Haïti don't open for business, Valè chien janb&#233...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 12592

Haïti don't open for business,

Valè chien janbé ki gin nan la rue Port au prince et partou en Haiti yo sé pa biznis yo yé?

Si yon diaspora ap pansé a pousyè, hotel chè an Haïti yo pa min'm bézwen alé Haïti, 12 Janvier 2010 sipozé yon éxzanp pou nou-min'm Haitien.

Tout mou'n kon'nin ké nan Caraïbe la sé nou-min'm Haïti ki pi pòv, min yo paka di sé nou-min'm Haïtyen ki pi maudi, ti péché gro péché tout sé min'm bagay, méyè solisyon sé kwè nan Bondyé, voizin nou ap byen min'nin voizin nou ap bay pi bon sèvis, bon bagay, min nou pa kon'n ki action malhonèt voizin ap komèt devan Bondyé.

Lè nou li histwa Canadien avec Indien yo sé té yon bagay terib; histwa a di nou ké gouvernement Canadien an té tuyé 53000.000 cinquant trois millions Indiens sak pat mouri yo sé sak té gintan kouri al au États-Unis yo, yo té blanchi tout mou'n sa yo et yo té pran tè Indien yo, sé pou sa ki fè Indien yo pa tax au Canada et min'm lékol yo gratis au Canada, imajiné nou, nou sé sèlman 14,000,000 quatòze million Haïtiens kap viv Haïti épi U.S ou Sen Domeng rantré an Haïti a gro zam et détruis nou tout et pran tè Haïti nan main nou?

Fè Bondyé konfians, priyé et fè jèn, nou pa pwal nan tombo a a anyin, mwen ta swété pou jèn démoizèl konpran sa kap pasé la a, èské lap travay pou Bondyé ou-byen èské lap kité décépsyon ak frustasyon diab poté-l alé?

Sila ki kité diab la manyin man-b yo sé érè yap fè paské Satan avek mové ange yo pa anyin.

Mwen pa di pèson al fè sa, madan'm mwen sé Jamaïcain li yé nou gin 3 timou'n piti, sak pi gran an apèn gin 6 ans, nou fè arangeman nou anfèmin 5 ti chan-m en Haïti pou $1000 US dollars pou 1 an nan Croiffè tou prè Laschaoba et Bélladè, nou gin ti réchaud deux places a kouran nou et nou-min'm gin ti réchaud trois pieds nou ladan et trè bientôt nou gin pou'n acheté yon bèl fou a 4 places ki maché a gaz, yon jou na gin frigidè nou kon'n nan ki payi nap viv jou pa gin kouran nap itilizé gaz, si pata gin kouran ak gaz na fout boulé chabon, si pa ta gin kouran, gaz ak chabon ma fout pran rache mwen ak manchèt mwen et pikwa mwen mal déchouké rasi'n bwa sèche nan rajé a ou nan jadin mwen pou nou fè mangé, lè'm rivé lakay nou, map fout sanblé 3 ròches nap fout manché bwapin nou ak alumèt nou, si pa gin bwapin nan ville la pou'n acheté nap fout limin bwa yo avek gaz, si pa ta gin gaz, nap fout chaché plastic nap boulé'l sou bwa yo nap jwen difé, lè nou fi'n jwen difé nap manjé sélon sa saison an bay, si sé saison patate nap fout mangé kont patate nou ak fèy lian-n panyé nou ak zépina ak koupyé, la-m véritable, nap fout bouyi diriz nou, maïs moulin nou, pwa vèt nou, maïs vèt nou; et nap pi byen mangé ké mou'n sa yo kap mangé malpropreté sou la rue a; nap pi byen mangé ké mou'n sa yo kap mangé malpropreté MacDonald nan US-Canada et tout lòt malpropreté mou'n ap mangé nan réstaurant yo. Lè nou kwit mangé nou lakay nou kon sa, nou fout mangé pi byen pasé tout gro zouzou'n sa yo kap mal fété a.

Mou'n nan kap sèvi nou nan restaurant yo si min'm yon'n pa rimin fòm tèt nou, li ka kraché nan mangé ké lap ba nou an, li ka mouché epi li mixé la rhume sa nan sauce lap ba nou an, si fan-m nan gin règle li, li ka ralé kotex li ak tout sang nan kisa sa yé'l épi li fè nou bwè kont microb nou nan ju, yo fè nou bwè tout malpropreté ki ékzisté, yo ka fè nou mangé kont tintin yo kèlké swa Prézidan ou Roi, soutou si nou pa trété yo byen, soutou Haïti si sé diaspora ou yé sé pi rèd, ou ka pati a l'étrangé si sèvant la paka parti pou sa li ka jaloux, si'l jwen touyé'w lap touyé'w.

Mwen pa kon pou nou mwen pa fout dwé dyab la anyin, au non de Jésus fò nou sot nan anfèmin kay mou'n, fò nou gin pròp kay nou a tè nou, au nom de Jésus $1000.00 USD sa nou jwen pou payé fèm kay chak anné sa a au nom de Jésus lè jou délivrance nou rivé na fout acheté sable, ciment etc. pou nou fè yon tâche pou'n dòmi, pétèt impôt lokatif na péyé chak anné; épi la vie continue min'm pap fout al pran pwen nan main dyab.

Mézanmi pa plin'yin pou sa kap pasé nan monde la, vi'n jwen Jésus; kité cantik pran priyè! Sé Canada'm yé wi. Nou pa nan limen bwapin, nou pa nan boulé chabon, nap viv nan luxe sé vré min kay blan an pa fout pou nou, sonjé sé pitit sòyèt ké nou yé, piga nou nan al montré pèp Haitien nou ginyin, pa tronpé tèt nou, piga mou'n ki déjà fi'n rich an Haïti sousé sang nou nan gro hotel gro zouzou'n, gin koutyé ki ka fè nou jwen bon jan kay ki tou meublé pou tan de jour ké na'l fè a, nou paka di'm pou na'l fè 12 jours an Haïti pou na'l chita nan Hotel Haïti, piga nou koké chapeau nou koté'l paka rivé, li mèt sé yon ferme tè nou fè, bati ti kay nou an Haïti, nou pa kon'n ki lè sa ap pasé mal nan gran payi yo. Si 3è guerre mondiale rivé nou gin chance kouri al nan payi nou ki Hayiti na fout gin'w tâche pou'n dòmi nan payi nou, an Haïti nou ka mal pran ni, kèlké swa saison hiver, min'm si frédi ta manyin man-m nou en Haïti, min frizè Canada-US-laFrance ka fout touyé nou si tou kay krazé nan là guerre.

An nou pa humilié ti payi pòv nou an, Haïti paka fè tèt li bèl poukont li sé nou ki pou mété tèt ansan'm pou nou ranjé'l.

Président Martelly ak Lamothe pat non'm manman'm et mwen pap sousé okin'n zo nan gouvernement Martelly, yon sèl bagay mwen vlé ké pèp Haitien an réspécté lè yon Prézidan élu pou 5 ans; si Prézidan an pa rémèt anyin nan manda'l fè a, rét tan'n manda'l fini pa sèvi avè'l ankò, pèp la trò dézòd. Kèlké swa Prézidan ki élu an Haïti en 2016; Sa nou chwazi ap croké nan kou nou pou 5 ans, sé pou dézòd sa a fini.

Patrick Princivil, June 17 2014, 4:39 PM

REPLY   Next >

 

Topic: VIDEO: Haiti is NOT open for Business, Haiti is TOO Expensive - Frustrated Haitian

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

1 - 10 of 37 « First  ‹ Prev  1 2 3 4  Next ›  Last »
Woow...she is a sellout that joined with the forces to keep Haiti poor read more >
Annette, 17-Jun-14 1:42 pm
It is really too expensive I went to Europe everywhere the money I spent for 15 days is not enough to spend for 4 days in Haiti read more >
Marie, 17-Jun-14 3:00 pm
She has a point read more >
Wallace, 17-Jun-14 3:09 pm
Je suis d'accord mais c une suggestion a faire remonter au ministere du tourisme pas dans le monde entier.partout il y a haut et bas c a vous de... read more >
Pierre Lundu, 17-Jun-14 4:06 pm
Strongly agree! When I travel to my country I feel like getting rip off! read more >
Angie Blemur, 17-Jun-14 4:24 pm
Haiti don't open for business, Vale chien janbe ki gin nan la rue Port au prince et partou en Haiti yo se pa biznis yo ye? Si yon diaspora ap panse... read more >
Patrick Princivil, 17-Jun-14 4:39 pm
I just came back from England for a month. All of my expenses were paid by my company. And you know what: ENGLAND IS STILL TOO DAMN EXPENSIVE!!... read more >
Jacques L, 17-Jun-14 5:52 pm
Let me say as a starter that I was surprised to hear this young lady's speech. I will say, from the onset, that she is right. What I admire mostly... read more >
Gerard, 17-Jun-14 6:43 pm
I am not surprised of your reaction. If someone disagree with you just stomp in him. She came with her arguments to support what she said. What are... read more >
Gerard, 17-Jun-14 6:49 pm
You are absolutely right. Haiti is not open for anything read more >
Joe Marmont, 17-Jun-14 7:26 pm
1 - 10 of 37 « First  ‹ Prev  1 2 3 4  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >