Mwen lavé men-m nan dosyé sa yo papa, sa mwen...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 13269

Mwen lavé men-m nan dosyé sa yo papa,

sa mwen té ka di nan détay sa a ké Jezi ki Jezi énmi li yo té fèl pi rèd, ki yès nou yé po yo pa ta fè nou pi rèd ké sa?

Pa bliyé ké Jézi tap préché e li té di: pardoné mou-n kap maltrété nou, renmen énemi nou yo, priyè pou mou-n kap pèsékité nou, sé pou sa yo té di li fou paské sé pa yon bagay ki fasil, li fè sans pou mwen paské li montré nou sa sou croix a e li té di padoné yo papa yo pa kon-nen sa yap fè.

Si li ta vlé li ta réuni ti group disip yo épi li tap tuyé méchan yo ak pè Lébrin e détwi preské tout sak ki té nan Jérizalèm, li té wè sa pat tap yon profi pou disip yo li té préféré mouri sou croix a poul té ka sové nou.

Sa mwen apran-n nan makèt la si nap chaché fè tout bagay pou kont nou nap kofré, François Duvalier té men-m ékri sou lajan yo l'union fè la force, sé konsa poul ta dwé yé men les hommes foulé-l anba pied yo. Jean Bertrand Aristide té di nan diskou li men anpil charge pa lou ki sak trò di pou nou paka apliké a?

Mézanmi Jézi pwal vini sé lè pou-n uni nou; si nou kolé tèt nou ansan-m koté Munistah ak la police ap jwen nou pou démoli nou. Sé nòmal si nap fè dézòd force de lòd pap ka jwé ak nou, yap pilon-nen nou sé répanti pou-n répanti.

Bondyé déjà fè zam ak baton pou fixé biznis méchan, nou pa gen anyen nou ka chanjé la dan-n. Roi David mété ak tout lòt autorité Chrétien pat kon-n jwé ak enmi yo, nèg ap fè dézòd nèg ap bwè baton ak bal.

Sé ta tout yon plézi pou mwen si-m ta wè Munistah ta rétounen lakay yo, ou byen viv Haiti en harmoni avek nou, men dépi sé konsa nap aji Munistah pap fè yon pa.

Klas pòv la ap kité bal ak kout baton fini avek yo paské yo pa gen lajan men yo pa ran-n kont ké men-m si Jean Bertrand Aristide ak Jean Claude Duvalier etc pa en paix
nan konsians yo, puiské yo gen lajan yo pap mouri nan mouri nan bay moun pè Lébrin, nou pap jan-m wè yo nan la rue ap krazé brizê.

Sak pi fèm mal la yo pat fè sa pou Jésus de Nazarette.

Vrai problèm nan sé lajan.

Dènyé opinion mwen sé Prézidan Martelly ou byen Lamothe map tan-n pou pot victwa en 2016;

Mwen pito devlopman e mwen kont pè Lébrin, tèt mwen byen chita sou zépòl mwen e mwen pap chanjé idé.

Viv Prézidan Martelly ou Lamothe.

Patrick Princivil, August 24 2014, 9:15 AM

REPLY   Next >

 

Topic: PHOTO: Aristide Bin Laden

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Se sa ou we diferans lan, le yon bagay pase se pa pwomet pou nou ap pwomet fe mal, se pou nou aprann pran konsyans, cheche imilite poun fe fas a... read more >
John, 24-Aug-14 8:06 am
Mwen lave men-m nan dosye sa yo papa, sa mwen te ka di nan detay sa a ke Jezi ki Jezi enmi li yo te fel pi red, ki yes nou ye po yo pa ta fe nou pi... read more >
Patrick Princivil, 24-Aug-14 9:15 am

 

< Previous | Home | Next >