la priye pou mamande bondye gerizon ak delivrans anba maladi...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 8056

LA PRIYE POU MAMANDE BONDYE GERIZON AK DELIVRANS ANBA MALADI KOLERA
Bondye Granmet, Bondye Papa nou, Se ou menm ki ban nou lavi.Nou t'ap peri anba lanmo peche a.Ou voye Jezikri, pitit ou a, vin sove nou.Li pote lavi depase mezi pou nou:Tanpri, koute lapriye nou menm Pep Ayisyen.Pep sa a ou te fe soti anba lesklavaj poul antre nan libete.Pep sa a ou te geri anba maladi veret.

Granmesi lapriye Manman Pepetyel Sekou.Nou pase anba dives syklon ak inondasyon ki fin ravaje peyi nou an.Apre doule tranbleman te 12 Janvye a, Jounen Jodi a, se kolera ki vle fini ak nou.San sekou w, nou pap kapap kenbe, Nou fe yon sel ak Manman Mari ki pote nou sekou toutan an.Pou vin frape pot ke w, ou menm Bondye ke sansibla.Nou konnen se lavi ou vle pou nou viv.Tanpri, montre nou kijan w vle pou nou viv. Pwoteje chak Ayisyen.

Pwoteje chak moun lot nasyon k'ap ede nou.Pote limye, konesans ak ladres.Pou tout moun k'ap pran swen malad nou yo.Anba fos Lespri Sen an, tanpri konsole tout malad nou yo, geri yo.Ede nou pote sekou bay tout moun ki frape anba maladi kolera a se fanmi, se zanmi, se vwazen nou yo ye, nou renmen yo. Disparet mal sa a sou te Ayiti nou an.Fe nou tout viv nan ke poze ak nan ke konten ou vle pou nou an.Se fave sa a Manman Pepetyel ap mande w pou nou.Nou seten w'ap koute li poutet Jezikri pitit ou a, li menm ki vivan e ki wa depi toutan e pou toutan.Amen!

Manette Raphael, September 12 2011, 2:04 PM

REPLY   Next >

 

Topic: The latest Haiti Cholera updates, 6000 Dead, 400000 Infected

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

LA PRIYE POU MAMANDE BONDYE GERIZON AK DELIVRANS ANBA MALADI KOLERA Bondye Granmet,Bondye Papa nou,Se ou menm ki ban nou lavi.Nou t'ap peri anba... read more >
Manette Raphael, 12-Sep-11 2:04 pm
Excuse me for asking.Do UN officials know what the are talking about.They have a lot of nerves.They should use better excuses to justify the... read more >
Myrtho, 12-Sep-11 2:54 pm
We all know where the cholera came from. I swam in your rivers pre UN peacekeeper days in the Artibonite Valley. I don't have Cholera. read more >
Lynne Warberg, 12-Sep-11 9:36 pm
As a young child up to my teenage years, I used to look forward to the summer vacations heading to the country side in L'Artibonite swimming in the... read more >
Cj, 14-Sep-11 3:02 am

 

< Previous | Home | Next >