Tèt ansanm poun dwé genyen! Daprè yon séri...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17233

Tèt ansanm poun dwé genyen!

Daprè yon séri de wout mwen té wè ké ex-prézidan Martelly dévlopé, nan péyi Dayiti: sé té gwo bagay, jis gen yon séri de gwo travay, sé pa ti konpayi Sen Domeng pou gouvernman Ayiti ta bay fè yo. Lèm tap gadé yon kontra ké gouvenman tèt kalé a té bay konpayi Dominiken (Éstella) fè: kòmansé Lascahobas pou rivé Bélladè; nèg yo kaka kont yo nan wout la; yo koupé wout la rivé yon koté, épi yo kitél yal koupé wout la yon lòt koté; ébyen nèg yo té koupé wout sa a plisyè koté, kitél é rékòmansél yon lòt koté pétèt yo pat ka jwen sa yo tap chaché pou yo té fè yon bon oto wout byen dwat ki té kòmansé Laschaobas, épi ki té pou rivé Bélladè.

Janm té wè a, genlè Dominiken sa yo pat menm itilizé puisans logiciel (software) pou té fè travay sa a. Byen ké gen yon pwovèb ki di: tout chyen niché tèt kisa sa yé yo jan yo konnen.

Kòm ex-prézidan Martelly té monté prézidan ak anyen nan tèt li, menm sil té gen bòn volonté poul fè.

Péyi Dominiken yo bèl sé vré: men gwo travay puisan yo sé sure ke sé gwo konpayi Amériken kap dévlopé yo. Mwen pa di ké pou gouvernman Ayisyen pa bay ti engényè Dominiken pratiké fè yon séri de travay an Ayiti.

Pwochèn fwa, sil vou plè:
zafè gwo pwoblè ké map gadé la yo, mwen ta swété ké gouvernman Ayisyen an bay konpayi Amériken, oswa konpayi Canadyen fè gwo travay puisan sa yo. Dabò avan ké travay la kòmansé, konpayi a dwé montré wout la ki byen préparé ak puisans logiciel (softaware) sou òdinatè, é sòti plan sa a bay lòt ingényè Ayisyen ki résponsab yo pou jistan yo dakò ak travay ké yo bézwen ki pou fèt yo. Sé pa jis ékri plan travay ak ti bout kréyon, oswa plim pou fè tenten nan figi moun.

Ban kréten ki té fè wout sa yo té dwé sipozé fè kanalizasyon anba tè, twou régo, pasé kouran, kab téléfòn etc anba tè pou kontwolé dlo ak lòt puisans téknoloji; nou bézwen ingényè ki ka itilizé puisan logiciel (software) pou fè travay sa yo, jan de malpwòpté ki blayi sou wout yo la a, ak lopital yo, sa démontrém ké sé ti injényè machòkèt ki té fè travay sa yo nan péyi a.

Map viv o Canada dépi 1990 rivé jis nan lané 2016 la; zafè kou lapli tonbé pou gwo dlo ak gran rivyè boté nou al jété nan lanmè sou wout piblik nan vil yo ak pwovens yo: mwen pa janm wè sa oken koté nan péyi Canada.

Mwen tap kondi yon gwo kamyon ak yon trélè 53 pyé plis tèt kamyon an: mwen té konnen pran kamyon sa yo dépi Toronto - Scarborough - Canada, poum alé jis California - Los AnGeles (vil Sodom é Ghomore): yon koté ki pran 10 jour pou yon sèl alé ak yon chofè; é yon lòt 10 jour pou rétounen ak yon chofè: rézonk fèm pa fè wout sa yo ankò: sé paském pè fè wout sa yo dékwa pou lè bondyé ap détwi vil modi sa yo tankou Sodom ak Ghomore poum pa viktim.

Mwen pa janm wè jan de vi mizérab sa yo.

Dépi 1804 sé konsal yé rivé jiskan 2016 la;

Sa yo nou pa bézwen blamé Gouvernman Amériken, Canadyen, la France
(Sodom) ak Éspagne, byen kém pa fini konnen si Éspagne fè pati Sodom ak Ghomore; nou paka di ké sé grand puisans sa yo ki pa vlé Ayiti avansé; pétèt ti sèvo dirijan sa yo twò fèmen.

Mézanmi!

Menm grand puisans ap fè maraton pou dévlopé péyi yo, pou paka gen oken gouvernman an Ayiti ki pran chaj pou fè maraton: san yo pap kouri ak lajan yo, alò poun paka jwen yon gouvernman puisan pou pranj chaj maraton pou dévlopé Ayiti?

Zafè wout pou rantré nan jaden: sé bliyé sa, ki koté nou soti mézanmi?

Genlè sé nan twou nan rak bwa an Afrique blan Fransè té al pran zansèt nou yo poun té al fè ésklav an Ayiti.

Moun yo plen lajan: sé drivé nou nan laboue ak farine.

Nou pa ras singe; nou pa ras makak; nou pa ras goril

An nou louvri kè nou ba bonDyé papa nou ki nan syèl la, égoyis pap mennen nou oken koté, an nou fè maraton poun sové péyi a

Patrick Princivil, July 20 2016, 6:38 PM

REPLY   Next >

 

Topic: PHOTO: New Shoe Style in Haiti - MUD Resistant...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Tet ansanm poun dwe genyen! Dapre yon seri de wout mwen te we ke ex-prezidan Martelly devlope, nan peyi Dayiti: se te gwo bagay, jis gen yon seri de... read more >
Patrick Princivil, 20-Jul-16 6:38 pm

 

< Previous | Home | Next >