Dépi nan tan lontan sé konsal té toujou...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 17163

Dépi nan tan lontan sé konsal té toujou yé, soutou lè moun sa yo pran pwen nan men dyab, sé makèt satan ak mové zanj yo ki konsa.

Lè yo ba yon moun yon pwen, li di moun sa yo piga yo patajé lajan yo ak moun; sé dékwa lè nou-menm ti klas pòv la wè ké gwo méchan yo ap pwogrésé, san nou pa ran kont ki mizè ké yap pasé, épi nou vlé al antravé tèt nou nan malpwòté satan ak mové zanj yo, paské yo avèg, yo pap di nou kisa yap andiré poun pa kritiké yo. Chita nan bèl plaj yo ak chato yo pa di ké nou pap janm gen pwoblèm, lè nou-menm ti klas pòv la wè gwo méchan lougawou gwo zouzoun yo ap rantré ak bèl machine pwal étasyoné dévan makèt yo, épi pou yap pasé sot acheté nan makèt yo pakèt bèl mango, zoranj, gwo sak diri ki pi chè ya etc. sé dékwa poun ka gen gwo tanta, épi poun ka al tatonnen nan maché nan pyé ougan, oswa bòkò, oswa manbo, oswa masonlòj, oswa vodouyizan: al chèché menm antrave sa yo ké gwo méchan yo genyen yo, jis pou Sartan ak mové zanj yo ka dérasiné nou pi byen.

Dyab la ap dérasiné pitit li yo; pou jan map ataké yo, sak fè yo pa manjém?

gadé valè moun ki sou tè ya, sé pou yo manjé tout moun ki gen sou tè ya si yo kapab! Si enbésil pa bay intélijan pap jwen. Sé sak fè menm si gwo méchan rich yo menm jwen yon pòv nan yon fè nwa, oswa nan yon lyé sékrè ak yon goude nan men li, si bonDyé nan syèl la bal pèmisyon, lap ansasiné pòv la poul pran goude la mété sou yon pakèt milyon dola Amériken ké yo déja genyen, épi yap pran kò pòv la, épi yap voyé pòv la nan laboratwa yo pou yo wè si vyan pòv la pa kontaminé; si vyan pòv sa a pa kontaminé, yap griyé sa byen sèk tankou ké pen, épi yo plen fal yo ak vyan pòv la ak tout fanmi yo, bavé, pisé, pété, épi tout sa.

Nou pa bézwen al pi lwen: gadé kòman Moise Jean Charles, pati lavalas, André Michel, Rony Timoté, ak tout lòt pati opozisyon yo fè 4 ans yo tap krazé Ayiti; Mété difé, koupé wout, vòlè tout sa ki pou léta sou réjim tèt kalé, sou prétèks maniféstasyon pasifik.

Pou tout va'n sang moun ki gen patou nan boucheri kay gwo méchan yo, yo konnen yo pi myé pasém, men yo pa janm ouvè bouche yo nan maniféstasyon yo tap fè yo, pou yo dévwalé yo paské sé menm sanpwèl yo, menm lougawou you, menm bizango yo, menm masonlòj yo, menm baka yo, yo pap touché dosyé sa yo menm, paské sa fè zafè yo. Plen sòsyé sa yo nan tout pati politik yo, sa yo pap manyen dosyé sa yo menm, paské sa fè zafè yo, sé zafè yo ké yap réglé; yo pran pòz yap hing hang tout la sainte jounen tout nan nwit, jis pou yo ka fè satan ak mové zanj yo dérasiné moun ki fèb yo pi byen.

Nou-menm klas pòv la: swayé vijilan; lè nou wè moun yo gen pakèt bèl mèb yo nan salon lakay yo; lè nou wè yon moun gen bèl machine yo dévan pòt yo fò nou pa kité anbisyon poté tèt nou alé, épi pou nap di fò nou genyen yo tou, soutou lè nou pap travay, soutou lè nap travay jis poun péyé lwayé.

Pa bliyé menm ké nou acheté sou krédi fò nou péyé doub fwa la valè?

nou pa konnen sa moun sa yo ap fè pou lajan yo.

Nou pa konnen kisa lòm ap réglé anba syèl blé a pou yo rivé koté yo rivé ya. Pa bliyé ké nou pap ka mété byen matéryèl yo nan sèkèy nou lè nou mouri.

Pa bliyé ké nou pwal nan tonbo a avèk sèlman rad sou po kò nou.

Sim té nou-menm mwen tap kouri pran anbasad nan pyè Jézi

Patrick Princivil, June 21 2016, 9:21 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Haitians, Why BRAG about it if you Do NOT intend to SHARE it?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Depi nan tan lontan se konsal te toujou ye, soutou le moun sa yo pran pwen nan men dyab, se maket satan ak move zanj yo ki konsa. Le yo ba yon moun... read more >
Patrick Princivil, 21-Jun-16 9:21 am

 

< Previous | Home | Next >