Pere JJ sete yon bon kompatriyot, li te rimin pe ayisyin ak...
< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 2965
Pere JJ sete yon bon kompatriyot, li te rimin pe ayisyin ak tout ke-l li aprouve sa anpil fwa. Travay pere J.J. fe nan kominote nou-an m-pa kwe gin moun kap jan-m ka ramplase-l. Se yon gran ped lanmo sa-a ye pou kominote nou-an. Sa ki fe mouin plis apresye pere J.J se amou ke-l te ginyin pou prochin, li pa-t jan-m santi li tro pou frate zepol li ak moun ki pat konn li, moun ki pa konn pale, kelkeswa jan moun nan te ye sot bet edike iletre pere .J.J. respekte tout moun. Se tel Non-m ke te sevi kominote-a ki pat we tet li ak lajan avan pep ayisyin-an. Pere J.J sevi kominote-a ak tout sa BonDieu te ba li, amou, tamperans, Konesans li, umilite, pasyians, enegi, e san magouy ah wi li pat gin okinn magouy li te we e li te toujou pote fado pep la sou do-l. Kwak li mouri Nonm sa-a ki te rele Gerad Jea Juste merite tout repe non selman nan kominote ayisyian-an min tout moun ki te konnin li me-t chapo ba pou pere Jean Juste.
Mizeliah, May 30 2009, 8:04 PM
Topic: Father Gerard Jean-Juste Dead at 62
Start a NEW topic or,
Jump to
previous | Next Topic >
< Previous | Home | Next >
Messages in this topic
< Previous | Home | Next >