Sé ti maléré ki paka manjé yo sanzav&#233...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17717

Sé ti maléré ki paka manjé yo sanzavé yo ap fè soufri, nan ki anglè mwen fout yé, yon bann mou pa menm konnen li ak ékri, mwen pa bézwen menm palé de zafè fransè.

Mézanmi kisa ti pèp pyé sal parèy mwen yo pwal konpran nan pakèt gwo anglè sa yo?

gadé map viv o Kanada dépi an 1990 rivé jis an 2017 la; madanm mwen sé Jamaicaine, épil palé sèlman anglè, nou maryé dépi an 2006; malgré sa pakèt anglè sa yo tounen lang Chinois poumen paském pa konpran, sa noumenm ti maléré yo pwal konpran nan pakèt anglè sa yo?

(JPP) nou kaka, si sé pou sa sé pou Jovel tou van péyi Dayiti bay Donald, kòm mwen konnen gouvernman Amériken pa bézwen Ayiti, sé pou Jovel ofri péyi Dayiti bay Gouvernman Dominiken poul wè pétèt si yo ta acheté Ayiti.

Nèg krabinen Ayiti nan bèl fransè.

Kounyé a lang kréyòl ki lang papa nou ak manman nou an, men nèg kòmansé éliminél.

Tèt chajé.

Mézanmi nou sé Ayisyen, sé yon ti jounal nap bay ki konsèné péyi Dayiti, poukisa pil anglè sa you?

Ébyen péyi Dayiti ouvè pou péyi anglè, men pa pou malé Ayisyen parèy mwen kap drivé nan pousyè tribò babò nan péyi Dayiti, mété ak lòt péyi yo.

Nou mélé wi la a. Pèd ti krik ti krak, ajan satan ak mové zanj yo ap voyé nan diksyonè poun korijé fot nou nan lang anglè ak fransè; lè nou viré mésaj yo an anglè a, pito nou tou fouyé twou épi nou antéré tèt nou.

Mézanmi!

Patrick Princivil, April 19 2017, 12:30 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Does the "Moun Pa" phenomenon only exist in Haiti?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Se ti malere ki paka manje yo sanzave yo ap fe soufri, nan ki angle mwen fout ye, yon bann mou pa menm konnen li ak ekri, mwen pa bezwen menm pale... read more >
Patrick Princivil, 19-Apr-17 12:30 am

 

< Previous | Home | Next >