Sé bagay sa yo ki intérésé-m, koko-rate ap...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 13229

Sé bagay sa yo ki intérésé-m,

koko-rate ap krazé Haïti dépi nan ginen rivé jiska 2010; nou pat ka wè sa puiské Bondyé wè nou-men'm krétyen nap plédé priyé pou Haïti vi-n miyò, Bondyé papa nou ki nan syèl la té oblijé démoli prèské tout vyé mazi kay yo nan Haïti 12 Janvier/2010; pou édé nou-min'm krétyen lévé défi a, pou rékonstwi Haïti kòrèkteman.

Piga gran manjé yo konpran ké Haïti sé yon gateau pou tout mou-n vi-n pran yon mòso, ké pou chak 4 ans yon nouvo Prézidan ap vi-n kontinyé sousé sang pèp Haitien, plen pòche al chita nan yon kwen plen trip yo diri ak pois ak fanmi yo ak zanmi yo san yo pa fè anyin pou Haïti e kité pèp la nan grangou.

Pou évité tout vyé bagay sa yo, pou évité lè manda Prézidan pral fini pou yo pa nan di ké yo pap gen tan fè si pou Haïti, yo pap gen tan fè sa pou Haïti; pou Prézidan pa anvizajé fè pakèt yo avan yalé map kanpé dian-m nan bouda nèg pou payi d'Haiti dévlopé kòrèkteman.

Lè yon no-m gen yon Madan-m sé pa kouri kité-l san rézon pou la-l pran yon lòt fan-m an tè-m pi bon ou pa kon-n sa ou pwal pran an pa pi méchan ak malédvé ké sa, dépi nan renmen pou nou dwé kon-nen si sa ka maché pi dévan; Prézidan Martelly sé fout pitit tè d'Haiti palé men-m lang kréol avek nou, nou té chwazi li sé paské tout sa li té ofri pou-l té fè an Haïti yo té fè sans pou nou sé sa ki fè li té pasé an majorité, sa-l té di lap fè yo sé li lap fè e sé Prézidan konsa Haïti bézwen.

Kèlké swa li té chanpwèl, mason-lòj etc. sa pa intérésé mwen, sé bon sèvis la, nan-m ni (his soul) santé li ak fanmi li ki intérésé-m pou-m priyé Bondyé pou yo. Sé nan-m Lamothe ak tout fòs la police, tout staff parleman an ak Munistah ki intérésé-m pou-m priyé pou yo pou men yo béni e pou yo ka bay bon servis, mou-n grangou pap ka travay di sé sa a blan yo mét an pratique ki fè payi yo marché e sé sa Prézidan Martelly ak Lamothe ap fè, yon gato sé yon gato, men yon payi sé yon payi; nou kon-n sa nou déjà genyen men nou pa kon-n sa nou pwal pran pi devan, tout Prézidan nou té éséyé déjà yo sé pa itil yo yé, sé parésé yo yé.

Kèlké swa féblès Prézidan Martelly sé li nou vlé, tout mou-n gen gren-n zan-no yo ka òfèv, nou pa fout pi bon pasé-l e nou pap jan-m pi bon pasé-l.

Viv Prézidan Martelly pou yon dézièm manda lè 28 Octobre/2014;

Map men-nen lute sa a sé pou réspè nou dévan blan zyé vèt yo, yo di ké nou-men'm Haitien sé kriminèl nou yé, kò-m chèf police répété-l déjà, yo di ké nou maudi, e yo di sé paské léta Haitien divizé sé sak fè nou nan éta sa a sé vré sé konsa li yé vré gadé sa 6 Sénatè ap fè?

Yo paka manjé manjé a yap chaché gaté-l, Men fò sa chanjé yon jou.
Men-m jan té gen yon fòm union ak François Duvalier ak Jean Claude Duvalier pou 30 ans an; nou pa fout bézwen diktatè pou vi-n fè tonton makoute kalé bouda pèp la parfwa san kondisyon men nou fout bézwen yon bon lidè pou yon longtemps men-m lè-l pa Prézidan ankò pou majorité pèp di wi Prézidan entèl sé té yon bon Prézidan, nou pa bézwen sé lè yon mizisyen ak Prézidan mouri pou sé lè a nap di li té yon bon Prézidan ou mizisyen.

Patrick Princivil, August 16 2014, 11:36 PM

REPLY   Next >

 

Topic: PHOTO: Haiti - Wout anwo, Wout anba sou Autoroute De Delmas a ap Vanse...

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Menm le w rayi chen an, di dan l blanch. Epi proveb gran-moun yo di, bat men ankouraje chen? read more >
Etienne Germain, 16-Aug-14 10:45 pm
president Michel Martelly you're the best of the best of some presidents.God will bless you to continue your dreams for Haiti.Therefore,noones else... read more >
Fritz Desrameaux, 16-Aug-14 11:08 pm
Se bagay sa yo ki interese-m, koko-rate ap kraze Haiti depi nan ginen rive jiska 2010; nou pat ka we sa puiske Bondye we nou-men'm kretyen nap plede... read more >
Patrick Princivil, 16-Aug-14 11:36 pm
Gen anpil peyi se konsa boujwa salop yo melanje ak intenasyonal la toujou vle pou yon fe bel wout bel building pou yo kab roule gro mak machine e... read more >
Dave, 17-Aug-14 11:29 pm
Bravo Marthelly. your name will be remember by the realisation of this project. read more >
Cavanac, 14-Sep-14 9:38 am
Michel Martelly 2020 one thing i regret is that when we finally found a good president like Martelly he should able to elected again So now my... read more >
Chinito, 2-May-15 6:52 am

 

< Previous | Home | Next >