Malfekte Haiti

PHOTO/VIDEO: Haiti - Yon Malfektè resisite viktim li apre li bay misye yon kout poud

PHOTO/VIDEO: Haiti - Yon Malfektè resisite viktim li apre li bay misye yon kout poud

Gade photo saa... Nan Ouanaminthe Haiti, Yon Malfektè resisite viktim li devan je lapolis ak popilation an apre li te flanke misye yon kout poud...

Gade video a... Bagay malè

Malfekte a rele Sedernier François, li flanke yon jenn gason 30 lane ki rele Bodjo yon kout poud...

Sedernien anik soufle poud la nan figi Bodjo epi misye pèdi konesans, kèk minit pita Bodjo te deja kouche plat atè, nan wout pou lanmò. Dapre kèk moun li se deja mouri menm.

Mèsi a vijilans kek moun ki te wè manèv Sedernier a ak kek ofisye Polis Nasyonal la, yon arete misye...

"Li pa mouri." "Pote sitron ban mwen, mwen pral geri li," li te di.

Yo bay Sedernier yon ti dlo ak sitwon, misye kòmanse fè manèv pou resisite Bodjo. Yon kèk segond li manyen misye, li wouze viktim li Bodjo ak dlo citron, misye kòmanse deplase tèt li, men li, ak janm li yo.

Anba presyon espektatè yo ak lapolis Sedernier ogmante vitès la, men chak etap pou geri malad la sanble egzekite ak presizyon.

Full Story: blogspot.com

Permalink | Comments