Monche mwen tre contan ou we sa epi ou metel nan tropic...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 6305

Monche mwen tre contan ou we sa epi ou metel nan tropic sa.Mwen supote tropic sa a 100% pou 100%.Sa kap develope nan peyi Haiti lide politic Ayisyen yo pa conpran ni, gouveneman ayisyen yan pa conpran ni e Diplomat yo an Haiti pa conpran, yo pretann yo con Ayisyen men yo tre lwen de sa.Yo fe pa ket ere nan zafe Haiti sa wap gade la e se pa depi 1994 yo comanse li depi le indepandans Peyi. Le yo acepte pou pran kob nan men Haiti pou Indepandans la.Lot bagay yo pa cheche conprann ayisyen ni konnen yo.Map di ou Ayisyen se bon mounn yo ye, epi yo pre pou ede lot mounn tou avec sa yo genyen se sa mwen apran pami yo, antan ke ayisyen men lot moun deyo pa konn bagay sa yo.yo se moun sou vin lakay yo yap desann kabann yo pou bo domi.Men depi ou rantre nan vole zafe li ou gen problem e si ou touye wap gen gro problem.

Diplomat sa yo ta dwe etudie Histwa Haiti epi pran tes sou li nan peyi yo epi foc yo ta pase tes sa avan pou yon peyi ta voye yo com Diplomat an Haiti ou bien foc yo te viv nan peyi ya loske yo te piti. Sinon mwen pa cahe di ou yo pap conpran Haiti e yap toujou manyen sa yo pa ta dwe manyen e ki ka boule men yo.Pep ayisyen pa bezwen moun kap craze lwa pou dirije l ni pou bal consey nan anyen, se yon bagay tout paran ayisyen anseye pitit yo andan kay yo e yo tout konnen yo fet lib nan peyi ya, e yo tout konn Dessalines, Capois, Toussaint, Henry Christoph e Lot anco. Si youn nan neg sa yo pa apran Histwa sa yo, lap dificil pou conpran Ayisyen.Menm jan yo gen lwa lakay yo, Haiti gen lwa tou e li nan tet tout Ayisyen men se moyen yo pa genyen pou fe aplike yo.Yo menm ki invite pa gouveneman Ayisyen vini yo fe menm bagay tou e se nan piej sa yo pran.Depi ke mwen connen mwen sou te sa, an Haiti tout gouveneman ki fe Pep Ayisyen mal tonbe epi tout lot moun ki envop ladan peye pou sa.Se yon Pep ki chwazi pou ocupe espas sa nan Caraibes la pou yon rezon bien de temine.Mwen swete tout lot peyi pran sa com not epi soutni pep la e ede ranfose la lwa .le Yo fe anket se pou yo bay rezulta anket la epi arete moun sa si yo vle pep ayisyen rete bo kote yo.kit li nan gouveneman, kit li bokote pa yo .le sa pep la ap we yap ede yo.Map di nou yon bagay Ayisyen pre pou mete tet li a te devan ninpot mounn ki chef se consa yo te leve l nan tan esclav la e gen anpil paran ki leve pitit yo consa, men pandan ou we tet li ate ya ou pa conn sa lap reflechi e le li leve tet li ya gen kec bagay sa vle di si nou vle conpran al pran liv Histwa Haiti lap bo repons lan mesi.

Sergo Jean, November 17 2010, 5:26 AM

REPLY   Next >

 

Topic: At Least One Haitian Protestor Shot Dead By MINUSTAH Soldiers In Cap-Haitien

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Well u know there is no comprehension on that, cuz they paid'em a lot of money so they dnt even care abt us. Whatever happened, they will always say... read more >
Anny, 16-Nov-10 11:42 am
Monche mwen tre contan ou we sa epi ou metel nan tropic sa.Mwen supote tropic sa a 100% pou 100%.Sa kap develope nan peyi Haiti lide politic Ayisyen... read more >
Sergo Jean, 17-Nov-10 5:26 am
Its an awful tragedy, in a protest that is organize its a delicate situation, imagine in Haiti where I doubt protestors got organized. At this point... read more >
Linda C, 18-Nov-10 6:20 am
Bad idea. This could erupt into an uncontrollable situation. The UN should just fess up and apologize for what has happened. There's undisputable... read more >
Paul A Cormier, 8-Dec-10 8:10 am

 

< Previous | Home | Next >