Sa yo poko anyen! Yap van yon grenn lam veritab pou $6:00...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 17020

Sa yo poko anyen!

Yap van yon grenn lam veritab pou $6:00 Canadyen o Canada, sé pou madanm nan té mandé omwen $3:00 US pou li pou madanm nan ak fanmi li ka mété bon kalson ak kilot sou yo. Nou pa wè éta yo atè ya?

sa Privert ka fè pou yo?

dabo manda Privert fini dépi 14 Mai, 2016 la; sé pou yo fè lagè ak manjé yo.

Se pou tout péyizan yo monte tout bagay tèt nèg, bonDye te di Adan ak Ève pou yo té travay di pou yo manjé, ti klas pov parésé yo pa vlé travay tè ki pou ta ba yo manjé ya paské pi fo ladan yo bézwen rich vit nan mayigwana avek krak ak lougawou; tout rève yo sé pati al bétizé nan péyi étranjé; tout rève yo sé volè ak lougawou, yo frapé tèt zotèy yo épi yo di sé dyab ki fè yo; kèlkeswa ti pwoblem pou yo ta alé kay doktè oswa itilize pwodui natirel:yo di sé dyab kap fè yo, pèd ti tenten sé kay boko ak ougan yal gaspiyé lajan yo, sé sak fè gwo méchan yo ap pofité rabouré yo konsa a.

Sé pou tout abitan yo monté yon konplo épi monté tout manjé yo 50 fwa lavalè.

Dabo péyizan yo bézwen gwo kamyon ak trélè pou transpoté manjé yo al pot o prins, Canada ak tout lot péyi étranjé ki frèt nan monde lan épi ki pa fè pwodiksyon manjé sa yo. Nou déja wè gran manjè nan gouvernman Ayisyen yan pap bay oken chans, yon sèl jan poun jwen jistis sé fan nan ki sa saye yo san yo pa bezwen fè ni grève ni manifestasyon, sé fè lagè avèk yo.

Sim te gen mwayen mwen tap achetè tout tè yo ak tout sa parésé yo posédé pou yo pati vin riche o Canada, Eta zini, la France; Chili etc. Mwen tap kwapé tout malfèktè yo nan peyi Dayiti.

Kom sé sa blan yo ap fè kounyé ya an Ayiti; ti nèg nwè nan Canada paka menm manjé o zéta zini, Canada etc. pagen wout pa bwa pou yo, zafè pou yap triché pou yo jwen yon $ 200:00 Ameriken mete nan poche yo épi pou yal pété pi wo pasé bouda yo an Ayiti épi pou yal fè moun ki té kon ap imilyé yo konpran ké yo riche, pagen bagay sa yo anko, sé rété mouri rèd nan péyi étranjé; pagen lajan JPP, bagay yo krazé nèt. Yo pa vlé antan yo, tout sé konsékans péché.

Men sa anpil Dyaspora yo ap fè an Ayiti!

Yo kite tout fanmi yo nan peyi etranje, epi yap souse Ayiti, maché rabouré kès léta pou voyé péyé bill yo nan péyi étranjé; men sak fè lajan yo pa sikilé nan péyi Dayiti.

Lè nou monté yon avyon pou nal Ayiti, sé 2 oswa 3 nwa ki chita nan avyon an, tout rès lot moun yo se blan, épi 2 gren nwa sa a se moun ki sanble antréprénè ki gen lajan kap bwasé an Ayiti pou lajan sa yo nan péyi sansi Amériken ak lot nasyon sousé sang nou an Ayiti yo. Daprè sondaj kém fè: aprè 10 ans oswa 15 ans anko, blan ap mété lajan déyo épi yap chasé tout klas pov la an Ayiti, bayo visa pou yal manjé mizè nan péyi étranje épi yo pap gen lajan anko pou yo menm péyé biyè davyon pou yal rétounen mété zago yo an Ayiti anko.

Ti klas pov la two parésé, se bon bou yo, yo gen twop konplèks. Se pou tout abitan Ayisyen yo sispan anpilé nan machine moun tankou makon bèt nan al van manjé port au prince anko, kenbé tout manjé yo nan pwovens, lè madan sara al nan pwovens yo pou acheté manjé sa yo sé monté tout pri manjé yo tèt nèg, monté pri yo 50 fwa la vale, lè sa a chef sansi politisyen yo a pran men yo.

Égaré yo méte nan tèt yo menm si blan yo fini dépansé lajan an Ayiti pou acheté tè, bati kay yo nan péyi Dayiti yo pwal kapab fè yon déèzyem revolisyon pou mété yo déyo yon dézyèm fwa: wayan, nan kaka yo ya wè grès yo. Alo si nou fini acheté tè nou ak kay nou o Canada epi pou gouvernman Canadyen ta lévé koken pou mété nou déyo san rézon, ki sans sa tap fè.

Si se pèsékisyon Kretyen yo ki komanséÿ map konpran sa, paske la bib deja di nou sa. Ebyen moun kap paré pou yal fè bri nan lari, mété blan yo déyo nan péyi Dayiti: wayan.

La pè bonDyéàà avek nou.

Patrick Princivil, May 17 2016, 3:59 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti - Yon Lam Veritab Vann 15 dola

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Sa yo poko anyen! Yap van yon grenn lam veritab pou $6:00 Canadyen o Canada, se pou madanm nan te mande omwen $3:00 US pou li pou madanm nan ak... read more >
Patrick Princivil, 17-May-16 3:59 pm
Mande l konbien ti sak duri eponj lan vann tou. tout abitan kite travay te se nan politik yo lage yo. mande yo ki le yo te aprann politik jamais, yo... read more >
Antonide Sou Facebok, 17-May-16 7:37 pm

 

< Previous | Home | Next >