Haiti - Radio lòt nation pa janm jwe mizik Haitien, Radio Haiti jwe TOUT bagay - Poukisa?

Problem mwen ak MEDIA HAITIEN --- Mwen pase yon ti bout tan Sen Domeng, mwen pan janm tande yon station Dominicain jwe ni Mizik Haitien, ni mizik Jamaicain, panyol selman... Se sòt yo sòt? Inyorans? Oswa yo konnen yon bagay nou menm Haitien pa konnen?

Kèk fwa men mande tet mwen eske se Animate radio Haiti yo ki pi eklere nan mond la oswa eske se oditè radio Haiti yo ki mande yo pou yo jwe tout tip de mizik ki pa mizik Haitien?

Si zòt pa aprecie kilti pa nou, POUKISA nou frenk renmen kilti pa yo a konsa?

Radio Haiti jwe mizik Jamaicain... èske radio Jamayik jwe Konpa?

Radio Haiti jwe Chansonette Francaise... èske radio La France jwe Compas Love?

Yo jwe Batchata, Salsa, Merengue... èske radio panyòl yo jwe konpa? Yo jwe mizik Racine?

Radio Haiti yo telman jwen mizik etranje ke atis Haitien yo vinn preske pa gen valè... Sean Paul rantre Haiti tout moun FOU... Shoubou rantre Haiti, menm nèg kap pote malet nan aeroport a pa ba li valè li merite...

Ou konnen kilè Shoubou ye? Ki dènye fwa ou wè figi li nan television Haiti?

Radio ak television nan yon peyi se yo ki pi gro zouti wi ki la pou fè yon pèp renmen KILTI li mezanmi... Apa nou itilize radio ak television Haiti pou promote kilti lot pèp? Epi, pi mal ankò, lòt pèp ki pa menm ba nou valè?

Mwen gen yon television lakay mwen Hinche Haiti, mwen preske pa limen li paske, si se pa yon video mizik wap gade, pagen ANYEN nan program television ki Haitien...

Eske-m manti?

Menm potestan Haiti mezanmi, sa tris anpil pou-m di nou sa... Ale nan yon fet lakay yon potestan, w-ap remake li pase mizik Francais, wa di se Konpa dirèk la menm ki satan an... Konpa dirèk la se bagay Le Mond... LOL... Hey!!!

Epi n'ap mande kijan Haitien fè pa renmen kilti li?

Bon... W-ap ponpe li tout mizik ak film etranje epi w-ap mande tet ou ki sa ki fè li pa aprecie kilti pa li a?

Kisa ou panse de sa? Eske dapre ou menm li fè sans pou Radio ak Television Haiti ap gaspiye ond peyi a pou promote kiliti lòt pep?

Dènye bagay mwen vle si... Production National la, se pa diri ak pwa je nwa selman non? Ou konpran mwen?

Kite yon mesaj

Write a comment  (10)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (10)

Kaporal Sou Facebook says...

Peut etre journalist ayisyen gen yon bagay yo pa konnen vre wi, yo pa konnen pou yo renmen peyi yo, yo pa konnen se youn nan gran force yo ye nan peyi a si yo vle lot pep wèl bien yap ka fel si yo vle lot pep wel mal yap ka fel...

m pense sel sa yo konnen, pa selman journalis yo men anpil lot tou, se fè kob ak imaj peyi a kap kraze nan figi nou

Reply  ... More

Pierre Jeremy says...

Nou pa yon peyi.

Nou se restavek peyi. Pa gen lwa. To sak genyen an yo pa aplike Ou Infoseek yo. Anpil lot peyi ki peyi governman Mande ke yo dwe 25 mizik peyi a avan yo Ka jwe yon mizik etranje
Haiti kèk peyi?

Ayiti kèl

Reply  ... More

Pierre Sou Facebook says...

paske moun kap fe emisyon yo nan stasyon radio yo manke formasyon ayisyen an se gwo koze pafwa animate a fel sanble poul montre odite yo kel pale plizye lang. Zanmi pa'm ki poste remak sa jis map diw anko se paske animate ayisyen yo plis kanpe sou bay manti de mem ke pou jounalis nou yo si'w fi'n koute yon nvel nan yon stasyon radio fok w gen gason sou w pou soti nan la ri a poutan jounalis lan mete sel ak piman nan nvel lap bay la 95% nan sal di yo se manti.Nou bliye se menm jounalis sa yo ki tap di fanmi lavalas se yon ekip or la lwa se menm jounalis sa yo kap di kounye la se pesekisyon

Reply  ... More

Gdecayette says...

Oui, ou reelmen ginyin rezon.

Ce paske pas ginyin peson ki ale o deyo po fe reklame nan station radio nan lot payi

Reply  ... More

Sony Vilbrun says...

Se you bel kesion ou pose la, li ta bon pou sa ta fe you deba lan comision kilti lan congres ya ak biro konatel pou yo pran you desision sou

Reply  ... More

Sony Vilbrun says...

Mwen % dako avek ou sou atik sa malgre mwen pa viv en Haiti .min gen kek radio ki kon pase misik Haitien isit o Venezuela mwen pa kon pou lot

Reply  ... More

Patrick Gaspard says...

La question peut être complexe et prendrait tout un débat. Nous avons toujours été ouverts sans vraiment renoncer à notre identité (du moins jusqu'à une certaine époque) j'ai connu les jours de gloire du jazz des jeunes qui exploitait tous les rythmes du terroir sans négliger les rythmes latins qui ont tous une racine Africaine.l'orchestre El Rancho Citadelle été autres! Meme à l'avènement du Kompa Direk
les orchestres jouaient de tout et je crois que cette ouverture était enrichissante.

Le Kompa aura fait une belle percée avec le Tabou Combo, mais nous ne sommes pas obliges pou cela de nous limiter a un seul rythme.

Reply  ... More

Pierre Battist says...

Mwen dakoraveou %, depi 1968 mwen man radio diffusion: MBC, radio Progres, radio Cacique, radio Diffusion Haitienne, radio P-au-Pce a la fin radio Nle d'Haiti de1977 a 1982 donk sa ou di la se vre, cependant pa blie Haiti se yon peyi a culture multiple tankou U.S par example "melting pot" min vrai Racine nou mem haitien natif natal se l'Afrique ak Lott culture importe du fait de la colonisation...a la verite si nou vle construit yon image prope a nou men, en tant ke nation en plus prezente image saa komme ambassadeur nou a l'etranger, franchement ballon'an nan pied nou.

Reply  ... More

Etzer Delair says...

Mwen ret sen domeng nan zon yo rele juan dolio nan zon nan gen yon stasyon radio yo pase mizik ayisyen gen kek nouvo konpa se koz radyo sa ki fem konnen yo, an nou radyo ki pi popilè yo pa jwe mizik

Reply  ... More

Saint Gerard Charlestin says...

j'aime votre

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti - Radio lot nation pa janm jwe mizik Haitien, Radio Haiti jwe TOUT bagay - Poukisa? edit

» »