Gade kisa yon Kawotchouman fè Machinn mwen an Haiti LOL...

Ou gen dwa ap gade photo ki nan paj saa epi ou mande tèt ou: Kisa sa ye? Banm rakonte-w istwa a byen pou-w ka konprann foto a... LOL... Mwen pran yon pann kawotchou Haiti, mwen pote li bay yon kawotchouman pou repare li pou mwen... Sezisman Total Kapital...

Mwen te yon jan prese, mwen kite kawotchou a nan men misye pou rajne. Lè-m tounen, mwen jwen kawotchou a, yon kawotchou tubeless, nan yon press, stil press ki ranje chanm bekann yo, ak yon DIFE ki ap boule andedan li, lè-m mande misye kisa l-ap fè la a, li reponn: "M-ap kwuit li"

Ti bagay nwa ou wè nan foto-a se yo moso chanm misye koupe pou li eseye kwit yon kawotchou tubeless... LOL...

3 lot bagay yo ou wè yo, se boulon misye kase pandan li t'ap demonte kawotchou a nan machin nan.

Eske misye te ranje kawotchou a?

NON...

Misye dim kawotchou a pa bon paske li pa ka kenbe van. li fè-m achte yon chanm mete andedan kawothcou a pou 400 goud, li fè-m peye li plis pase 200 goud pou tout sa li fè yo, chanm la fè yon jou selman.

Ou konn sa ki pi bel la? Mwen travese frontye Haiti an rantre Sen Domeng, yon ti kawotchouman lotbo fontye a ranje li pou mwen pou 100 pesos...

Anpil kawotchouman Haiti gen yon bout fè, yon pens, yon tonn a vis, epi yo sèl bòs nan kanton an...

Kisa-w panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment

Read more: Haitian Auto Repair, More Articles, Comedy, Photo Stories

You might also like

Haiti - Football: Haiti Ranks 12 in World Cup 25 Stunning Moments

Haiti Elections - CEP, KEP, CTCEP - "P" a vle di "Plume ne Grouille"

Return to Articles List

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Gade kisa yon Kawotchouman fe Machinn mwen an Haiti LOL... edit

» »