Rélé sou kò nou mézanmi! Yon...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 16128

Rélé sou kò nou mézanmi !

Yon profésyonèl dwé gen nom, si nou gen yon biznis nan tan sa a moun paka wè nou sou site internèt (website) Facebook, Google, Twitter, Instangram, Youtube etc. sa vlé di nou pagen nom nou mizérab, anba pòvreté nan dènyé dégré; sa vlé di nou pa nan katon an menm. Sak pi fè wont lan: gadé vidéo sa a nou -menm !

10 kandidas pou Prézidan d'Ayiti sé nom yo ak idantité yo ak Profésyon sèlman ké nou jwen nan liv la ak yon ti foto, genyen ki pagen foto Sil vou plè ! sa yo di yo yé a pa a san pou san paské kèlké swa fo papyé yon moun bézwen an Ayiti nap jwen ni; mét lòd nan lavi nou. Au Canada - US si yon nonm pa menm kon ouvè yon òdinatè moun sa a an alfabèt, mwen ta byen konpran ké moun sa a pa vrèman gen yon bon édikasyon, mét lòd nan lavi nou mézanmi.

An nou pansé mézanmi: gen 56 kandida pou Prézidan d'Ayiti sé sèlman 10 kandida sèlman yo montré nou ki pa nan gro liv la, si pou mésyé dam sa yo té alé plu lwen nou tap jwen plis toujou.

Al gadé sou paje Facebook mwen nap wè 2 chèf pati politik kap fè kanpay pou sèlman Steven Harper nan Toronto - Scarborough pou sèlman zòne kotém té yé a, Sé misyé ki té la mwen pa kon sak pasé yo ranplasél é yo mété fi a: nom ni sé Leslyn Lewis.

Kounyé a mwen rétounen Ottawa mwen poko fine ranjé zafè mwen koum fini mwen pwal rélé yo pou yo ban mwen yon lòt lidè pou zòne mwen yé a talè nap wè lidè sa a sou Facebook.

Savlé di chak kandida gen pròp adrès intèrnèt yo ( email address), paje internèt yo, Facebook, Twitter, Instangram, Youtube etc. pa kitém di nou al gadé sou paje Facebook mwen na wèl noumenm; chak gren pati politik gen yon reprézantan nan chak provens, chak séktè é nan chak ville etc. sa vlé di nan tout kwen péyi Canada ak tout zouti sa yo: Adrès internèt ( email adress), Paje internet yo (Site website), Facebook, Twiter, Instangram, Youtube etc.

Kandida yo !

Sa fè wont anpil pou nou-menm ki nan Diaspora a ak anpil Ayisyen kap viv an Ayiti; sispan fè tenten nan figi moun. kité PHTK dirijé péyi a poun wè kòman nou ka poté yon soulajeman pou mas pèp la kap soufri a, li pa fè sans menm.

Byen préparé nou pou 2021 an dépi kounyé a apré éléksyon an poun ka parèt ak yon bagay séryé, pou kounyé a si nou paka parèt nan gro liv la nou pa kanpé sou anyen.

Banm édé nou ak sa:

Map ba nou yon sit enternèt men sé an anglè li yé: si poun nan jwèt la fò nou dwé gen tout lang komèsyal yo nan men nou: nou konnen sé Anglè, Fransè ak éspagnòl ki twa lang komersyal la, vin nan jwèt ak twa òdinatè: youn an Fransè, youn an Anglè e lòt la an Espagnòl. Alò si nou gen mwayen poun ta gen yon nan lang Kréyòl nou an tou li tap bon tou.

Men non site la: Go Dady ka ba nou aksè a $1 Amériken pa mwa, poun gen domain name tou sa, li ka kouté nou $ 46 Amériken pa ané, si nou pa pwason pa rantré nan nas pa vin maré pieds moun.

Al sou google tapé: godady.com épi nap kon de kisa map palé a.
Si nou konnen yon ki pi méyè pasé sa fèm konnen.

Bon men yon lòt gro zouti map mété nan men nou:

Fiverr.com

site internet sa a tout sa nou bézwen fè nou pap menm bézwen kasé tèt nou, profésyonèl sa yo sé pou sa yo la, yo kòmansé a $ 5 USD, pou nou jwen sèvis sa yo fò nou carte de credit.

Kèlke swa travay nou bézwen an yap fèl pou nou.

Balon an nan pyé nou, map mété négatif yo déyò, konsa map patajé pozitif yo tou.

Bondyé béni nou.

Patrick Princivil, October 5 2015, 2:19 AM

REPLY   Next >

 

Topic: VIDEO: Haiti Presidential Candidates, The FUNNIEST but TRUE Reportage, Who the Hell are They?

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Rele sou ko nou mezanmi! Yon profesyonel dwe gen nom, si nou gen yon biznis nan tan sa a moun paka we nou sou site internet (website) Facebook... read more >
Patrick Princivil, 5-Oct-15 2:19 am
Siman se senatere moise jean charles....si se ta vre...mouin pap fout vote pou li encore..... read more >
Jacky Dessalines, 6-Oct-15 11:55 pm
Siman se senatere moise jean charles....si se ta vre...mouin pap fout vote pou li encore..... read more >
Jacky Dessalines, 6-Oct-15 11:55 pm
Siman se senatere moise jean charles....si se ta vre...mouin pap fout vote pou li encore..... read more >
Jacky Dessalines, 6-Oct-15 11:55 pm
tou t se blofe, tet yo Selman yo oue. Pagen anyen serie yap vi n fe. Ayiti se kote gago t fet anpil anpil. read more >
Fed, 9-Oct-15 10:18 am

 

< Previous | Home | Next >