OHOH! Fo bwam nan menm map tan François Hollande sa a wi...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 15172

OHOH!

Fo bwam nan menm map tan François Hollande sa a wi.

Mwen déjà di lidè sa yo ak kandida sa yo klè ké bagay yo pa pwal fasil ané sa a map fin démaské yo au nom de Jésus. Sé pa moman lè Prézidan Martelly ap maré pakèt li ya pou Prézidan Français ta vin rémèt lajan sa a tout moun ta dwé sé yon konplo, nou pa menm kon si lap rénouvlé manda li, si lajan sa a tonbé nan menl e li pa pasé nan éléksyon an nou kaka, lap tan éléksyon an fini lè nouvo gouvernman an monté an 2016 la poul vomi li bay yon gouvernman Haitien ké nou-menm Haitien aprouvé ké gouvernman sa a sérié.

Dépi Prézidan Martelly monté sou pouvwa a map sipotél dépi an 2011 jiska 2015 la, Moise Jean Charles avèk ban tafyatè, dogué parèy li ya tap pèsékité Prézidan Martelly jis poum té démoli pati Lavakas, Inité ak MOPOD etc.

mwen te oblijé tap rélé anmwé viv Martelly oubyen Lamothe pou pi piti 15 ans pou ranjé péyi d'Haiti, mwen té sèvi ak zam sa yo jis poum té kasé zèl malandren yo men sé nan bétize mwen tap pasé yo paské bagay yo pa klè sé paské mwen té bay pèp Haitien yon léson paské yo tro dézod.

1.) Mwen tandé nèg pèmèt yo pou yap di ké si pou yon Haitien kandida pou post léta an Haiti ak double nationalité fo kandida sa a ap viv an Haiti pou 5 an épi fo kandi rémèt kat citizen nan; Eské Prézidan Martelly ak Lamothe etc. rémèt kat citizen pa yo a?

Si yo rémèt pa yo a mwen menm mwen té swé pou pam nan mwen pap fout rémèt li.

2.) fo kandida a ap viv pandan 5 ans an Haiti: gouvernman Haitien an gen asé travay ak manjé pou yo banou pandan 5 ans sa a?

fo nou pa tronpé tèt nou. Tout tan map li nan article la ké yap plédé palé de anréjistré an ligne mwen pa janm ka konnen de ki an ligne yap palé, sam toujou wè lot payi yo fè: lè yo palé de an ligne ou website yo toujou gen yon link ki tou disponib nan menm page sa a pou moun cliké ladan, mwen pa kon pou lot moun mwen-menm mwen pap pran kaka poul pou zé.

3.) Prézidan Hollande ap palé de Nèg maron dévan future Palais Haitien an, sé lévé pakèt baka yo a nan péyi d'Haiti pou pèp Haitien libéré sé pa sèvi ak moniman pou tronpé moun.

4.) An nou palé de MINISTAH: daprè sa map tandé ké MUNISTAH ap touché 33 millions de dola an US an Haiti chak mwa pandan sa a pèp Haitien ap mouri grangou pa menm yon biskwit yo paka manjé, konbyen kob Haiti ap antré pa mwa nou pa konnen; Blan Français genlè té rétiré sèvo zansèt nou yo an ésklavaj e ranplasé sèvo yo ak kaka poul. Chak gren MUNISTAH ap lévé pakè dola vèt yo chak jou chef Haitien yo menm pa menm ka touché yon ti $60 Haitien pa jour eksepté sak nan volè ak touyé moun nan nwit yo, eksepté yon Prézidan ki monté milyonè an US sou jist 2 mwa, yon ti mounen yo ki pa menm asé pou yo manjé par jour si chien janbé pat ékzisté nou té kaka, yo plen fanm sou ti monnen an, drogue nan bouda yo koman pou yo pa volè.

MUNISTAH pa Haitien sé sèl pasé Prézidan Martelly ak kèk lot ti gren chef nan future parleman yo pa fè plis lajan pou yon malfrendeng pèmèt li po lap vin di mwen fok mwen Habité pou 5 ans an Haiti e fok mwen rémèt kat citizen mwen poum al pran yon ti post chef an Haiti, a la de pil kaka papa. Moun kap di sa yo kat citizen yo fèmen byen di anba zongle yo yo pa rémèt yo yap vin fè nou la lwa, gèt manman yo.

Nou bézwen yon gouvernman ki gen orijinal sèvo bonDyé ba nou an, nou pap pran sèvo kaka poul anko. Kè François Hollande fèl mal pou pov gouvernman Haitien an, li wè ké yo pa kanpé sou anyen, menm si li rémèt yo ti kob la sé MUNISTAH ki pral manjél paské sé enbésil la plus par de pèp Haitien ki nan gouvernman an yo yé.

Ti machan yo kap sakrifyé vi yo nan lari a, la pli nan bouda, solèy cho nan bouda, parfwa sa moun ap van yon 10 zoranj si oubyen yon ti ponyen fèy etc. yon ti komès ki pa menm vo $20 Haitien poul manjé, poul voyé 10 pitit lékol e pou lal rémèt yon moun ki té prétél yon $10 Haitien poul fè ti komès la, moun yo ap pasé mizè olyé pou gouvernman prété yo lajan a lentérè pou yo fè yon pi gro komès pou yo ka pran tax la, ki tap yon profi pou ni machan nan oubyen léta oubyen nenpot konpayi ki fè biznis sa a sé la mairie kap maché volè afè yo, pran ti kob anba tab nan men yo pou yo ka chita a tè bo lari a, yo pagen yon maché pou yal chita, si yo ta fè grèv yo pa al chita a tè a anko tou klas pov pitit soyèt la tap mouri grangou nou ta mèt rélé Haiti lanfè épi pou vyé la mairie ap maché volè afè moun yo konsa pagen yon gouvernman ki pou puni moun sa yo yo fèmen zyé yo komsi sé pa anyen, mwen pagen oken réspè pou yo. Map gadé ané sa a si machan sa yo pwal nan voté pou twal sang; sé rasanblé rélé anmwé baré volè dèyè yo sé sang nou yap vin sousé.

Gouvernman Dominicain ap toupizi ti machan yo volè afè machan yo nan Éliaspin sou frontyè st Domeng safè sa yo sé kaka yo yé sa yal chaché anba pieds yo?

Men nan prop péyi nou yap fè nou sa, li pa fè sans. Yon pakèt jèn élèv fini lèkol yo, genyen ki preské fini ki kanpé nan wout kap chaché travay malandren plen sida nan bouda yo pasé pou yo édé yo yo marié lakay yo yo vlé fo yo ka fè masisi ou madivine sou lajan an sou prop kouraj yo anko, koté vyé pèp nwa sa a jwen ak vyé sang sal sa a?

Pa voté pou kaka.

Patrick Princivil, May 12 2015, 1:25 AM

REPLY   Next >

 

Topic: PHOTO: Haiti - Stand ap konstwi pou resevwa Francois Hollande, president La France

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Tout dil kite cheque 22 milliards euro a nan BRH pou lekol ka konstwi Ak universites. Merci grenadiers a l'assaut sa ki mourir zafe ya yo read more >
Elie, 11-May-15 7:23 pm
Gen anpil prezidan ou byen reprezantan.prezidan eske yo pawe se travay ayti bezoin pou yon seri de moun ki pap fe anyen.kisa yo al regle le konsa... read more >
Topsecret Jahlove, 11-May-15 9:12 pm
Gen anpil prezidan ou byen reprezantan.prezidan eske yo pawe se travay ayti bezoin pou yon seri de moun ki pap fe anyen.kisa yo al regle le konsa... read more >
Topsecret Jahlove, 11-May-15 9:12 pm
OHOH! Fo bwam nan menm map tan Francois Hollande sa a wi. Mwen deja di lide sa yo ak kandida sa yo kle ke bagay yo pa pwal fasil ane sa a map fin... read more >
Patrick Princivil, 12-May-15 1:25 am

 

< Previous | Home | Next >