Pèp Ayisyen révéyé nou! Péché le...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17224

Pèp Ayisyen révéyé nou!

Péché le monde antyé monté fè yon pil, monté rivé jis dévan twone bonDyé nan syèl la, péché pèp la santi pi rèd pasé chawonj.

Pa di ké map kritiké légliz! Manb légliz yo trè parésé, yap dòmi!

Pou janm wè bagay yo ap déjénéré la a, genlè sé kèlké wòche bonDyé pwal ranmasé atè ya pou édé nou fini fè travay la. Gran-mèt la ap montré nou ké zyé li klè li pa nan dòmi, pita pwal pi tris.

Valè préchém préché moun yo, épi yo la yap fè soud orèy; yo rédi kou yo, épi yo pran pòz yo pa tandé.

Ti sékous nou té pran an Ayiti 12 janvyé, 2010 la pat anyen menm dévan gwo jou térib ki pwal rivé sou nou yo pwal ankò pi rèd; lagè avèti pa tiyé kokobé!

Sispan dòmi! Révéyé nou!

Nou paka nan légliz ak bib nan men nou, swa dizan nap priyé bonDyé, épi pou nap tatonten nan ougan, manbo, masonlòj, lougawou; nou nan légliz épi nap dansé vodou, tafya ak dwòg anvayi légliz.

Moun yo nan légliz, épi yo nan masisi, madivinèz, yo nan maryé ak ougan, oswa manbo, oswa masonlòj, asasen! Nan ki syèl moun sa yo pwalé?

Révéyé nou pou kòlè bonDyé pa fwapé nou. Péché nou santi tankou chawonj nan nen bonDyé, révéyé.

Patrick Princivil, July 19 2016, 9:29 AM

REPLY   Next >

 

Topic: PHOTO: Haiti After the Rain - Carrefour Police Station, it's a MUDDY Mess...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Pep Ayisyen reveye nou! Peche le monde antye monte fe yon pil, monte rive jis devan twone bonDye nan syel la, peche pep la santi pi red pase... read more >
Patrick Princivil, 19-Jul-16 9:29 am
Amen! Preach broth read more >
Love, 4-Aug-16 1:22 am

 

< Previous | Home | Next >