Kondoléyans pou fanmi viktim nan kanmèm! S&#233...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 17482

Kondoléyans pou fanmi viktim nan kanmèm!

Sé pousa map mennen atak sa yo nan politik péyi Dayiti a ak le mond antyé konsa, jis poum rapé kèk nanm moun nan men Satan ak mové zanj yo bay bonDyé nan syèl la. dépi sou gwosè vant misyé nou wè ké li pat an bòn santé.

Sé bwè dwòg, sé fimen dwòg, sé snifé dwòg; sigarèt, tafya ak tout vyé plézi lachè ak vyé manjé pwazon kap vidé nou atè konsa, kèlkéswa moun yo gen sida, oswa lòt maladi: yo fout tiyé yo banou manjé.

Sézon nwèl sa a: anpil bèt 2 pyé, ak bèt 4 pyé ak gwo figi pwal pèdi lavi yo, moun kap mal fété yo jwèt pou nou.

Chak jou dépim lévé, mwen toujou ap éséyé konparé tèt mwen ant Jézi avèk mwen; nan tout foto moun yo pran pou réprézanté Jézi yo, mwen paka parèt dévan Jézi, sélon jan vant Sovè a plat la a, paské li pat kon manjé fatra, li pat konnen bwè pwazon.

Dépi an 1998; mwen fè anpil jèn poum ka pofité kasé vant mwen: jwèt, maladi tansyon, ak koléstérol nan boudam pirèd, épi vant mwen paka désan, sé kounyé a Jézi fèm konpran poukisa, sé sak fè map batay jisko bou, poum travay poun gen lajan nan men nou poun acheté tè poun planté manjé natirèl pa nou poun manjé, paské nou an danjé de mort.

Sé sémèn pasé a, sè madanm mwen, voyé foto Chinois nan yon faktori, ki pran plastik, épi yo mété anpil pwazon chimik sou yo épi yo swadizan rélé yo diri; épi yo pran pakèt plastik sa yo mété nan machine, épi yap swadizan rélé plastik sa yo diri, épi yo mété yo nan sak pou yo voyé yo van patou nan mond lan, épi avègleman nou pasé tout vi nou nap désan diri plastik nan vant nou. Sé Chine, Vietnam, Indien nou wè kap pwodui yo; Sa nou pa wè yo pi tris.

Gouvernman yo fèmen zyé yo, doktè yo fèmen zyé yo, olyé pou doktè yo ta édé nou, sé apsé sou klou yap mété nan kò nou pou yo fini avèk nou pou lajan.

Mwen fè réchèche mwen sou youtube, poum dékouvri kòman nou ka tésté diri sa yo poum konnen si sé plastik, men kòman poun tésté diri yo!

Pran yon valè diri: épi griyé yo tankou nap griyé mayi, oswa pitimi.

Kité yo griyé prèské tou nwa, épi pasé alimèt nan diri sa a poun wè ki gwosè flanm difé kap soti nan diri sa a, tank lap fè flanm pasé yon bagay nan diri sa a poun bwasél pandan lap boulé a ; dépi nou wè gwo boukan difé ap lévé nan diri sa a nap tou konnen nou pran nan plastik.

Travayè kap travay nan faktori sa yo ki kaché ak kaméra kap voyé yo sou youtube.

Yo méchan!

Mwen patajé tout vidéyo sa yo ak enfòmasyon sa yo sou Facebook, google, ak twitter.

Al gadé poukont nou na wè:
www.facebook.com/ patrickprincivil
www.facebook.com/jeanprincivil
www.twitter.ca/tiprincivil

Dépi nou alé sou Google, épi nou tapé: fake plastic riz - youtube

Nap wè yo noumenm.

Yap fè nou manjé chou plastik tou wi:

Alé sou google, épi tapé: fake plastic cabbage.

Men kòman poun wè si chou sa a yo sé plastik:

jis chofé yo 2 bò, épi rédi yo lantman pandanl cho a na wè noumenm.

Bill Clinton ak Hilary Clinton siyen kontra ak Michel Martelly poun pa planté diri, pou yo ka pété fyèl nou ak diri plastik.

konsèy map banou!

Sé fè yon mwayen poun fè anpil lavay nan sistèm nou, poun rétiré tout plastik sa yo nan ren nou, kè nou, poumon nou, trip nou etc.

Sé bagay sa yo ki ap bloké ren nou an, sé déchè toksik sa yo kap fini avèk nou, fò nou révòlté poun pa manjé yo ankò.

Bondyé béni nou.

Patrick Princivil, December 7 2016, 9:30 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Haitian Singer Black EZ is Dead

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Kondoleyans pou fanmi viktim nan kanmem! Se pousa map mennen atak sa yo nan politik peyi Dayiti a ak le mond antye konsa, jis poum rape kek nanm... read more >
Patrick Princivil, 7-Dec-16 9:30 am

 

< Previous | Home | Next >