Se pa Politik, se POZITIK!

" Let us fight to remove that BIG FAT STICKER in our country's forehead... the sticker that says 'Haiti, The Poorest Country in the Western Hemisphere' "

- Woodring Saint Preux -

English Title Translation :: "It's not Politics, It's POZITICS"

This message is in Haitian Creole, If you do not speak creole, have someone translate it for you.



Mezanmi, men bon nouvel!

Se pa Politik, se POZITIK!

Pa fè politik... fè POZITIK pito

Men definisyon POZITIK:

POZITIK - 'kreyol' yon pratik tou nèf pou tout ayisyen konsyan ki vle fè bagay ki pozitiv pou constwi yon cominote oubyen peyi dayiti. POZITIK se yon nesesite, se pa yon dwa.

POZITISYEN -(1) 'kreyòl' you moun ki fè tout sa ki positiv, pa sèlman pou itil tèt li, men tou pou itil koninote li oubyen pou itil peyi li.

POZITISYEN -(2) 'kreyòl' Yon Moun ki fè yon bagay positiv ke li kapab kite dèyè aprè li mouri pa sèlman pou fanmi li ak zanmi li men tou pou kominote li avek peyi li.

Pou ou antre nan POZITIK, fok ou pale kreyòl paske se li ki lang manman nou epi se lang ke tout ayisien konprann.

men tout sa ki nesesè si ou ta vle antre nan POZITIK:

- fok ou pran tout vye defo ou genyen, fouye yon tou epi antere yo.
- fok ou kite egoyis
- fok ou pa jalou pou zafè lòt moun
- fok ou poze keksyon lè ou pa konnen
- fok ou fèmen bouch ou le ou pa konprann
- fok ou louvri zòrèy ou pou-w ka aprann
- fok ou pale mwens epi tande plis
- fok ou pa detwi frè ou si li pi fò pase-w
- fok ou renmen you lòt selman paske li se ayisyen parey ou
- fok ou aprann respekte moun
- Fok ou renmen tè dayiti plis pase tèt ou
- Chak jou ou leve, fok ou reflechi ki sa ou te fè ayè ki va itil ni ou, ni kominote ou, ni peyi ou. epi fok ou reflechi kisa ou pral fè jodi-a pou ki itil ni ou, ni pitit ou, ni kominote ou, ni peyi ou.

POZITIK pa fasil paske POZITIK se yon desizion ou fè ak pròp konsyans ou e se ou selman ki ka fè desizyon sa-a pou tèt ou

fòk ou konnen ke yo pa jan-m fòse bourik brè dlo. Se ou men-m sèl ki ka fose tèt ou antre nan POSITIK.

Ayiti se tè ki pi dous sou latè beni.

pou le moman, li gen yon ti gou anmè.

Si tout pitit tè dayiti antre nan POZITIK, Se pa dous ayiti a dous ankò.

Mezanmi, mèyè sispan fè politik, an nou fè POZITIK pito

sa se yon mesage ke Woodring Saint Preux te pote pou nou.

mwen renmen peyi-m anpil,

mwen gen tròp tan nam peyi blan.

Chin bwè dlo, li di pa-w se pa-w

An nou fè POZITIK dekwa pou mwen retounen nan bwa hinche kote-m soti-a.

Mèsi anpil...

© Woodring Saint Preux

Write a comment  (1)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (1)

Topic says...

Regardless of the problems going on in Haiti, I still love it.
Recently a service trip to Haiti from my university was cancelled.

Although I understand the fears, I would still have gone because by backing out, all those people that would have benefited from the trip in Haiti will never receive those benefits now that the trip is cancelled.

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Se pa Politik, se POZITIK! edit

» »