Dominiken pa tap kite yon ayitien sitou nan moman sa vin...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 11292

Dominiken pa tap kite yon ayitien sitou nan moman sa vin fè kob sou li konsa, si nou ta tande jan mizik sa ap mache nan repiblik dominiken chak djaz bal vèsion pal, chak entèpretel yon jan. manager a tap profite de Rumai, paske li konnen ke Rumai pa konn pale espayol, aloske pou manager Oliver Peña li di ke Rumai frekan li desann jis Ayiti lal deye tradiktè, e li menm se profite li tap profite de Rumai ki se yon vye maldito haitiano ki pa konn li e ki pa kopnn pale espayol, li metel sou moun, alos si li gen tradiktè li pa ka fe kòb avèl ankò, paske se kòb li tap fè avèl, dominiken an pa konn ede ayisyen an vre, sil wè li ka benefisye yon bagay nan menw li pran poz lap edew, paske tout dominiken di zansèt nou yo te konn fè yo pase mizè, zansèt nou yo pat vle avanse, yo te fè yo fè esklav, aloske kounye se avèk nou menm pou yo avanse, pou yo profite nou, e peze nou pou yo ka monte, yo pap fè anyen pou nou vre yo selman bezwen kouraj nou intèlijens nou depi yo fin jwenn li yo pa bezwen nou, kom li fin fè valè kob li te bezwen fè avek Rumai la, li pa bezwen li ak tout tradiktè li desann jis haiti lal chèche a pou fel konprann kek bagay, sa vle di Oliver Peña tap bay palito de coco manti, se manager li ye se pa li tout kob yo pase na konprann sam di nou yo, se an repiblik dominiken map viv, yo te di yo bal kay, machin, visa pou new york, tout se manti.

kounye a li grangou, li pa gen menm kob machin pou ale ayiti se mache lap mache nan televizion poul mande èd, podyab kòm li pa tande panyol, paske si li te tande panyol li tap tande valè koze kap di sou li nan televizion yo li pa tap prale ladan yo.

Yose Jose, November 15 2013, 3:11 PM

REPLY   Next >

 

Topic: FLASH... Rumai (Palito De Coco) ABANDONED by his Manager

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Dominiken pa tap kite yon ayitien sitou nan moman sa vin fe kob sou li konsa, si nou ta tande jan mizik sa ap mache nan repiblik dominiken chak djaz... read more >
Yose Jose, 15-Nov-13 3:11 pm
The manager took all the money, and left Palito De Coco with nothing? I am not surprised a Dominican would do that to a Haitian. Michel Martelly... read more >
Paul, 15-Nov-13 10:38 pm
M pa ka kwe sa moun sa di pou preziden voye chache palito de coco moun sa se fanatik aristide pou l ta ye read more >
Jean Alix Jean-simon, 16-Nov-13 3:12 pm
Getting ripped off by unscrupulous managers is not something new nor exclusive to the Dominican Republic. Palito De Coco should have hired a lawyer... read more >
Ricart, 16-Nov-13 5:34 pm
oh oh sa Palito de Poco t komprann dominicain non seulement pa renmen haitien et c ou peuple ki traite et raciste. yo so stupid, yo komprann c blanc... read more >
Maryse, 23-Nov-13 7:03 am
Fre-m Haitien pi mal. An nou gade nan pase nou e tan aktiel, Haitien pa konn moun kap ede yo. Dade sa yo te fe Dessaline plis tandot anko, lis la... read more >
Jean Alix Jean-simon, 23-Nov-13 4:22 pm
Que c'est triste pour nous avec ces mentalites. Moi je suis differente, j'adore haiti et mes freres, soeurs haities je ne sais pas pourquoi les gens... read more >
Maryse, 24-Nov-13 11:50 pm
On ne peut pas changer notre mentalite c'est dans notre sang. fo w pa kache lonbrit le w ap benyen. La verite blesse mais c'est la verite. Se sa ki... read more >
Jean Alix Jean-simon, 26-Nov-13 12:45 pm

 

< Previous | Home | Next >