Haitiens : Nan Sistèm m tande n'ap chanje a, fòk nou chanje sistèm panse nou tou

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Je me rappelle quand j'étais en Haïti, l'école que je fréquentais m'avait complexé, quelques membres de ma famille aussi.

Un jour j'avais décidé de prendre la route à pied avec mes camarades pour aller à Peguy-ville, en arrivant à la maison mon Cousin m'a hurlé dessus: « W'ap devalorize famiy an, ou pat ka rele yo vin chèche, ou pat ka tann, gade eta bagèt pye tifi a nan yon lari, ou preske sanble ak wont fanmi an »
M patko gen lespri m akspete sal dim lan, m pa janm fè sa ankò.

Jodi a m realize se yon espri se supériorité li t'ap mete lakay mwen, or nou tout gen menm valè, nou tout se moun.

La division des classes

Une fois encore en sortant de l'école, j'ai pris le transport en commun avec deux de mes amies.

Nou chita nan yon tap-tap paske te gen manifestation yo tap kraze vit machin nou pat ka tann nou deside ale, gen yonn nan ti moun yo ki di l'ap peye 2 plas pou nou ka mete valiz nou, m dil pouki sa, li dim pou moun ki ap monte pa chita bò kote nou, m te kite m enfliyanse pa konplèks sa paske moun ki te modèl mwen yo se konsa yo te ye.
Se yonn nan bagay ki kreye moun anwo e moun aba nan peyi nou an, se lajan ki bay valè, depi moun nan pov li pa moun, malè lòt pa pou yon lòt. Divizyon an la depi nan ba zaj nou. Menm lekòl gen klan, pitit boujwa pitit malere.

Yon lèm deside al lekol avèk sandwich pou vann, matant mwen dim sa pa ranm, tann lèm lwen yo ma fèl, sa se bagay kokorat, moun mal ki nan tèt mwen.

M te vle fèl poum ede lòt ti moun ki konn pa gentan manje epi poum te ka gen ti kòb pèsonèl mwen tou. Men yo te konplèkse m poum pat fèl. Yo vle dim se moun ki pòv ki vann sandwich, se moun ki kokorat.

Or yo menm y'ap achte l nan McDonald, e aksyonè antrepriz sa milliardaire nan sandwich la.

Gran Famille commerçant di pitit li al etidye commerce, Gestion.

Nan lekol nou yo nan oryantasyon pwofesyonèl, menm nan rezolisyon familyal yo diw: Medsin, nursing, science edikasyon, droit.

Pandan paran ti moun nan gen yon business, yo diw si ti moun vin fè sa yo tap fè a li echwe, donk se lè li al touche 1500$ chak mwa li reyisi, li paka deside ki jou poul travay, li sou presyon, li depann de ti kob y'ap ba li a sèlman.

Or li te ka transfòme business paran l lan, mete structure administrative ladanl epi li pèse ak li dans le monde des affaires.

Donk mantalite nou ba anpil !

Se menm sa ki koz gen anpil jèn Ayiti ki gen 24 an, 20 an ki pa janm ka otonom ekonomikman, siw nan university menm yon plim pouw ekri se paran ki baw li.

Sitou sa yo rele gwo lekol nan Sosyete nou an yo fòme nou poun esklav.

Alòske nan gran peyi yo fòme timoun yo pou yo antreprenè, kreasyonis, envantè, endepandan.

Gen makèt USA, depi se vakans ou konje depi gen anpil kliyan ou ka vin travay antanke ti moun, restoran etc...

Ayiti si yon jèn nan university li paka travay, yo pran pretèks o se lekol ou ye ou paka nan 2 bagay à la fois. (Pa gen moun ki etènèl si paranw mouri)

Yo aprann nou poun rete ak moun menm nan etid nou. Nan disiplin yo plase pou nou nan université yo.
-Yo ba nou disiplin pou nou al depoze CV pou yo ka mande nou Vajen, anus, men yo pa ouvri pòt poun kreye pwòp afè pa nou.

Nan Sistèm m tande n'ap chanje a, fòk nou chanje sistèm panse nou tou, poun soti nèt nan sa nou ye

Haitiens Sou Facebook, December 12 2019, 1:28 PM

REPLY   Next >

 

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >