JISTIS POU AYITI, Se avek pawol sa nou pral pote plent devan

Related Article
Bringing attention to The assassination of Haitian president Jovenel Moise was a well-funded operation, al-jazeera reports, JISTIS POU AYITI,
Se avek pawol sa nou pral pote plent devan Tribinal intènasyonal Jistis la, pi gwo Tribinal intènasyonal ki gen nan mond lan sou koze asasina chef leta peyi Dayiti a nan dat 7 Jiyè 2021. url removed Pou bon jan envestigasyon fèt e jije tout konplis yo nap mete anba kòd kabinè prezidan an ak sekirite prezidansyèl la. Nap mete anba kòd chèf opozisyon gouvenman an ak tout akolit li yo, epi nap mande retire iminite tout prezidan lòt peyi yo ak diplomat yo ki patisipe nan konplo a pou yo vin reponn kesyon lajistis nan lakou siprèm Intènasyonal la. Lemond konnen nou se pitit 1804, yo jalou e yo vle elimine nasyon an, yo vyole souverennte nasyonal la plizye fwa, e fwa sa yo ale two lwen, donk nou revolte.
Sonje Linite te pèmèt Ayiti libere anba esklavaj, malerezman divizyon lakòz yo asasine chèf leta peyi a, kidonk annou pran konsyans jodi a menm, annou ini nou yon lòt fwa ankò pou nou jwenn Jistis pou Ayiti devan Lakou Siprèm Intènasyonal la, e konsa nap trase yon egzanp devan lemonnantye pou derespektan sa pa janm refèt ankò.
JISTIS POU AYITI !
The topic is: The assassination of Haitian president Jovenel Moise was a well-funded operation, al-jazeera reports
This is a reply to Msg 22379
Posted by Jistis Pou Ayiti on July 13 2021 at 3:44 PM
REPLY to message OR...
Responses
JISTIS POU AYITI, Se avek pawol sa nou pral pote plent devan Tribinal intènasyonal Jistis la, pi gwo Tribinal intènasyonal ki gen nan more »
JUSTICE FOR HAITI, It is with this word that we will file a complaint before the International Court of Justice, the highest international more »
The Haitian people need to start taking care of Haiti, and stop waiting for hand out. I was hoping to go back to Haiti and retired. That will more »