Ahhhhh! Mwen santim trè eksité poum bay opinionm sou...
< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 14151
Ahhhhh! Mwen santim trè eksité poum bay opinionm sou kozé sa a,
Mwen vlé pou Prézidan Martelly trè klè avèk nou sou dosié sa a.
Prézidan Martelly pap janm konpran poukisa paskél pa pitit sòyèt, sé nou menm nèg nwè, klas pòv la, pitit sòyèt la ki kon tout vyé mizè grangou pied a tè.
Klas mulat pap janm rivé kon sa pòv Haitien andiré e sa yap kontinyé andiré, sé sak fè lap pozé jan de késyon sa yo.
Mwen pa kwè gen yon moun ki ta renmen rét nan mizè grangou, toutou ni, Kay paka péyé sil pa fou, lè yon moun lévé les maten nou pa kon kijan nou pral manjé yon bout maïs moulen, mwen pa kwè Prézidan Martelly pasé nan bagay sa yo. Sé pou sa anpil ladan van manman yo, papa yo, pitit, madanm yo, mari yo ak zanmi yo nan dyab pou yo fonksyoné; yal pran pwen nan men dyab pou yo ka gen lavi miyò.
Kòmansé 23 Desam jiska 6 Janvié ké Haitien rélé lè Rois, manman pitit sé pwal maré vant, papa pitit sé pwal maré senti paské kabrit 2 pieds, bèf 2 pieds, cochon 2 pieds avèk tout lòt bèt volay ak gro figi pral pèdi lavi yo; dyab la pral kontinyé sousé sang anpil ougan, mason-lòj, lougarou sanpwèl, fo pastè, fo prèt catolik yo avèk fo mè catolik ak vodouyizan yo.
Sé pap fini, bagay madigra ak kanaval sa a sé ankò pirèd: vakabon pral pran kout jilèt bouyi, kout fo pwen, kout fren, kout kouto, bal nan tou bouda moun, kout pwanya, vakabon bwè kléren lè yo pagen chwa: lè yo fin lagé mariguana a ak krak la nan tèt yo chak 2 heures de tan fò yo jwen byè, ginès ki van $10 chak pou yo mét nan tèt yo. Habitan an ap rédi travay nan jaden pou yon ti plat manjé ak $10 Haitien pa jour pou yal nouri fanmi yo, ti jèn yo fini lékòl yo, yo paka jwen travay pou yo fè.
Bagay ki rélé maché mou ap acheté bèf ak kochon ak kabrit, bourik, cheval, mulèt ap avansé sou moun e pagen wout pa bwa, janl pasél pasé, sé pou vyé aktivité sa yo ki fè Haïtien ap kouri dèyè lavi miyò lòt koté, méchan yo foyé tou yo e yo tonbé nan pròp trou yo.
Pa fot de konésans si nou pa véyé zo nou lè blan zyé vèt bézwen vin pran jar yo ké blan Français té kouri kité an Haiti yo, yo ka antré anba lanmè an Haiti al lansé misil sou Haiti anba lanmè a pou fè tranbléman de tè ak inondasyon jis pou krazé nou vin pran sa nou gen yen. Pa bliyé sa! jar Blan Français yo té fè ésclav yo fouyé trou pou mét jar sa yo e li té touyé yo mét sou jar sa yo kòm yon pwen de repair, sa vlé di a chak fwa yap fouyé trou sa yo e yo jwen yon eskèlèt mò anba tè a konnen jar pa lwen, sé sa gouvernman zyé vèt yo ap chaché pou yal péyé bill yo.
Kandida rat pa kaka yo!
An nou pa kité dyab fini avèk nou e avèk pèp Haitien an pou vyé fèy dola vèt ki gen poul pasé trè biento, nou pa pral nan tonbo a ak anyen, trè biento dyab la pral koupé kou nou si nou pa konvèti.
Vin jwen sovè a sans inquiétid.
Ké Bondyé béni nou
Patrick Princivil, November 23 2014, 12:09 PM
Topic: Poukisa Haitiens pa genyen Passport CARICOM?
Start a NEW topic or,
Jump to
previous | Next Topic >
< Previous | Home | Next >
Messages in this topic
< Previous | Home | Next >