Ayisyen nan peyi Chili ap plenyen pwoblèm yo paka jwenn sètifika bonne vie et moeurs nan konsila yo
< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 20795
Anpil Ayisyen nan peyi Chili ap plenyen sou difikilte yo pou yo jwenn yon "sètifika de bonne vie et moeurs," nan konsila ayisyen an, yon dokiman enpòtan ke yo bezwen pou jwenn papye rezidans yo.
Dapre nouvèl yo, gouvènman an nan Chili mande pou sètifika sa a, yon sètifika bòn konduit ki soti nan peyi d'Haiti pou tout Ayisyen ki te imigre e ki vle vinn rezidan legal pèmanan nan peyi yo.
Anpil Ayisyen pase jou ak nwit devan konsila ayisyen an ap eseye jwenn papye sa a. De sa yon jounalis ayisyen fè konnen.
Konsila a nan bò pa li di ke yon sètifika konsa pran tan paske chak sètifika soti nan sistèm jidisyè lapolis Ayiti a (CSPJ) epi li pran tan, espesyalman akòz lefèt ke anpil Ayisyen ki gen pwoblèm ak lalwa ap eseye pran refij lòt kote.
Haitians In Chile, July 16 2018, 11:23 AM
Start a NEW topic or,
Jump to
previous | Next Topic >
< Previous | Home | Next >
Messages in this topic
< Previous | Home | Next >