Nèg sa-a genyen ANPIL lajan, kobyen lajan ki ANPIL pou ou?

Ki Diferans ant yon moun RISH ak yon moun ki BIEN? -- Gendelè ou tande yon Haitien ap pale, li di "Mesye... Nèg saa chaje lajan... Nèg saa genyen ANPIL lajan..." Ki kantite lajan ki ANPIL lajan pou ou?


In Haiti there are so many Things that make you go Hmmm...

Mwen konnen moun ki milyonè epi k-ap plenyen razè.

Mwen konnen moun ki genyen gwo metye, bèl kay, men gwosè Mercedes yo, epi yo gen plis pwoblem finasyèl (lajan) pase yon pòv malere (abitan, jan nou rele yo-a) ki posede sèlman yon demi kawo tè andeyò Haiti ak yon ti bourik.

Dayè, mèt bourik la pa genyen ni gaz pou li ashte, ni mekanicyen pou li peye repare-l, se sèlman bay bourik la dlo, fe li travay, epi mare li nan zèb...

Pou zafè kay menm... Li bay ti kay la yon koush penti petèt yon fwa pa ane... tout sa li bezwen pou repare kay la, l-ap jwen li nan raje a, eksepte de twa fèt tol, avek kèk klou... e menm sa-a pou li ta ashte, li vann yon bagay ki fèt sou tè-a oswa ki grandi sou li ...

Tout sa li bezwen pou li manje, li ka pwodui-l sou ti demi kawo tè-a... li pa gen ni kouran pou li peye, ni aparey eletro menager ki pou souse kòb nan pòsh li...

Le-w tande yo di-w "nèg saa chaje lajan" ou kwè yo konnen ki valè pwoblem li genyen tou. ou kwè yo konnen ke lajan-an sèlman pase nan men li, al jwenn yon lòt ki pi gran nèg pase-l?.

Epi tou, KISA sa vle di "Chaje Lajan?"

Gen yon gwo diferans wi ant yon moun ki RISH ak yon moun ki BIEN...

Gen anpil moun mwen konnen ki rish (ki posede anpil bagay shè) men kè yo pa kontan. Gen de twa moun mwen konnen tou, lè ou rankontre yo, ou gade yo, w-a ba yo tout ti kob ki nan pòsh ou telman yo parèt pòv, pandan se tan, yo pi bien pase-w, yon ka ashte ni ou ni fanmi-w.

M'ale...

Kite yon mesaj, di-m kisa-w panse...

Write a comment  (9)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (9)

Jeremi says...

Felicitaion.

Moun yo panse pason yap la pabon, gen nan yo ki met nantet yo, moun ki gen lajan deja nan paradi.Epi moun kigen lajan chaje ak problem pa

Reply  ... More

Oxceva says...

Wi sevre, menmsi moun yo gen lot problem, espri yo plis poze paske yo pagen trop bills.

Se yon bon ide wi, paske'w panse a ekri kek sijè nan lang kreyol, paske se pa tout moun ki bon nan ekri lang

Reply  ... More

Oxceva says...

Konpliman paske'w panse a devlope kek sijè pou moun ki pa ekri anglè.Wi se verite.

Menmsi peyizan yo gen lot problèm, yon fè mwens depans, epi espri yo plis

Reply  ... More

Kim says...

Anna, you tell the truth.

People in Haiti want to become rich or live comfortable on the back of the people who live in the U S of A. When you refuse to let that happen, you what, they hate you. They all can die for all I

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

Ki Diferans ant yon moun RISH ak yon moun ki BIEN?

Sa séyo bonne question.

Yon moun ki rich sé yon moun ki possédé anpil l'argent ak anpil autres bien matériel, parfois li kapab rish et bien en même tant, min parfois li kapab rish et misérable en même tant tou; si sé nan dyab li fè l'argent sa yo, richesse sa yo pap util li an'yin. Konsa tou li ka pa nan dyab min li ka périt pou rébélion.

Reply  ... More

Boniface Zebo Correspt De says...

"gen moun ki gen kob yo pa madanm yo kob dit ou pou yo fe provision pou pitit yo...

yo te met voye dolas me pa joué milyonè...b

Reply  ... More

Anna says...

se vre la pli pa nan yo pi bin pase diapora, yo range kor yo pou yo piye moun etrange nan bail menti, fe move

Reply  ... More

Rich says...

I call this Truth for

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Neg sa-a genyen ANPIL lajan, kobyen lajan ki ANPIL pou ou? edit

» »