Mwen panse pafwa nou di bagay san reflechi pandan ke na fe fos...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 6344

Mwen panse pafwa nou di bagay san reflechi pandan ke na fe fos acuzasyon.Mwen pa pou manifestasyon sa yo men mwen cre ke Haiti se yon peyi tan kou tout lot peyi. Li gen lwa pou respecte tan kou tout lot peyi genyen.

pa exanp USA, CANADA,UK, JAPON,E OTRE;tou gen lwa pou proteje citoyen lakay yo.Nan manje, milite,police, conpayi, mounn ki nan gouveneman lakay li ki jan li dwe foncsyone.

Kessyon pa mwen, pou Leta an Haiti di pep Ayisyen ki sa ki pase avec lwa ki proteje pep la kont tou conpayi bidon kap foncsyone an Haiti san defini misyon yo bay mounn kap veye yo a?An pran JETCO ki ramase toilet Pou UN ke Aristide te invite pou pote li secou le li tap craze lwa an Haiti pou li te ka rete sou pouvoi e ki Bannou Preval ki la .Di pep la ki kote JETCO jete toilet sa yo?Nan ki place epi ki kote nan peyi?Lot bagay si se fimie ou bien angre yo fe avec li pou jadin ki cote yo vann ni epi epi ki vil?Sel bagay mwen konnen nan lot Peyi le yon mounn ou nan gouveneman ou pa gen biznis epi ou pa gen dwa mete fanmi ou nan pozisyon nan pouvoi pou fe kob sou pep.Tout mounn ki fe sa ou travay pou detwi peyi e le flero maledicsyon ap tombe sou neg pa sache ap acuze lot mounnou ou peyi etranje tan kou yap manupile pep Ayisyen.apre sa mwen panse depi tan sa MINUSTAH an Haiti, si gouveneman te utilize toilet sa yo pou yon bon rezon Haiti tap vini tou vet avec pie bwa ki tap gen andann epi anpil manje.

La lwa se pou tout mounn pa gen parol mwen se fre Prezidan ou bien mwen se senate intel .ou vole se pou la lwa stope ou se consa liye nan le mond, si nou pa fel wap gen corupsyon ki se sa nap gade Haiti la.Com Prezidan Preval panse li se sel neg ki gen lespri an Haiti pase tout mounn mwen ta renmen li bay pep la vre explicasyon sou Cholera an Haiti.

Si gen yon minis Sante se pou li di pep la depi 20 an FNCD Jus ka ESPOI ki Chanje an INITE ki lwa yo te pase an Haiti de dlo mounn ap bwe ki zone epi ki cote, eske se yon cote moun dwe habite ou pa?Le yon manje ap rantre nan peyi a soti yon lot peyi ki service ki ocupe li de sa e ki cote buro service sa ye?Mwen ta renmen Leta an Haiti di pep la avec ki peyi yo signie pou nou achete manje pou pep la loske maladi paret pou yo gen tan connen ki cote yo dwe fe intevansyon.

Yo pa janm fe anyen epi yo panse tout mounn imbecil, map di yo pep Ayisyen gen anpil moun ki Inteligent ladan epi Inteligence ou pa bezwen al lecol pou li, se yon bagay ou fet ou bien ou ne avec li.Se sac fe Jodia nou al nan universite pou apran de mounn ki te avan nou yo ki te fe anpil anpil bagay kite pou nou, e gen ki te bay prop vi yo pou verite sa.Ocun mounn o mond pa ka tronpe yon pep ou yon nasyon ;le li decouvri ou te fel mal wap peye pou sa menm jan ou we loske ou arete youn mechan ki fe zac.Si pagen vole pa gen sitire, Nou pale de kob Jean-Claude te vole avec madanm li, sa nan tout nouvel, men Conbien Aristide pran antan ke pret ki pat gen yon kay pou li rete?si yon prezidan touche $10000 pa moi li ap genyen pou 1 an $120000 sou calcule pou 5 an lap bawou...si ou di pep la ou te prete Haiti 10 milion de dola ou pran kob sa nan ed Taiwan te bay Haiti pou constwi rout Airpot la cote ou jwen kob sa Tonton, sa vle di pou mwen gen yon lwa ki viole nan peyi ya, men ou utilize baton avec zam pou fe Neg pe men ou blie la pe se zam vole avec mafia utilize pou detwi la verite ki pa janm tonbe, mounn ap tonbe, sa ki gen moyen pral lot peyi, yon lot ap canpe pou defann la verite paske li pap tronpe mounn.

Si pa gen corupsyon an Haiti Preval canpe com Chef Leta di pep la conbien Kob chac candida gen nan men yo pou fe canpay com se sa nou te vote an 1990 transparans.men si gen vole epi dile drog pep la pap connen cote tout cob sa yo soti cap creye dezod an Haiti nan leta. Si mwen compran tactic sa ki ap develope ya se menm neg sa yo kite utilize dezod nan Elecsyon 1990 pou yo te ka soutni chwa yo te fe yaepi menm bagay sa ki te fet avan pou neg te ka tounen anco e se li kite fet loske ou we pep te pran lari e menm arive benyen nan picine Hotel la.si pa gen benyen cahe lonbric ki mounn ki te fe travay sa .si gen jounalis foto mounn sa yo la epi yo we yo nan televizion.Nou fouye prop tou nou, le nou ladan mounn nan kap ede ou wa gen condisyon pou mete ou deyo. Antan ke Ayisyen mwen dwe conn kondisyon yo paske se pitit mwen ki pral peye pou sa, si gouveneman nou vote pou fe sa pa vle, nou gen dwa pou revandike dwa tout mounn genyen nan lavi pou viv avec respe.mwen cre tout lot peyi ap utilize la povrete an Haiti pou regle prop zafe.Depi 1770-2010 a no jou, Haiti ap subi yon seri de problem sa yo rele catastrof naturel mwen ta remen youn nan peyi sa yo ki te la avan ki di yo vin pou ede pou yo ta explike kisa ki fe plan sa pat mache.Map di pep la ale deye mounn sa yo ki nan gouveneman an Haiti pou jwen explicasyon, MINUSTAH se yon figu Ke li ye, Pou securize Sa nou pawe e pa connen yo

Sergo Jean, November 19 2010, 12:36 PM

REPLY   Next >

 

Topic: UN Forces Believed To Have Brought Cholera To Haiti Intentionally, But Wait There's More!

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

... read more >
Bigg54, 18-Nov-10 10:02 pm
I cannot but agree with Ann Eliot read more >
Herman Schurmans, 19-Nov-10 4:31 am
Mwen panse pafwa nou di bagay san reflechi pandan ke na fe fos acuzasyon.Mwen pa pou manifestasyon sa yo men mwen cre ke Haiti se yon peyi tan kou... read more >
Sergo Jean, 19-Nov-10 12:36 pm
I don't read anything in Lancet that support your acusation "Un Forces Believed To Have Brought Cholera To Haiti Intentionally..." read more >
Mizeliah, 21-Nov-10 8:46 pm
I really do not know what to believe anymore, but the still small voice inside of me is telling me something is terribly wrong and it is usually... read more >
Josy, 22-Nov-10 12:08 am
Why dnt they live us alone. is not like they are "helping" us anyway! read more >
Lola, 25-Nov-10 5:55 pm

 

< Previous | Home | Next >