Nan komansman ane 1960 yo anpil pwofesyonel ayisyen te kite peyi a yo ale O Kongo

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 22670

Nan kòmansman ane 1960 yo, plizyè santèn pwofesyonèl ayisyen, tankou pwofesè lekol, pwofesè inivèsite, enjenyè, ak doktè, te kite peyi Dayiti epi te al bay sèvis yo nan Repiblik Demokratik Kongo.

Mouvman sa a te kite yon vid entèlektyèl nan peyi a. Se kòm kwa sèvo Ayiti te koule.

Sa te afekte devlopman peyi a sou plizyè fwon e n ap peye sa jouk jounen jodi a.

Pwoblem peyi lakoz tout moun ki save nan peyi Dayiti ki ta dwe ret viv epi itil peyi a, ki ta dwe ap fòme epi bay bon jan sèvis a jenerasyon ki ap vini an, pi fò moun sa yo fonn kon bè.

Yo ale itil lot peyi.

Kisa sa vle di pou yon Haiti nan 30 lane anko, an 2053.

Woody, August 2 2023, 10:00 AM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti's brain drain: Back in the 1960s lots of Haitian teachers and doctors left Haiti and moved to the Democratic Republic of Congo

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Nan komansman ane 1960 yo, plizye santen pwofesyonel ayisyen, tankou pwofese lekol, pwofese inivesite, enjenye, ak dokte, te kite peyi Dayiti epi te... read more >
Woody, 2-Aug-23 10:00 am

 

< Previous | Home | Next >