Charbon VS. Propane - Poukisa Haitien Itilize Chabon Pou Fè Manje Toujou?

Haiti: CHARBON Vs PROPANE -- Haitien telman abitye ak chabon dife, genyen nan yo ki panse chabon bay manje ki bon gou... Mwen fe yon experyans ap propane en Haiti, mwen panse li bokou pli ekonomik ke chabon... SO... Poukisa Haitien kontinye ap itilize chabon pou fe manje toujou?

Lotrejou, map fe blag ak yon ti sè mwen ki ap viv nan yon peyi etranje, mwen di li, si yo te pèmèt matant mwen, li tap flanke yon twa pye dife oswa yon resho chabon dèyè kay la... lè konsa, apatman-an tap nwè ak lafimen chabon... LOL...

An nou imagine 2 moun ki vwazen bezwen fe yon ti cafe en Haiti... yonn itilize chabon, yon itilize propane...

Vwazen a propane la limen ti fou li, li mete kafe li sou dite...

Vwazen a recho chabon a menm, fok li pran yon vye asyet pou'l ale pran chabon an, fok li cheche bwa pen, limen bwapen an, sanble dife a, tann dife a pran, vante,.. vante... epi li mete kafe a sou dife...

Distans met recho chabon an mete kafe a sou dife, met fou a gas propane la gentan finn bwe kafe li lontan!

E lè kafe finn bwè?

Vwazen a gaz propane la, li just eten fou-a. pa gen pyes gas ki gaspiye eksepte pou kafe a fèt... Mèt resho a menm... fok li kite chabon an boule tounen sann dife... Sof si se kouzinn mwen an ki pran dlo, li etenn chabon an, epi mete li nan soley...

QUESTION: Eske ou panse Haitien ap PRAN KONSYANS yon jou epi kanpe sou zafè chabon an OSWA eske ou panse se LETA ki dwa mete on ola nan sa?

Kisa ou panse?

Kite yon mesaj

Write a comment   |   Read 1 Comment

Read more: Charcoal in Haiti, Fuel Consumption in Haiti, Environment, Community

You might also like

Cooking in Haiti: Why do Haitians still use Charcoal to cook instead of Propane (LPG)?

AUDIO: Land Conflict along Haiti-Dominican Republic Border, Dominican Soldiers want to take Land in Haitian territory

Return to Articles List

Responses

Patrick Princivil says...

Nou ta rin-min débarasé nou de charbon en Haïti sé ta yon bonne idé li pap aussi facile kom jan nou konpran nan, gaz more »

Reply   ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Charbon VS. Propane - Poukisa Haitien Itilize Chabon Pou Fe Manje Toujou? edit

» »