Oh! Oh! Mézanmi sé pa deux kontan-m kontan! Mwen...

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 12864

Oh! Oh! Mézanmi sé pa deux kontan-m kontan!

Mwen apran-n yon nouvo bagay mwen pat jan-m kon-nen, jodi a mwen santi-m fière de mou-n sa a ki partajé bèl idé sa a ba nou an, ké Bondyé papa nou ki nan syèl la béni mou-n sa a et ké mou-n sa a kontinyé fè plis récherche et partajé yo avek nou bèl bagay sa yo. An nou rét branché avè-m sou Facebook, Twitter, Google na va jwen bon jan infòmasyon util tou pou nou fè payi nou bèl et pou nou ka produi anpil manjé an Haïti.

An nou kontinyé digué Gouvernement Haitien an nan do yo pou yo men-m fè yon ti kanpé sou pakèt construction gro building pou kounyé a si li pa trò urgent, nan pakèt million yap résévwa yo sé pou ya-l fè gro pon (bridge) lòt Président yo té méprizé a. An nou tout fè yon sèl ak Prézidan Martelly pou-n bay Prézidan Martelly kotization nou pou la-l pèsé bon jan route asphalté avek pon, dlo, courant nan tout kwen province ki maltraité yo. Pou na-l fè bon jan plantation zonyon, man-yòk, bertrave, patate, pomme de terre, carrot, papaye du riz pois can-n etc pou rétiré Haitien nan vyé mizè sa a. An nou kontinyé digué gouvernement Haitien an pou mété bwat bi-n fatra nan kwen payi d'Haiti, Prézidan Martelly ap travay trè di sé vré, men payi a trò sal, sa pa déranjé anyin si nou pòv; men si nou pòv, nou grangou, nou salòp sé yon malédiction.

Lè yon touriste entré entré Haïti pou lap visité port au Prince, la Saline, Croix-bosal, marché Pétion-ville, Croix des boukèt, marché port au prince, marché Croiffè etc. yo pa pwal men-m pansé pauvrété, sèlman, automatiquement yo rélé sa nasty.

An nou rélé sou kò nou mézanmi lè yon lòt payi rélé yon mou-n nasty sa vlé di malpropre, cochon etc. si yon mou-n di yon mou-n cochon au Canada-US mou-n sa a pap bay sa tròp importans byenké cochon sé yon vyé bèt inpure ké Bondyé mété sou tè a sélon experience li mwen ka di pou néttoyé la tè, byen ké Aux États-Unis-Canada mou-n gardé yo pi pròp ké pròp pitit yo. Fè récherche la sou google nou-men'm: al sou google et tapé: l'homme bestial youtube; nap konpran sa map di nou la a; ou byen pandan nou sou google tapé: l'homme animal youtube; ou byen animal's human etc. nap jwen yon rézilta kanmè-m, yo gardé yo parfwa pou pròp servis personèl yo, mwen konpran sa. Men-m Bondyé rélé bèt sa yo malpròp, blan pa grandi yo nan la boue santi.

(Levitik 11)

Pèp Haitien,

Sé pa yon diskou, mwen pa bézwen al pi loin pasé sa, nou kon-n wè kijan' cochon ap fonctyoné en Haïti mézanmi, si yo rélé nou nasty (cochon an Haïtien) yo insulté nou anpil wi mézanmi.

Wake up!

Ka nou grave anpil en nou tout fè yon-sèl pou nou sèvi papa Bondyé nan syèl la san hypocrizi, en nou mandé-l sagesse ak pasyans kòm Roi Salomon té mandé Bondyé.

Bagay yo pa bon konsa mézanmi, kounyé a si Prézidan Martelly ak Lamothe sé traite yo yé kap travay pou pòche, nan moman sa a sa nou pensé yap fè nan moment éléction sa a?

Yap di ké yo pap gen tan fè yon séri de bagay pou Haïti yap fè pakèt yo jan-l pasé-l pasé, sa a ap yon moment pou nou pou fatra, moustik, mouche, poupou, chien mouri etc. ap fi'n touyé nou nèt wi, apré départ Jean Claude Duvalier,

1.) li pat kon-nen si Bondyé nan syèl la tap déchouké yo, payi té sal.

2.) Et kounyé a si yon Prézidan ki pap sèvi Bondyé, nou paka men-m parlé de bon coeur, nou ka di sé yon Prézidan ki vlé travay pou fè payi d'Haiti vi-n pi miyò et ki mwen salòp ké tout lòt Prézidan ki té pasé yo. Nou men-m na détayé-l nou-men'm, si chak vini pou 5 ans ou 4 ans sal yé a, yap toujou mét nan tèt yo ké yo pap rété et yap fè pakèt yo pou yalé, manti yo pa pwalé, peut- être yo ka pa Prézidan ankò men yap an Haïti lè yo vlé, gen nan Prézidan sa yo ki gen bèl kay ak bèl plaj yo nan Miami, Floride, California, Texas etc nan États-Unis li fè chaud men-m jan ak Haïti yap kontinyé kalé kò yo.

An nou rélé sou kò nou, men-m Prézidan Dominicain yo ké fanmi yo ak lòt Dominicain ki té soufri avèk zansèt nou yo nan ésclavaj en Haïti pa konsa pou kisa nou men- m Haitien ak lòt payi noire yo sé nou ki konsa?

An nou révé nou!

Si yon Candida paka gen yon bonne volonté pou vi-n néttoyé payi d'Haiti chak jou et mété bi-n fatra, avek bon jan camion récyclage tou neuf pou fè travay la pa men-m vi-n mét pat zago yo nan éléction ki gen pou-l fèt la. Si yon candida pa gen oaken-n plan pou lévé tèt marchan bò la rue yo, pou dwé habillé pròp bò la rue, rétiré tout vyé table krazé nan la rue yo, mété bon route pou piéton ak bicyclette nan tout koté en Haïti pa parèt pwent nen yo nan éléction, lè nap gardé Carrefour Dikini, sé yon bèl prézantation, men marchan yo pa gen dwa chita sou trotwa yo (kanivo) yap van-n mézanmi sa a sé bagay vyé mou-n ki pa civilizé, coco-rate etc. mézanmi, yon trotwa (kanivo) sé yon route ki dwé la pou piéton marché wi, pa men-m bicyclette, yo dwé fè route spécial pou bicyclette pasé.

Mézanmi koté ban-n leader pachiman sa yo sòti?

Nou té an Haïti avek 3 ti mou-n nan men nou mizè nou pasé!

Chauffè marchine yo pa réspécté stop, soutou bagay sa yo prèské pa exzisté en Haïti, mwen gen intention yo pa kon-n sa stop vlé di, koté ki gen kèk limyè verte, sé tout yon dézòd, mou-n paka boujé ak ti mou-n nan la rue a ak timou'n nan men nou, si nap traverse la rue chaufè yo pa men-m pansé ak limyè jaune, rouge et verte vyé chauffè pachiman yo ap krazé nou. Sa mou-n sa yo gen nan tèt yo Bondyé?

Trou régaud san kouvèti ladan yo.

An nou parlé de assurance marchine yo, chargé-m correctement ban-m bon jan servis.

Gouvernement Haitien an mété lavi tout mou-n en dangé, avan yon mou-n conduire yon marchine en Haïti fè sur nou gen anpil l'argent séré yon koté san pa sa nap mélé.

Tout ti pèp kap conduire marchine ou camionèt nan larue an Haïti mété nan tèt yo dépi yo frapé yon mou-n nan la rue en Haïti quelque soit mou-n nan mouri, quelque soit mou-n pa mouri, chaufè a dwé kité marchine kouri, si li ka mété zèl nan do li sé volé, avan, men-m parent mou-n sa a parèt pèp Haitien an ap boulé marchine sa a et si yo jwen chauffè a yap boulé-l. Mwen mandé yo ki vrè solisyon an, yo di-m ké pandan ké yo frapé mou-n nan sé quelques swa chaufè a sou yon gro camion sé continyé kondi ak tou-t vitess jan-l pasé-l pasé ké yo krazé plis mou-n ké yo frapé ak lòt machine sé pousé gaz manche long jiska sé yo jwen yon poste polis pou yo fè yon déclaration, mézanmi èské sé mwen ki parlé tròp ou byen-m fou. Imajiné nou ké chaufè sa a tap kondi san liscense èské chaufè sa a pral rété men-m si yo té jwen yon post police?

Classe pòv la di ké pi fò chaufè yo pa gen liscense quelque swa yap conduire yo gro camion ak trailè, yo déjà méchan men-m si yo gen liscense men-m si yo frapé yon
mou-n yo pap kanpé, au lyé yo kanpé yap di mou-n sa a bétiz, pa gen yon comgni assurance ki pou chargé mou-n yo correctement, léta pran yon ti kras l'arjan nan men nou pou assurance ki paka payé back yon bon marchine,
ki ran-n ké bagay yo pi di, lè yo frapé yon mou-n mwen kwè sé chaufè sa a ki résponsable pou payé médicaman ou fè entèman, si mou-n sa pa gen l'argent li mélé, koté sèvo chèf déta sa yo yé, men-m sak fè pèp la vi-n pi enrajé, yo déjà pa ka manjé épi pou yon chaufè marchine ou motocyclette vi-n lagé yo nan plis problèm yap manjé-w.

Mézanmi pa di sé ventre mwen ki chargé ak tròp pieds poules nan Canada ki fè map palé konsa a, mwen partajé sa yo soutou ak jèn diaspora yo ki poko kon-n Haïti. Nou vlé condi marchine en Haïti assuré nou byen ké nou gen asé l'arjan nan pòche nou pou défan-n tèt nou, sa pralé byen tout au tan nou pa jan-m fè accident.

Mwen pa caché di nou sa, nou gen yon ti marchine Toyota 1994; tout papyé en règle ak tout assurance mwen pa jan-m roulé li, map conduire marchine au Canada depui en 1993-2014; mwen pa jan-m fè accident pou-m frapé men-m yon poule.

A koze vyé bagay dézòd sa yo kap fèt an Haïti yo et nou gen dwa pa gen yon l'argent paré pou na-l men-nen mou-n l'hopital ou pou entéré mou-n nap roule lil lè nou prè pou sa, fè attention.

Sé pou sa map kontinyé attaké mou-n candida sa yo, sé fòt yo men gen Bondyé, lap pran note ak frèt kòdé li nan men li pou-l manyin man-m méchan yo.

Yon jou gran-m matin, yon chauffè maléré tap conduire marchine pou yon compani, pendan li tap conduire marchine sa a li té frapé yon marchine yon lòt mou-n, men marchine sé té tou neuf et marchine sa a té gen yin chauffè a ak tout yon pitit fille li, alors si mwen menti pardoné mwen Bondyé sé yon group mou-n ki tap expliké en Haïti, chaufè sa ki té frapé bèl machine non-m nan té désan-n marchine li pou té mandé-l éskiz par ce ké li pa tap gen l'argent pou-l réparé marchine neuf lòt chaufè a; lè chaufè a té parèt bò koté li, mèt marchine neuf la di li pa parlé avek li sé konsa li té ralé révolvè li et li bay maléré sa a 2 bals nan trou zòrèy li.

Mézanmi èské nou kap kontinyé ap aksépté coco-rate san experience et san okin-n éducation vi-n fè tintin nan payi d'Hait?

Gardé Jean Bertrand Aristide ki di ké li parlé 7 langues ki plen éducation gardé sa li rémèt, tout sé konsékans malvéyan, nan gran payi dévlopé yo, mou-n yo trè méchan tou, si nou ka wè ké yap marié garson ak garson; fille ak fille nanpren bagay yo pap fè malgré sa yo pa nan éta mizérable sa yo.

Finaleman si yon Prézidan pa ka wè bagay sa yo pou fixé li ké Bondyé voyé yon bon Chrétyen pou dévlopé Haiti correctement.

Ké Bondyé béni tout bon Chrétyen yo et détrui tout kriminèl yo.

Patrick Princivil, July 8 2014, 4:52 PM

REPLY   Next >

 

Topic: Haiti Agriculture - Plante vegetable nan bwa bannan - Yon lide Haitien ka itilize

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Se afe bouki, se pa afe ti-malis! Se be-bel, se pedi tan, se pa pwatik, se pa pwodiktf, se pa wantab, se pa ekonomik. Se moune kap joue atistikman... read more >
Paul Dja, 8-Jul-14 12:42 pm
Oh! Oh! Mezanmi se pa deux kontan-m kontan! Mwen apran-n yon nouvo bagay mwen pat jan-m kon-nen, jodi a mwen santi-m fiere de mou-n sa a ki partaje... read more >
Patrick Princivil, 8-Jul-14 4:52 pm
oh se yon bel experians mw viv la mesi anpil pou moun ki pataje enfomasyon sa, read more >
Hans, 17-Sep-16 11:20 am

 

< Previous | Home | Next >