Haiti Elections - CEP, KEP, CTCEP - "P" a vle di "Plume ne Grouille"

Mezanmi.... Depi lontan gen yon problem "P" nan peyi d'Haiti... CEP, KEP, CETEP, se "P" a ki pwoblèm lan... Sanble "P" a vle di "Plume ne Grouille" oswa "Pwenn fè pa..." Li pa posib!

Haiti Elections - CEP, KEP, CTCEP, Tout C P
Haiti Elections - CEP, KEP, CTCEP, Tout C P

C.E. Kidonk Conseil Electoral oswa nan lang Kreyol, K.E. kidonk Konsey Elektoral... Tout moun vle Konsey electoral la men dènye "P" frè-m sè-m, gen sa ki vle li Pwovizwa, gen zòt ki vle li Pèmanan, yo yonn paka dakò ak lot...

Akoz de bagay saa toujou gen yon pwoblem "P" nan peyi a...

Yon jou ou tande CEP vle di Conseil Electoral Provisoire, yon lot jou CEP vle di Conseil Electoral Permanent...

Depite ap batay, Senatè ap kraze chèz, Presidan ap fe djòl pwès, men jiskaprezan, "P" a vle di "Plume ne Grouille"

Yo menm ta vini ak yon CTCEP ki vledi Collège transitoire du Conseil électoral permanent epi yon tounen nan CEP Conseil Electoral Provisoire ankò...

Ou wè pwoblem peyi saa?

Moun ki ap dirije yo tankou de ennmi ki marye, menm saa yo pa ka deside sou li...

Pandan se tan, Haiti kanpe sou yon bit "Pwenn fè pa" epi Pèp la pa gen bouch pou pale...

Kisa-w di nan bagay saa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (1)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (1)

Patrick Gaspard says...

Baggy la semp fre'm. Pran'l konsa: nou gen yon Kinsey electoral pwoviswa an pe mamans ( conseil électoral provisoire permanent) mwen pa eseye kkonprann

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti Elections - CEP, KEP, CTCEP - "P" a vle di "Plume ne Grouille" edit

» »