An tou ka sé sèl gouvernman ki té bay nou-menm...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 15233

An tou ka sé sèl gouvernman ki té bay nou-menm Diaspora chans nou poun té palé ak gouvènman lakay nou nan Miami, lè nou tout té gen dwa pou té poté plent kont tout kalanbè ki kasé ponyèt nou an Haiti yo. Mwen pat réyaji paské mwen pat gen lajan poum té alé pèsékité moun ki té abizém yo, map di nou sa klè ké Laurent Lamothe tap banm jistis mwen épi sé paské sé yon jou Sabbat mwen té gen lòd dévan bonDyé poum té al patisipé men mwen pat gen lòd poum té poté plent kont moun sa yo.
1.) Gran manjè yo té kenbé konténè mwen nan douane port au prince pou 4 mwa jis pou té fè konpayi blan an sousé sang mwen pou $45 USD. Chak jour pou frè réta; pandanm té sou 4 mwa sé konsa yon lòt Diaspora té sou 7 mwa réta ap tan; gadé kijan moun sa yo enbésil?

Sé bòdo pou yo banmwen pou mal péyé ou pa banm bòdo lè ou rési banm bòdo ou di fò mwen al péyé frè réta?

Sé vòlè yo trò vòlè oubyen sé intélijan yo trò intélijan?

Mwen pagen lajan kounyé a men map trennen tout moun sa yo la jistis, sé yon bagay ki klè, nou pwal kontrolé lè mwen té voyé konténè a avèk lè yo banm bòdo a; pou kounyé a mwen paka al pran oken chans ak ti avoka vòlè, soufrisken, koko-rat, juge koko-rat an Haiti, sé fèmen moun nan prizon, moun ap péyé anba tab pasé nan pòt dévan, sòti nan pòt dèyè al lakay yo sé sa kap palé nan radio.

Bagay yo pwal pi rèd pou yo paské mwen pwal kapté tout radio kap bay nouvèl sou Haiti 24/24 map vini ak plis kont randu pou tout zanmim yo ak enemim yo ki sou rézo internet yo nan tout kwen monde lan. Mwen préféré avoka Canadien pou fè travay sa yo pou mwen, map pwal sou do pié yo, gouvernman Martelly a té mèt détwi konténè a san problèm mwen pa bézwen ti rès yo kité a si yo poko détwi tout rès la, sé lajan cash mwen pwal mandé, Men sé pou gouvernman Préval la ki pwal péyém sa, gen ti visyé zaboka Jaqueret nan Turjo #95 sé poul vomi $200 US mwen an sil poko mouri, mè Francis, nan Carefour Christ-Roi am nonm ni an: Arol Jacques si yo poko mouri yap péyém sa. Sak pi fèm mal la, lèm té ataké konpayi blan a kité poté konténè a moun mwen té palé sé té yon blan li dim bon puiské konténè yo déyò pandan 4 mwa ké sé pa fòt pa yo sé gouvernman Haitian an ki kréyé problèm nan, ké li ofrim yon ( deal): li té dim jis péyé yo $1000 US sèlman épi al pran konténèm, menm ké sé gouvènman Haitien an ki ta dwé péyé $1000 US sa a pou frè réta a paské sé yo ki kenbé konténèm san yo pa banm bòdo, yo bay manti e yo di blan sé mwen ki pagen lajan poum pran konténè sa a e yo banm manti e yo dim ké dokimanm yo té pèdi nan douane e yo pat ka jwen, brokèt tout pwal parèt dévan avoca Canadien ak immigration Canadien, tout avoka pwal chajé pwal nan bouda yo, mwen té blan an oké, byen ké mwen ta pwal toujou pèsékité gouvernman Haitien an pou $1000 US sa a mwen té di blan an mwen dakò, li té dim oké alé wè avèk yon kalanbè nwè parèy mwen ki rélé Magdala; Ébyen malpròpté té a té répon mwen non ké gran chèf la pa vlé, sanl pat menm déplasé li té dim non ké li pa tap bay konténè a pou $1000 US pou frè réta.

Si nou tandé map di ké map di kém pito pran 50 kout baton nan men yon blan oubyen yon Mulatre mwen pa ta janm renmen pran menm yon kout baton nan men yon Nèg nwè ti zòrèy parèy mwen mwen gen tout rézon my. Lè blan an oubyen mulatre la bat ou li bat yon bò bouda épi li kité lòt bò bouda a pou ka pran fòs pandan sa a li mét nan tèt li siw korijé li ka bézwenw pou al travay pou li nan futur e wap ka édé tèt ou ak fanmiw kaka sa yo sé fini yap chaché fini nou yon sèl jou.

Mwen té pran yon prizon nan Pétion - ville, lieutenant Bronsi té di bouro ki tap bat moun nan kazèn Pétion-ville la pou té banm 25 kout baton ebyen bouro a sété yon Nèg nwè parèy mwen; Pou moun ki pat kon Lieutenant Bronsi, misyé sé té yon Mulatre.

Prémyé fwa mwen té parèt nan kazèn nan lè sa a mwen té genyen 21 ans, ebyen lè bouro sa a té ralé gro koko makak li poul té manyen manm mwen sé 2 men li li té itilizé pou li té kasé zom, sété nan zo ponyèt mwen ak zo jénoum sèlman li té ataké poul té fini avèk mwen, lè lieutenant Bronsi té wè ké mwen pat ka rézisté ankò li té gen pityé pou mwen li té di bouro a bal fè rès la, ébyen sé li menm ki té banm rès 21 kout baton an e mwen té prèské pat santi rès yo ankò; gen méchan nan tout nasyon men genlè menm so bonDyé té mété sou Caïn an sé li ki sou 99 pousan nèg nwè parèy mwen. É yo patou, gen Ottawa - Canada: sé la mwen tap viv pandan 15 ans kounyé a mwen Toronto -Canada; dépi wal pran yon ti travay nan konpayi blan an ou wè gen Haitien ladan oubyen kèlké swa lòt nwa ki soti nan lòt péyi yo sé mété zèl nan do nou kouri al chaché travay lòt koté yo pap ba nou chans, yap fè tripotay sou blan kont nou san rézon yap tayé zèb anba pié nou jiskaské blan an voyé nou alé, lè nou rési jwen yon ki pa malvéyan nan pwen sa yo sé di mèsi bonDyé, yo méchan.

Lè superviseur la voyé nou al travay avèk yo sé yo menm an Prémyé kap tayé zèb anba pié nou pou fè blan an révoké nou soutou lè yo gen 2 ou 3 ans nan travay sa a. Antouka sé yon bèl okazion pou Diaspora ki pa malonèt yo pou al édé tèt yo, édé péyi d'Haiti avansé e édé fanmi yo pi byen, véyé yo. Men gouvernman Canada pwal dépòté 6,700 Haitien an Haiti, lè gouvernman Canadien dépòté moun 100/100 sé pou krim, drogue, vòl ak vyol etc. lè yo rantré an Haiti sa nou konnen yo pwal kontinyé fè?

Yap kontinyé fè sa yo konnen an si yo pa konvèti. Épi si pou Prézidan Martelly nan gouyé nan kanaval avèk yo, jwé boul avèk yo e ba yo travay nan gouvernman Haitien an nou tou konnen sé yon kansè li déjà yé pou Haiti e lap kontinyé yon kansè pou nou-menm pèp Haitien, an prinsip fò gouvernman Haitien an ta dwé gen yon founèze byen dispozé nan chak airport Haitien yo sé chofé founèze yo dènyé dégré pandan tout 4 heures de tan yo fè nan avion an pou kou yo rivé nan airport Haitien an pou griyé yo pou yo pa alé fin pouri rès ki déjà gaté yo, an tèm yon gouvernman ki nan nèg maron e ki nan pied tout saint.

Mwen-menm étan doné sé Krétyen mwen yé mwen tap ba yo yon dosyé kriminèl, mwen tap fèmen yo nan prizon pou pi pitit 5 ans, ba yo manjé fè yo travay, voyé group réligion Adventiste al fè étude biblik avèk yo priyé avèk yo, pandan 5 ans tout sa ki chanjé yo kém lagué yo menm map kontinyé sivéyé yo avèk tout machine police yo ak kaméra, rada, odinatè nan tout machine police sa yo, pandan 5 ans sa a fò police sa yo toujou ap tyéké plak machine yo ak moto siklèt yo nan system nan dépi nou kenbé yo nan menm zak malonèt sa yo ankò mwen fout griyé yo nan founèze la. Sak pi fèm mal la US-Canada gen prizon pou yo, yo pakapab avèk yo e yo voyé tout alé Haiti pou al kontinyé ravajé pèp Haitien, li pa fè sans.

Si nou ta wè bagay yo ap mal maché an Haiti sou gouvernman Martelly a sé pa fòt Prézidan Martelly, dépi sou 100 jours li té fè sou gouvernman Haitien an lèl fin Prézidan an démontrém ké li ka fè travay la men fò li pa fèmen zyé sou vòlè sa yo kap manyen manm moun sa yo an Haiti yo. Gadé blokis ki gen sou wout Dèlmas a, dévanm moun ap plenyen nan bank yo Nèg kaché sou koté bank yo nan bèl machine yo pou vòlè lajan moun kap soti nan bank yo ak gro lajan nan men yo si sé té vòlè ki té ka kouri mwen ta di bon gen sa nan tout péyi plis ou mwens pasé Haiti, vòlè yo nan figui nou nan yon blokis machine paka boujé rapid la police paka kenbé yo?

Ebyen nou mèt di tout sé yon pakèt police twal sang kap kontrolé Dèlmas oubyen yo konplis nan zak malonèt sa yo. Map di nou yon bagay ! Travay map fè la a mwen paka gen zanmi e yo pat renmenm e yo pap janm renmenm, mwen déjà konnen sa; mwen pa fout pè yo, rétiré proteksyon ki sou mwen an pou nou pranm, proteksyon sa a sé pa nan bizango, sanpwèl, masonlòj, légliz, vaudo (witchcraft), masisi, madivine etc mwen jwen ni sé nan Jézi de Nazarèt mwen jwen ni, si nou ta wè lè misyonm fin akonpli nèg ta manyen manm mwen pa di nou té wè sa pou mwen, an 2010 mwen té fè 6 mwa Haiti; 2011 mwen té alé, an 2013 mwen té alé Haiti em té fè 8 mwa an Haiti; lè ajan Amériken nan douane nan té mandém kisa nou té manjé an Haiti soutou nou
yon fanmi ki 5 moun, mwen té pon ni ébyen nou té manjé, patat, zaboka, tomate, zonyon, kréson, papay zoranj etc. tout suit li té di nou bon voyage au Canada, pendan misyonm poko akonpli a map profité kimen sou enemim yo.

1.) Si nan tout péyi ki té di ké yo tap bay Prézidan Martelly ké yo tap bay Haiti èd yo sé 3/100 ède li résévwa sè ké li travay.

Si la Mairie ap piyé machandize ti machan yo; Si nèg ap lagé 2 kamyon wosh nan lari pou ralé zam sou mou pran zafè yo; Si EDH, CAMEP, la douane ap mal marché; Si DGI ak la Mairie etc ap mal maché nou paka mété tout charge négatif yo sou po do Prézidan Martelly ak Lamothe, K Plim etc. sé noum- men ki pou fè yon fason poun guéri vyé sèvo santi kaka ké nou genyen an.

Dépi yo banm chans mwen poum voté pou kandida an Haiti ak double nationalitém nan map toujou kanpé fèm dèyè pati tèt kalé a (PHTK) San ipokrizi si pati a gen asé puissance pou akonpli tache sa yo. Mwen pap gen oken problèm ak sa, men si non sé pasé kòn nan ba yon lòt ki répon pou chanjé bagay sa yo, si non sé bagay sa yo kap toujou ap répété sou répété sou tout rézo internet yo pou jistan nou jwen bon jan soulajeman ak problèm sa yo. Pandan nèg ap enskri pou yal nan éléksyon mwen-menm mwen rété tèt frèt map chouté sou malfrendeng, sak pa pè boukan difé a sé al fouré tèt yo paské kotém chaviré tab pokè sa a fo bwam nan menm sé pwent map bay sèlman.

Dabò Bill Clinton kòmansé désan li pap ka sipòté pwent sa yo, lòt ki ranplasél yo pap ka sipòté gro pwent sovaj sa yo, sé bay Haiti yon chans pou nou ka réspiré.

Ké bonDyé béni nou.

Patrick Princivil, May 15 2015, 11:11 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Former Haitian Prime Minister Laurent Lamothe exercising

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

An tou ka se sel gouvernman ki te bay nou-menm Diaspora chans nou poun te pale ak gouvenman lakay nou nan Miami, le nou tout te gen dwa pou te pote... read more >
Patrick Princivil, 15-May-15 11:11 am
Mwen panse misye ap prepare mantal li pou'l ka pati deti deye KEP nan fojak. Ebyen, n'ap sibbbbb. So suspicious... read more >
Fred, 15-May-15 2:03 pm

 

< Previous | Home | Next >