio lokal ak nan legliz li a, li te pwomèt yo pou li envesti lajan yo nan stock market ak yon 8 pousan enterè chak mwa. Olye de sa li te itilize lajan pou li byen viv epi peye envestisè anvan yo.

Se sa ki rete nan lang anglè yon Ponzi Scheme...

Li plis siy Palm Beach Post ak sou Miami News Times

Ou konnen misye? ou se yon viktim se sa misye tap fè?

Di nou... Kite yon mesaj...

Permalink | Comments

Vye Kawotchou Machinn - Yon Blag sou Haiti...

Vye Kawotchou Machinn - Yon Blag sou Haiti...

Tande sa... Mwen mande yon Dominican machann Kawotchou nan Sen Domeng kisa li fè ak tout vye kawotchou sa yo... Li reponn: "Mwen expòte yo Haiti pou BOULE nan Manifestation"

Se pa de ri misye ri apre...

Fok mwen di-w byen, se yon blag li t-ap fè, pou mwen, li pat two komik non men se nou menm Haitien ki pemèt Dominiken saa ap fè vye blag sa yo sou nou.

Kisa-w panse?

Kite yon mesaj

Permalink | Comments

PHOTO: Wyclef Jean Performing Live at 2014 FIFA World Cup in Brazil

PHOTO: Wyclef Jean Performing Live at 2014 FIFA World Cup in Brazil

Look at this photo... Haitian Star Wyclef Jean performing live at the 2014 FIFA World Cup with Carlos Santana and Brazilian singer Alexandre Pires...

Permalink | Comments

PHOTO: Haiti - Yon Camionnette Surchargé, Lavi tout Passager an Danger...

PHOTO: Haiti - Yon Camionnette Surchargé, Lavi tout Passager an Danger...

Haiti DANGER... Yon Camionnette ki Surchargé avek moun sou Route Nationale la en route pou Gonaives... Se raison saa ki lakoz anpil moun mouri a chak fwa genyen accident sou wout la...

Le ou tande 10 moun mouri, 20 moun mouri nan accident machin Haiti, se sa... Gade...

Mande bondye leta Haitien ta decide pran des mesures pou proteje moun sa yo, menm yon men lan ap leve kont li. Chofè yo menm se pa pale...

Bagay yo pa ka kontinye konsa

Kisa-w panse?

Permalink | Comments